Page 1 sur 1

Yon ti kote

Publié : mardi 07 août 2007 16:32
par kelita
Yon ti kote ki fre
Yon ti kote dlo ap koule
Yon ti kote zwazo ap vole
Yon ti kote lanmè chante
Yon ti kote bèl flè pouse
Yon ti kote pye bwa pran danse
Yon ti kote ki byen dekore
Yon ti kote pèson'n poko jan'm ale

Yon ti kote syèl la toujou ble
Yon ti kote sezon yo pa menm jan
Yon yi kote byen fon anndan
Yon ti kote ki tou piti men ki gran
Yon yi kote non'w ekri ladan
Yon ti kote ki bay kè kontan
Pa gen chagrin, se satisfaksyon griyen dan
Yon ti kote mwen ka menne'w san pèdi tan

Yon ti kote pou nou rete
Yon ti kote pou nou tou le de
Kote sa se nan fon kè'm li ye


Mikelita Jean
Site: http://www.mespoemes.net/miracullus4560virgin

Publié : mardi 09 octobre 2007 00:39
par kounta
Ti koté tala mwen ka chaché'y :wink:
Es ou sav kote li ye? Mennen mwen ale ! :lol: