vètyè, nou sonje

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

vètyè, nou sonje

Message par kelita »

zanset nou yo te fè krèt a pyewo, bit charye,
18 novanm 1803 yo fè vètyè Yo te goumen pou ba nou libète.
Ak swe yo, ak san yo, yo te mache kontre ak lespwa, diyite, onè,
respè tout sa ki tap fè yo pè
e yo te genyen batay la. 1 er janvye 1804 yo pwoklame endepandans d'Ayiti.

28 novanm 2010, yon lot fwa, eleksyon toupatou nan peyi a.
pèp la pa janm sispann vote
e poutan anyen serye pa janm regle
Edikasyon, travay, sante, manifeste pou lavichè bese,
okenn nan doleyans sa yo pa janm respekte
e lavil vinn pi an danje apre 12 janvye.
anpil pwomes san zakonpli,
<sa ap bon tout bon>
<gen lespwa>
<nou pral chanje sa>
nou pral <rekonstwi peyi a>

Kilès tout bon vre ki gen kran
tankou zanset nou yo ki ka chanje sa?
kiles ki ka pote lespwa pou peyia,
jenès la, timoun yo kap soufri?
kiles ki ka rekonstwi san demagoji?
kiles ki ka redrese eskanp figi Ayiti?
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: vètyè, nou sonje

Message par kenn »

Ultim batay antre fors kreol epi fors kolon sou teritwer ki te ka rele saint-domingue la. Faktuelman, se peutet seul obien dernie goumen ki gen yon sans serieu ki fin fet sou ter haitien 'an. Pourtan an 2010, ki sans aktuel sa ka kembe ba jenerasion ki pa bouke boule ak yon patri ki kazi pa yonn leur ou ka kompare y ak kek lot ki nan serk a y e ki pa tini 206 ane endepandans politik ?
KENN
Répondre