9 - Yon latriye bravo ...

Partage entre internautes
Répondre
Potomitan
Moderator
Moderator
Messages : 200
Inscription : vendredi 09 juillet 2004 16:18
Contact :

9 - Yon latriye bravo ...

Message par Potomitan »

Boston, 2 me 2004

Yon latriye bravo pou Raphaël Confiant!

M ap suiv travay ou kèk tan sou kreyòl. Ou pa rete sèlman nan ekri liv, men ou panse a devlopman kreyòl la sou plizyè ang. Apre chenn kontriksyon KAPES KREYÒL ou layite sou granchimen savwa a (entènèt la), ou ale pi lwen toujou pou fè n kado yon kokenn diksyonè sou kreyòl Lamatik.

Travay ou non sèlman se yon modèl pou tout kreyolis nan lemonn, men tou se yon bwalong (tyalenj) pou lòt kreyolis aprann layite travay pa yo sou granchimen savwa a dekwa pou zòt li yo, aprann plis de kilti kreyòl e pou fè yon konbit kreyòl manch long pou respè tout lang ak kilti kreyòl sou latè.

Mwen woule tanbou, souble banbou, klewonnen, bat bravo ankourajman pou travay w ap fè a.

E. W. Védrine,

Redaktè an chef E.W. Védrine Creole Project
Potomitan
Moderator
Moderator
Messages : 200
Inscription : vendredi 09 juillet 2004 16:18
Contact :

9

Message par Potomitan »

Mwen tou, zanmi-kanmarad, m-ap suiv tout lo bel travay-la ou ap fè a pou pèmet lang zanset-nou alé pli douvan. Kon pwoveb-la ap di, "sé ti grenn diri ka plen sak" kivédi pli nou ké mété grenn diri kréyol adan sak kréyol la, pli nou ké réyisi ba lang-lan valè-a i mérité a.

Gen oun bagay ki enpowtan tou : sé kè fo tout kréyolis oliwon latè-a sanblé, fo yo travay bra-dan-bra osinon tout féò-nou ké déchèpiyé.

Mèsi anpil !

Raphaël Confiant
Répondre