JENI INIVÈSÈL AYISYEN

Partage entre internautes
Répondre
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

JENI INIVÈSÈL AYISYEN

Message par edpoete »

JENI INIVÈSÈL AYISYEN
Nan kout refleksyon sosyete ka fanmiy ayisyen mwen tonbe sou definisyon lòm ki trè jenyal ki kapab sèvi fondman pou tout yon kouran panse filozofi lavi. Mwen jwen definisyon sa a nan kesyon paran konn poze timoun lè li mal fè yon bagay li te ba li fè. Lè wou mete kesyon an nan fòm afimatif wou jwenn tout yon trezò. Lè yon ti moun mal ekzekite yon tach travay li gen pou fè, paran di ou mande li kote lespri wou ye? Enben lè wou chèche zo nan kalalou analize kesyon nan profondè li, nan anpil fasèt wou kapab wè ak konprann ke paran ayisyen, analfabèt kon save, moun andeyò kon lavil kiltive yon sajès kote li defini lòm kòm prezans lespri osinon prezans konsyans. Nan tèt paran an si lespri ti moun te la li tap fè travay byen, li pa tap fè erè. Donk se lespri kif è moun prezan, se konsyans kif è moun prezan. Moun se prezans konsyan lespri. Yon definisyon ki depase tout definisyon gwo savan, gwo filozof, teyis ou ateyis. Nan definisyon sa a mwen wè sajès yon lespri jeneral, inivèsèl.
Lè sipèstisyon pale de lougarou djab kote moun lòm gen pouvwa pou tounen ròch, pyebwa, bèt, zany, se istwa bouyon tchaka chaje kontradiksyon, disonans, dezòd, anachi ki inyore tout sa ki rele irediktibilite, enposibilite, posibilite nan yon banbòch devègonde lespri ki mennen nan konfisyon ilizyon, fiksyon moun konsome nan fouchèt mistifikasyon. La mwen pa wè pyes mak jeni lespri.
Lè maji fè konprann ak yon bagèt mete ak yon priyè orezon moun kapab fè bèt pale, pyebwa mache, ròch danse, yon fanm tonbe damou pou yon nèg li pa te renmen, lè relijion di wou ke avèk lafwa wou kapab fèt tout montay deplase, mwen pa wè pyès mak jeni lespri.
Lè maji ak relijion fè konprann limit, irediktibilite enposibilite pa ekziste kote konfisyon fè lòm gen foli bèt mache sou kat pat voye de pye anlè tankou cheval anfe nan savann osinon konfizyon kif è lòm gen foli zany bondye vole kon zwazo kite latè ale nan syèl, eksè demezi obsesyon konpilsyon banbòch dezòd lespri pèdi nan monn nuaj fije, tout sa ki kontrè ak prensip lwa sajès ekilib, balans, moderasyon poderasyon estabilite, jeneralite, konstans ak repetisyon nan bagay choz matyè kap chanje tout tan, mwen pa wè okenn jeni lespri.

