Mwen se ayisyen

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Mwen se ayisyen

Message par kelita »

Ayiti, se la mwen sòti
Nan bèlè
Tou prè bòd mè
Peyi rich, peyi pòv
Ayiti se manman'm
Ayiti se pa'm
Se pa yon fanm tankou tout lèzòt
Yon bèl ti fanm kreyòl
Tèt mare ak twal siperyè
Ak tisi ki anbrase tout koulè
Nan bèlte la nati
Se yon bèl fanm
Li anfòm, li vyèj
Lè li souri se soley lavi ki klere
Je tamarin
Vizaj li klere kou lalin
Très li lage
Zanno'l pandye
Yon kò byen fèt
Yon tèt sou yon zèpòl ki byen plase
Yon nègès ki kon'n sa'l vle
Yon fanm kò kadanse
byen djanm, byen kanpe
Byen abiye ak wòb soley
Wòb lakansyel

Lè la'p defile
se mete men nan tèt
rele anmwe!
Yon nègès kreyòl kap souri
pandan la'p dòmi reve
Ayiti se konsa li ye
Ayiti se konsa li rele
Li pa lòt moun
Li pa lòt peyi
Li pa chanje ni koulè, ni po
Li natirèl
andedan zantray li chaje ak lanmou
Ki pouse tankou flè douvan jou
Nan je'l chaje ak pasyon
Ka'p koule tankou dlo sous fre
Desan'n nan rivyè
Al grosi lanmè
Yon lanmè ble
Tankou syèl Bondye

Pouki pou'm pè di mwen se ayisyen?
Piske se san sa ka'p koule nan ven'n mwen
Pouki pou'm di mwen se blan?
Nan pale tout lang
Nan sèvi ak pwodwi pou'm chanje koulè
Alòske mwen nwè koulè kafe
Ki gen bon lodè lakay mwen
Pouki pou'm pè pale de peyi mwen?
Pouki pou'm nye manman mwen?
Se li mwen konnen
Se li mwen genyen
Se nan de bra'l mwen fèt
Se ak li mwen premyw souri
Se li Bondye ban mwen
Pou alète'm, dòlote'm, renmen'm
Mwen pa ni franse
Ni angle ni meksiken ni ameriken
Mwen pa non pli yon kanadyen
Mwen se Ayisyen
Mwen pale kreyòl
Se lang mwen



Mikelita jean
site: http://www.mespoemes.net/miracullus4560virgin
Ayiti cheri
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : jeudi 16 août 2007 16:13

Message par Ayiti cheri »

Bonjou Mikelita jean

Mwesn s ayisyèn e m pa pale kreyol la byen :? . Eske li possib mete tradiksyon an franse pou m silvouple? Mèsi anpil

Chloé :)
Répondre