Edukasion ti haitien 'an se li ki dwe priorite 'a

Partage entre internautes
Répondre
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Edukasion ti haitien 'an se li ki dwe priorite 'a

Message par kenn »

Edukasion ti haitien 'an se li ki ava menne haiti nan yon lot nivo

Yon nivo ki ava pi ro pase demagoji epi propagand


Me ki jan ou vle moute edukasion leur ou pa gen mwayen pou ou moute chodier ?

Ki jan ou vle kapab moute chodier leur ou pa ka jwenn travay ?

Prier epi kri sa pa fet seulman pou nek bondieu ka tande

Pandan milion moun ape viv amba twel kloure -- yon pil lot ape viv nan istwer

Si espwa pa sou tou pre malere oblije ale la kot posibilite ye -- kite gro djole blabla antre yo

Chanjman pa janme menne chanjman kay haitien e sa gen leur se yon lwa ki sou rout vin naturel

Chak jenerasion gen mision a li ki pa ka kenn a pies lot jenerasion -- kombie jenerasion echek nou fin tini ?

Si haitien pa vle delivre haitien nan aksion a yo -- se keu yo kondane haitien ak aksion a yo
KENN
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Re: Edukasion ti haitien 'an se li ki dwe priorite 'a

Message par kelita »

nou kapab di sou kesyon sa, ke ledikasyon se kle devlopman e sa se nan kelkeswa sosyete a. Nan peyi dayiti, genyen anpil timoun ki pa ka al lekol rezon, sè ke anpil paran menm lè yo gen anvi pa gen mwayen voye pitit yo lekol e se potèt sa nou wè yon bann timoun lage nan lari a ap mande, genyen sa yo ki blije ap vann yon seri de ti komès tankou sachè dlo glase, gen lòt ki genyen yon ti laye nan men yo tifi tankou tigason.

Gen lekol, men sa ki genyen an pa ase e gen lot se lekol bolet yo ye ki pa gen bon pwofesè fòme pou edike timoun yo e se sa ki konn lakoz nan ekzamen bakaloreya anpil timoun pa pase. Gen lekol leta, men yo pa byen ekipe, timoun yo pil sou pil koman pou yon timoun rive aprann nan kondisyon sa? lekol ki gen plis repitasyon simaye bon jan ledikasyon yo pa anpil nou ka site pou pi si lekol kongreganis yo, men genyen ladan yo ki tro chè, yon paran ki pap travay ou byen kap touche yon grapday ou byen tou kap degage nan yon ti komès pa ka mete nan tèt li pou l'al mete pitit li nan lekol sa yo.

Le konsa yo oblije al mete timoun nan nan ninpot ki lekol kap ofri bous oubyen kap pwomet lot ed ak paran yo. e leta ki chita la ap gade koman sistem nan ap degringole chak ane ki pase e yo pa teni kont oubyen yo pran poz yo pa wè ke se peyi a kap deperi , se timoun yo, jèn yo ki se lavni peyi a kap peye sa yo pa dwe ak yon leta ki nan anyen pa janm pran rekonsabilite'l nan anyen.

Toutotan yo pa travay pou konbat lamizè, toutotan yo pa travay pou yo mete tèt yo ansanm pou remete peyi sa sou de pye, nan bay bon jan ledikasyon ak timoun yo ak jen yo ki se kouch ki pi majoritè nan peyi a, ayiti fèk kare dèyè kamyonèt la ap rele yogann
Répondre