Ès ke Haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Partage entre internautes
Répondre
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Ès ke Haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Message par kenn »

Lè nou fin garde ki jan 12 janvie 2010 demoutre nou ke san port-au-prince se konm si pa te gen piès Haiti. Nou dwe mande nou si haiti pa fin yon jan tro santralize.Istorikman Haiti te yon peyi kot provens istorik nor, sud, sant te konn fonksionne yonn san lot, duran 19 em siek la. Yon bagay ki ben paret totalman emposib alerkile, lè nou malerezman konstate ke piès lot rejion pa te sa' porte sekou ba Port-au-prince, o jou malè 'a te fin frape 'a.
Dernière modification par kenn le mardi 20 avril 2010 15:34, modifié 1 fois.
KENN
KALABASH
New entry
New entry
Messages : 4
Inscription : vendredi 16 avril 2010 15:56

Re: Ès ke haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Message par KALABASH »

yo... Kenn
mwen nouvo asi poto
é mwen ka èché moun ki vlé lyennné si ou dakô mwen dakô
mwen sé nèg karikéra
ka sa vlé di lè ou ka di sentralizè
Tchè sé sèwvo a l'espwi... a nenm!
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Ès ke haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Message par kenn »

H :lol: oneur ek bienvenu ba wou KALABASH

Mon ka idantifie kreol a w' kon ta a moun Guadeloupe. Santralize , nan okurans lasa lienne epi situasion gouvernans a peyi Haiti ola ke tout buten kazi rasamble nan yonn vil e rès peyi la ka depann kazi totalman ova kote ki se potomitan la.

Ou ké di mwen si ou kompwann kreol Haiti on bren!

Respek!
KENN
KALABASH
New entry
New entry
Messages : 4
Inscription : vendredi 16 avril 2010 15:56

Re: Ès ke Haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Message par KALABASH »

oui...
mwen konpwen sa ou ka di minm si mwen pa maké'y ni palé'y
sé vré mwen pa ka konpwen gouvènens haïti
pétèt kè sa ou ka di la pa lwen réalité a sa mwen ka ten'n é sa en vwè
fô haïtien véyé sa ki ka pasé sa bien dè suiv sa ki ka pasé en pay'aw
Haitï ni on chens dè rèkonstwi'y pa kité sinj pwen zôt pou makac
Rasenblé é réfléchi si ki jen zôt vlé vwè Haitï dèmin
Pani si lonten ki sa On Vayen Nonm fè nou vwè ki jen pou nou travaye lè nou bizwen fè lidé en nou pasé jen nou ka vwè dèmin
en ka pensé y lésé on tras on chimin kôsiè kon nou ké di Karikéra mé si nou mété'y on menniè Karaïb'la nou ké di chimin kann
In bin... bien mèsi pou répons'aw
Tchè sé sèwvo a l'espwi... a nenm!
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Re: Ès ke Haiti se yon peyi ki tro santralize ?

Message par edpoete »

Dans la vie, il importe peu d'être un homme ayant beaucoup de succès financier mais de préférence d'être un homme qui possède de grandes valeurs humaines et morales.

Its better in life not to be a man of financial success rather to be a man of high moral and ethical values.

Albert Einstein

bellaayiitii@yahoo.com:

