Pale kreyòl !

Partage entre internautes
Répondre
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Pale kreyòl !

Message par kelita »

Mwen menm ak ou
Ayisyen ke nou ye
Menm idantite, menm nasyonalite, menm peyi
Nan menm lakou nou grandi
Gen de lane konsa
Ou vinn pati akòz de move lavi
Mwen menm tou apre yon lane mwen kite Ayiti
Nan mache wout nou vinn kwaze
Dèyè fwontyè kay vwazen
Mwen kontan wè ou, vole sou ou, lonje men ba ou, di ou bonjou
Ou reponn mwen <<How are you?>>

Lè sa mwen rete kanpe drèt map gade ou
Sanble ou bliye nou!
Mwen pa finn konprann ou
Ma’p gade ou, wap gade’m
Mwen kòmanse pale ak ou
Epi yon lòt ti moman ou mande’m <<who are you?>>

Ou gen tan bliye’m nan de lane
Ou gen tan bliye si se ayisyen ou ye
Ou gen tan bliye pale lang manman’n ak papa’n kòm eritaj te mouri kite
Ou gen tan bliye lang zansèt nou yo te pale pou 1804 yo bann libète
Ou gen tan bliye ki koulè po nou ye
Ou gen tan bliye si se frè ke nou ye
Ou gen tan bliye peyi ou
Ou gen tan bliye patri ou
Ou gen tan bliye fanmi ou
Ou gen tan bliye zanmi ou
Ou gen tan pèdi idantite
Rasin ou gen tan pèdi pye
Kounouyeya se angle sèlman wap pale
Pale kreyòl frè!
Pale kreyòl sè!
Sispann melanje lang
Pale pou’m konprann
Sispann reponn mwen
How are you? Who are you?
So, what, but
Something, sorry, busy
Angry, tired, whatever
Depi ki lè!
Nou se nèg , nègès lafrik
Po nou nwè, lang nou se kreyòl
Wa’p banm yon bann koze kremòl
Wa’p pale’m yon pakèt pawòl dwòl
Epi olye ou chèche konprann
Ou rale kò’w dèyè, ou di’m
<<Excuse me sir, I don’t know you
You make mistake>>
Lè sa atò mwen gade’ou byen gade
An kreyòl mwen reponn ou
<< Pa gen pwoblèm frè’m, se frè’m ou ye
Menm si an reyalite mwen finn pa konprann ke tout se <<FAKE>>
Répondre