yon rèl pou reveye konsyans nou

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon rèl pou reveye konsyans nou

Message par kelita »

28 novanm 2010, se dat ki fikse pou yon lòt fwa ankò eleksyon fèt nan peyi a. Yon peyi ki finn kraze, yon pèp kap depafini, yon jenès ki avili, yon nasyon kote li pase ki pa gen renmen, yon nasyon ki meprize,, voye jete tankou pil fatra. Yon nasyon yo bay tout chay pote.

Apre 12 janvye sitiyasyon nou vinn pi plis toujou konplike. Nou plis ekspoze, move tan , epidemi, tout kalite maladi tonbe sou nou, tiye nou, kokobe nou. Nou pa gen rele, nou pa gen reponn, yon bann moun anba tant ap viv nan move kondisyon nou pa bezwen pale, dayè, se pa sou douz janvye poun chita ap lonje dwèt di se li ki responsab, depi anvan dat senbolik sa pèp ayisyen an te deja ap andire tout kalite soufrans, ap vale ak gwo gout nan gagann tout kalite wont.

Douz janvye vinn fèn wè pi plis toujou nan ki eta ke nou ye pou nou pran konsyans ke bagay yo pa ka rete konsa, fòk nou tout , nou chak pran konsyans ke peyi a menase, ke Ayiti anba gwo danje, ke se men poun mete pou youn aprann konprann lòt, pou youn aprann tande lòt, pou youn aprann chita dyaloge ak lòt, pou youn aprann sipote lòt, pou youn aprann respekte lòt la, youn aprann renmen lòt la pou sa li ye, sa’l reprezante,valè li genyen paske se moun li ye.

Nan peyi dayiti moun pa pran moun pou moun, moun pa konsidere moun, moun pa aprann renmen moun, moun pa aprann konprann valè moun, moun pa apresye moun sinon pou sa moun nan posede ke yo wè yo ka yon fason oubyen yon lòt eksplwate, moun pa respekte moun.

Se yon sosyete gran manjè, se yon sosyete eksplwatè, se yon sosyete chimè, se yon sosyete tèt anba, yon sosyete tout bagay a lanvè, e se kiyès kap vinn chanje sa? Nou pa konnen.

Men sa nou konnen sè ke toutotan se grapji, se ipokrizi, se mechanste, se koripsyon, se eksplwatasyon, se enjistis, se vòlè, se raketè, se enjistis ak enpinite kap feraye nan plas respè, jistis ak vrè demokrasi a kote tout ayisyen wè ke dwa yo respekte, se pa yon ti ponyen kap rejwi epi majorite pèp la nan grangou, chomaj, anyen, anyen pap janm chanje tout bon vre nan peyi sa.

Toutotan se ranmase plen poch, pran pouvwa pou fè lalwa ki an favè sèlman yon pòsyon, se pa enterè kolektif ki pase an premye, men se enterè pèsonèl yon gwoup, yon antite, yon pòsyon, yon pati ki pase an premye anyen, anyen pap janm chanje tout bon vre nan peyi sa.

Vote se yon dwa, se yon devwa sivik, se chwazi nou pral chwazi yon moun, yon gwoup moun pou dirije yon peyi, yon pèp, yon nasyon ki di li granmoun men ki pa gen chans paske depi plis ke desanzan li endepandan, yon endepandans ki antrave, anfouye anba dekonm san kè, san konsyans yon bann dirijan ki pa gen kran, ki san lespri, ki pa gen kapasite pou pran desizyon an favè yon pèp ki finn deperi.

Depi milwisankat jiska jounen jodi, yon bann kandida defile tankou aktè nan sinema, san gran glwa, yo echwe, Ayiti pi anfouye. 28 novanm, pèp la konvoke pou l’al vote, anpil pawòl ap pale, anpil pwomès, men nou finn pa abitye ak diskou ki pa kenbe sa yo.

Sèl espwa pèp sa e li pwouve l se sel Bondye ki ka tout bon vre bal repons nan kalamite, soufrans, tèt chaje lap andire, paske Ayiti se peyi Bondye, pèp Ayisyen se pèp Bondye se sel li ki ka bal lespwa ke yon jou tout demagoji, tout konplo va fini pou ayiti renouvle, rebati, rekonstwi.

Li lè, li tan poun reveye konsyans nou ki gen lontan ap dòmi nan tou fè nwa poun wè kilès tout bon vre ki pou nou e kilès kap blofe nou. E nou menm pèp ayisyen sispann pou laplipa nan nou vann diyite nou, konsyans nou pou degouden ki pap regle anyen pou nou, 1oo goud, 200 goud, 500 goud pa ka regle anyen pou nou, sispann fè wè grangou nou, mizè nou, kenbe diyite nou, se sou sa tou yo mize pou fè nou poze zak ki pap bon pou nou, ni pou fanmi nou, ni pou peyi nou, sispann vote pou regle sèlman zafè pèsonèl nou.

Nou dwe vote paske nou kwè nan chanjman, nan demokrasi, nan devlopman. Nou dwe vote moun ki kapab, moun ki kwè ke gen espwa pou ayiti reprann wout li, yon wout libète zanset nou yo te trase, libète nan egalite san fòs kote, egalite nan fratenite san prejije, paske nou tout se pitit menm papa, menm manman. Fratènite , sispann chirepit, sispann kite moun divize nou epi pou yo al chita ri nou. Nou dwe kontinye batay jouk nan bout poun sove peyi sa. E pou sa nou dwe aprann tande, aprann konprann, aprann pran konsyans.

Mikelita Jean
membre des Defenseurs Sans Frontières des Droits humains
Répondre