AYITI GEN SOLISYON
Pwoblèm yo tap ka rezoud an Ayiti, si Ayisyen te aprann yon leson osinon pawòl ki gen anpil gwo bon sans Karl Marx te di : Pa janm soulve yon pwoblem kesyon si wou pa genyen solisyon. Men an Ayiti deba pou deba jis pou voye monte, deba branhany ki pap janm fè pitit, deba pou enterè pòch kote chak moun ap preche pou chapèl pa yo, deba pou fè medizanz pale moun mal vyè kritik destriksyon, deba pou pwente dwèt sou lot pou yo zot ale pèsekite, deba san pwopozisyon solisyon, deba chèk san pwovizyon, deba goumen pou plas fè revolisyon nan palè, deba dezè te sèk, deba esteril, enfètil ki pap janm Mennen pyes kote.
Se pa solisyon pwoblem peyi Ayiti pa genyen. Dayè sou pwen sa a Albert Einstein dit : Yon pwoblèm san solisyon, se yon pwoblèm ki mal poze. An Ayiti, entèlekstyèl yo ki refize ofri solisyon pandan yap kritike pou soulve pèp pou ale goumen ranvese gouvènman, montre yo pa gen pyès sans responsabilite lakay yo. E si pwoblèm peyi Ayiti pa rezoud deja, kote Perles Des Antilles vini Pelle des Antilles, iresponsabilite sa a kontribue anpil nan sa. Iresponsabilite sa a manifeste nan plizyè fason selon plisyè atitid. Dabò paske moun sa yo pa genyen lojik ni konsyans ki fè yo panse solisyon nan chak pwoblèm ki poze ou prezante devan yo. Yo prefere ap tounen otou anron fè lavironndede. Yo pa gen pyès atitid revolisyonè pou transfòme, transande, revolisyone, entegre, rezoud. Moun sa yo se reyaksyonè, yo pito reyaji devan problèm olye yo chèche rezoud pou solisyon ki dirab. Yo pa gen pasyans ni sajès pou sa. Tout atitid ki pa revolisyonè devan pwoblèm, pap mennen pyès kote, yo nil, yo initil, yo fè zero bare osinon yo nuizib. Men kouman reyaksyonè yo konpòte yo :
1) Reyaksyon sanguinè konsèvatè NEGASYONIS yo : koupe jete pou pirifye lemoun
2) Reyaksyon prejije ògeye SEKTARIS rejete moun atè, twaze moun, pou fè tuilititi, di yosiperyè plis ke lòt moun, chèche fè wè se yo ki pi bon ke lòt, tuilititi konsevatè degrenn gòch ki kwè nan no contact, padkontak yon fason pou fè reye eksklizyon pou regle pwòp zafè yo
3) Reyaksyon prejije manfouben yo ki remèt demisyon, ki fè kòm si yo pa wè, ki kwè nan zafè kabrit pa zafè mouton, se lèt mwen vin bwè, mwen pa vin konte ti bèf nan pak pòtrèl
4) Reyaksyon prejije sòsye ki di se mal li te fè lap peye, se bondye menm kap pini li, yo menm tire juisans plezi nan doulè soufrans malè lòt moun ap andire. Moun ki kwè nan li jwenn sa li merite, sabon pou li.
5) Reyaksyon prejije defetis yo ki kwè sa pap janm chanje, ki di depi lontan sa te toujou konsa, mwen pa ka chanje lemoun, bagay sa a pa gen solisyon.
6) Reyaksyon prejije fatalis nayif ki di sa va chanje yon jou, bondye bon, yon jou pou chasè, yon pou jibye, ki rete chita san fè anyen, chita tann lamàn disyèl, mirak papa bondye, osinon yap tann kapris tan nan lavni pou chanje bagay yo pou yo.
7) Reyaksyon granmanjè ki wè juisans plezi yo sèlman, ki pa vle chanje anyen pou yo pa pedi pouvwa ak privilej yo, ki prefere mare kòd lonbrit yo sere ak magouyè pou fè entrig pou gade plas ak pouvwa nan konplisite gwoup zanmi kliyentèl egoyis. Yo kwè nan ranvèse gouvènman pou chanje plas ak pozisyon lè yo pa nan pouvwa.
Reyaksyon prejije sa yo kondane lakay yo tout sajès ki se : atitid lespri pou reflechi sou konsekans zak ak prandispozyon nesesè yon fason pou evite erè, domaj ak malè. Yo gen istoua anmenm tan yo san istoua, paske yo pa gen memwa pou sonje erè pase. Konsa vi se yon etènel repetisyon ki genyen pou rezilta: erè ak echèk


LANMORT HOUGAN HALAOU
HALAOU se te yon chèf bann esklav revòlte ki te Hougan, pou kisa kriminèl yo te touye Misye.

Paske misye te anvi konnenn Sonthonax ki te dekrete afranchisman jeneral tout esklav yo, Guyambois te fè misye wè Sonthonax, ki chita sou menm tab ak Halaou pou manje andedan palè gouvenman. Sonhonax te pale ak misye nan zorèy. Poutèt sa, milat yo di Sonthonax konfye Halou misyon pou touye Bauvais. Nan tèt milat yo Halaou se eleman danjere pou lòd piblik, moun nan tout vil la paske misye se Hougan ki kwè nan sipèstisyon, sotilèj maji. Enben jalouzi ak rimè YODI sou projè asasina Bauvais, nan yon konplo politik te touye Halaou.
Se konsa, Milat Montbrun, Pinchinat, Drouillard, Marc Borno ki te pran panik ak rimè projè lanmò Bauvais te pase alaksyon, yo tout te dakò ansanm pou touye Halaou. Kòm Bauvais te envite Halaou manje lakay li, Marc Borno otorize sèjan nwa Phelippaux, pase li lòd pou antre andedan kay la pou touye Halaou. Phelippaux antre li tire Halaou ak de lòt patizan Halaou sou tab Kay liètnan kolonèl Bauvais.

Dabò, twa krim sa yo pi grav 1000 fwa plis, ke senp zak sipèstisyon sotilèj, ki se jwèt ti moun pitit. Tout moun sa yo se te kretyen yo te ye. Eske Bondye bay kretyen dwa pou detui lavi moun. Antouka, menm lè yo te sou panik, yo pèdi bon sans moral yo. San dout yo adopte yon moral pènisye ki kwè nan nan mal pou arete mal, touye moun kap fe mal. Yo rele sa obsesyon, demezi. Antouka moral ki jis la se moral ki anseye l’Art du bien dans l’abstention au mal.
Banm menm yon sèl pasaj nan 4 evanjil jezi (Marc, Mathieu, Luc, Jean) kote jezi te voye yon frè ale touye yon lòt frè. Si yon moun pa ka jwenn menm yonn, moun kretyen sa yo ki te Touye Halaou a se fo fo fo kretyen yo te ye, paske Jezi anseye Padon, men jammen vanjans. Lè foul te vye touye fanm yo te kenbe nan adiltè ya, Jezi te : si gen yon moun ki kwè li san peche, bay premye kout ròch la. Tout foul te dispèse. Konsa Jezi fanm adiltè ya, ale peche wou padone, men pa janm peche ankò. Mwen se ketyen tou, se nan pawòl Jezi mwen kwè, men nan pawòl vanjans

FO KRETYEN


Edner Saint Amour
Répondre