Mezanmi fo n pa janm bliye tout kote ki gen jenn gen espwa se sa ki fe Ayiti cheri m nan pap peri. Non li pap peri li gen pou l kanpe anko. Paske jenn sa yo vle retire chenn sa a yo mete nan lespri nou depi plisye lane. Sa vle di tout sa nou fe pa bon, lang nou pale pa bon, nou pa fe anyen ki bon.
Jenn mesye dam sa yo fe m santi ke gen espwa e tout kote ki gen espwa moun ap viv. Gen 2 nan sije yo ke yo genyen sou sit la m pa janm bouke li l non selman li an kreyol m konprann li byen men tout sa ki di a se tankou yon sekre ke yo te dwe ban nou depi lontan men yo pat janm ban nou l. M ap ankouraje nou pou nou li sije sa e pataje ak lot moun tou ale sou
http://www.mounlakay.org/tikoze-konnen_kisa_ou_ye.html
http://www.mounlakay.org/tikoze-ret_tan ... n_aji.html
Nou ka li l e tradwi l pou ede lot moun ki vle dekouraje ak lavi.
Mesi anpil ak staf Forum Haiti ki pemet mwen ka di sa m santi.
Boprince