Kreol nordist haitien la obien jan koze a moun Ocap

Partage entre internautes
Répondre
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Kreol nordist haitien la obien jan koze a moun Ocap

Message par kenn »

Ater haitien na pwen on variete a lang kreol la ki pi fasinant pase kreol nordist la. Kantmenmsi 85% haitien pa fouti kompwann li an bon jan lojik a 'y lè on moun ka utilize y nan tout dimansion a 'y.Pour save ki ka etudie kreol, yo sav konstate ke kreol nordist haitien la resamble ampil epi kreol antillais la, espesialman sa a guadeloupe la; on save ki panche ko'y rekman sou kek etud literer sav kontaste ke i se on variete konservater, nan sans ke i konserve on lo partikul ki permet on presizion ki pa paret neseser ba kreol haitien santral la.Pourtan kreol nordist la se yonn ke pies haitien pa ekri si ou fè exepsion de mwenmenm Kenn. Kontrerman avè sa on lo moun ka panse, kreol nordist la regroupe mezi partikul kreol santral la alorske kreol santral gare on lo partikul duran evolusion a 'y, se sa ki vin rann li on jan pi semp alorske sa nordist la ret on jan pi rèk. Aktuelman, i malere ke on chay mo ki utilize nan rejion nor la pô kô rantre nan diksionnè ek tout bann tournur ki prop a rejion sila pa gany bon explikasion nan gramèr kreol ki ka publie depui 30 anne, me sa ki on jan pi deplorab se ke nordist layo pa pwan tan pou fè nou konnet richès a variete kienn a yo la. Se yo, espesialman sa ki pi granmoun layo ki sav fè nou konnèt li nan tout dimansion a 'y pou anrichi kreol a nou ek ede nou mue kompwann kreol antillais la tou.

Yon moun ki vle ekri bouzwen akwennte tout mo ki kapab servi li kit yo kourant kit yo arkayik kit yo klwatre.
KENN
Répondre