Men lè paran di, pitit kote lespri wou ye, si poze yon gwo kesyon ezistansyèl, inivèsèl, jeneral, ki prezipoze nan lòd afimatif moun ou lòm se prezans konsyans. Pa genyen pyès lòt meyè definisyon ke sa. Yon definsisyon ki koumanse ak yon ti moun yon paran, ki valab pou tout lòt fanmi nan menm peyi ak tout lòt peyi sou latè beni, ki kapab sitiye nan yon kad kosmik, lespas tan, ki annamoni ak lwa natirèl yo ak lespri bondye kreyatè tout bayay nan linivè.
Kesyon ankò se kote lespri wou ye? Sa vle di si wou mal ekzekite tach la, wou fè erè sèke lespri wou pa la, li apsan. Men si wou fè travay byen, lespri la, lespri prezan, moun nan prezan nan li menm, li posede li, sa vle di li konsyan. Lòm moun se prezans konsyan, prezyans lespri konsyan nan lòd espas tan Entèlijans pèmèt konesans men se konysans ki rekonèt konesans ni entèlijans. Konsyans se konnen konnen ki siyifi prezans prezans
Matyè ya prezan men li pa konnnen si li prezan
Pyebwa a prezan men li pa konnen si li prezan
Bèt prezan men li pa konnen si li prezan
Grenn je wè men li pa konnen si li wè
Kè genyen lanmou men li pa konnen si renmen
Se sèl lespri ki konnen tout bagay sa yo gras konsyans ki pèmèt moun konnen, moun prezan. Materyalis onsion ate di lòm moun se matyè konsyan, men paran ayisyen di moun se prezans konsyan. Yon definisyon pli rafine, pli klasik, pli savan menm pli inivèsèl. Kòm nou pa anachis diktatè ki kwè nan abitrè dikta anachi, nap sitiye lòm moun nan kad espas tan san nou pa konfonn divinite ak imanite. Lòm moun se yon prezans konsyan nan lòd espas tan osinon kosmik pa opozisyon ak aprelanmè nou rele lodela ki soti nan mot franse au-delà, ki fòme monn envizib absans, ki se vid, neyan, ryen.
Kòm yo defini Bondye granmèt kòm espri envizib etènel omniprezan, nou kapab di Bondye sèvi po nant monn prezans lespas tan ak monn absans lodela, li prezan nan lespas tan, li prezan nan lodela.
Mwen menm mwen pap di anyen sou lodela paske mwen vle chèche zo nan kalalou ni fè avoka ledjab pou afime yon bagay mwen pa gen pyès fè pou prouve ke se verite. Lodela se yon lye espekilasyon kote tout mou nap voye pawòl pa yo monte. Mwen fè ekonomi rezèv paske mwen konprann ke espekilasyon nan yon monn fije lodela se akrobasi jimnastik mantal serebral pou konstui piramid san poto ni baz fondasyon. Espekilasyon kap pale de twa chevron kay byen defini san janmen montre kote poto ak baz la. Istwa akrobasi majisyen sispandi nan lezè lespas. Lodela se apsans, mwen menm se prezans, se lanmò sèlman ki pou ban verite men lanmò toujou bèbè yo ale nan lodela y opa janm tounen pou ta pote nouvèl. Gen moun kwè nan revelasyon papa Bondye kòmkwa Bondye ta ba yo kèk flachbak sou kouman sa ye nan lodela. Men pyès moun omonn pa pyès prèv de sa, ki ta vle di moun kwè nan lodela kwè zòt sèlman sou pawòl. Yo gen dwa di vrè, yo gen dwa di fo, men mwen menm se pa jij ni avoka nan tribunal absans lodela. Olye mwen panse yon sèl grenn dènye jou lafen ke mwen inyore, mwen prefere pito panse se sik lane mwen genyen pou pase sou latè. Panse chit lafen absans yon sèl jou, map panse sik lavi prezans nan anviron san lane. Map kite nou nan lespri sajès ki chita nan moderasyon, ponderasyon, ekilib, balans, estabilite, konstans, amoni ki se kontrè eksè obsesyon konpilsyon moun kip a kwè nan irediktilite, enposibilite, ni disonans, ni kontradiksyon ki mennen nan konfizyon ilizyon, fiksyon, erè ki defòme pèsonalite sikoloji san nou pa epaye foli.
11 novembre 2009
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: JENI INIVÈSÈL AYISYEN

Message par kenn »

Haitien, se pa jéni sa manke, se rekonnesans. Nou se yon peup jénial ki pa ka rekonnèt sa: tankon yon nonm obien yon fanm ki broder, ki chelber me ki pa ka realize sa.
KENN
ptitemariam
20 Posts
20 Posts
Messages : 29
Inscription : samedi 27 mars 2010 19:35

Re: JENI INIVÈSÈL AYISYEN

Message par ptitemariam »

bon repons lan. nou bezwen kouraj ak fòs. nou ka fè pi bon lavni.
Image
Répondre