Pou avansman lang Kréol

Partage entre internautes
Répondre
Jean Lawouzé
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : lundi 21 février 2005 17:43
Localisation : Montréal
Contact :

Pou avansman lang Kréol

Message par Jean Lawouzé »

[]kouman nou yé,

Nou pap bliyé ké, lang sé yon mwayen dé kominikasiyon yon pèp ki idantifié'l dèké li louvri bouch a li. Fok nou pa bliyé tou, ké lang w sé kazak kilti w.

Ou pa kapab fè respekté kilti w si wmen'm guen whont pou palé lang manmanw. Sé pou tèt sa mwen ankouragé tou't fanmi nan diaspora pou yo montré zanfan yo palé ak ékri kréol kôm sa dwa. si'w pa kapab, inskri yo nan yon san't ou ôganisasiyon ki bay kou Kréol.

Si nou pa fè sa, nap fini pa pèdi kilti nou an ké zansèt yo té goumen pou li. Piga nou bliyé tou ké guen yon ti gwoup moun kap bafwé pèp la avek lot lang pou yo ka toujou eskanmoté yo.

Sé konsa nap fini pa fè responsab yo respekté chwa nou.

Mèsi.
Je vous salue et vous présente mes compliments.
Je trouve que c'est une très bonne initiative pour notre langue vernaculaire (lang manman nou, lang papa nou.) . La communauté haïtienne de Montréal vous en être reconnaissante.
zandoli
20 Posts
20 Posts
Messages : 29
Inscription : jeudi 16 septembre 2004 01:27
Localisation : sainte luce

pou avansman lang kréyol a

Message par zandoli »

bonjou lawousé
Savré fo nou palé kréyol épi tout moun. Kréyol sè an lang . Zot adan an péyi ki ni an lo moun antyié . Fo respekté moun épi lang yo!
Isi a matnik , lang kréyol té pa bon pou palé épi mètlékol té ba an lo séraj lè i ka tann an zélèv palé kréyol. Papa épi Manman té ka ba pinisyion pas lè papa oben manman pati déyè ich yo epi sè kréyol a yo ka palé, lè ich koumansé réponn an kréyol papa'y té ka ba'y an kalot.
Sè pousa zanmi mwen palé krèyol pou di kouyonnad, men palé fwansé pou bagay granbidim.
sa vré, zanmi mwen ka plé kréyol épi fwansé bien. Yo ka palé dé lang épisètout.
pa bliyé, antan lontan, madam ka réponn an moun ki palé kréyol ba 'y "Pa palé kréyol ba mwen, man pa an chen!!"

pwowèb "Pli fèb toujou ni to Pa chaché poutji alé manjé, yo mété chen dewo!"
pwovèb tala matjé anlè primié paj liv térèz léoten " Tré ladivini"
Fo kouté pou tann, f tann pou konprann, fo konprann pou palé
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Message par kenn »

Vansman a lanng nou-an se nan de pla men an-nou li ye , devansman l tou se nan de pla men an-nou li ye .
se nou ki ka parle y se nou ki sav parle y se nou ki konn parle y kidonk se nou ki pou servi avè y an on manniè ki pou ka fè y vanse douvan , i plennen ak potalans nou pa finn ko explwate sou sa na pwen yonn k'ava di sa se pa vre .
se noumenm kon zòtmenm k'ap ekri liv ki pou respekte y nan utilize yon kreyòl kòrèk ki rèk ki swannie
se noumenm kon zòtmenm (vous ) k'ap chante y ki pou chante y bien ban tout sa ki ka koute y
se noumenm kon zòtmenm k'ap travay ki pou utilize y pou nou ka konminike ant nou , annou suspann ret wont koze lanng nou ant noumenm , annou suspann ganny wont parle kreyòl , chante kreyòl , ekri kreyòl , se poukisa pou wounn (on) wont lan ?sa kifè pou wounn wont lan ? ès se pwòp tèt an-nou nou wont òben kreyasion djinn (genie) an-nou ?
nou pa gen pou nou wont dès nou finn ka la , nou dwe aksepte sa nou finn tini , enpi kontunie ave y nan fè y vinn miyò miyò, an sou tout tan k'ava gen tan annou apwann mèzi lòt lanng ki genyen asou latè me se pa nou ki pou bliye kreyòl-la pas se kenn an-nou li ye se sa i le finn nou pa vle wè devansman y se douvansman y nou vle pluto
wounn : on
djinn : genie
devansman : recule
douvansman : avance
KENN
Répondre