Potomitan

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Potomitan

Message par kelita »

Yon poto byen dwat
yon poto byen djanm
Yon poto bwa mapou
Yon poto bwa akajou
Yon poto ki kanpe sou de pye
Yon poto antere byen fon nan tè
Yon poto nan mitan kay la
Yon poto nan mitan lakou a
Yon poto ki pa pè van, siklon, ouragan ak tanpèt
Yon poto yo pa ka kraze
Yon poto yo pa ka chavire
Yon poto move zangi pa ka detwi
Yon poto ki gen anpil je ki brake sou li
Yon poto ki se yon ekzanp
Tout moun vle swiv li

Yon poto richès
Yon poto ki pa ka tonbe feblès
Yon poto ki leve byen wo
Yon poto ki pa gen domi nan je
Ki tounen grenn pwomennen
Kap mache nan tout rakwen
Tire pye dèyè sendenden
Yon poto ka'p veye tout fo pa
Tout jwèt anba anba ka'p jwe nan lakou'a
Yon poto ki gen je'l fikse
Jis lot bo lantouray
Yon poto ki gen dwèt li lonje byen long
Sou tout vye bagay
Ki mete ko yo alamaskay
Nan kat kwen kay la
nan kat kwen peyi'a
Nan kat kwen vil la

Yon poto ki pa pè chay
Poto sa se potomitan
Poto ki pa pè agranman
Poto ki pa fè bak douvan san manman
Ki tout tan ap chèche kont ak dezagreman
Poto chanjman
Poto devlopman

Poto ki dwat
Poto ki djanm
Poto bwa mapou
Poto bwa akajou
Poto ka'p veye lakou'a
Depi lannwit jouk douvan jou :oops: :oops:
Répondre