Rekèy pwezi kreyol

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Rekèy pwezi kreyol

Message par edpoete »

PWEZI KÒM DYALÒG



Pwezi se yon dyalòg avèk mèvèy ki nan lanati . Mèvèy sa yo se tankou
yon balansin ki ap fè ale vini ak nanm nou, kote divès eleman kou dlo,
solèy, lalin, zetwal, flè, pyebwa, lanmè, latè, lanèj,bèl plenn, siklòn, loray, zeklè, volkan, tranbelmandetè, bote fanm…elatriye; ka sedui moun, atire moun, fè espantan elatriye. Ak pwezi nou kab kite kè nou pale jan li vle. Se yon veritab mòd kominikasyon ant de mond, nanm osinon kè moun ak lanati limenm.

Pwezi se yon selebrason tout mèvèy ki genyen nan lanati. Nou chante yo, amonize yo jouk nou transfòme yo sou yon ton atizay bèbèl. Pwezi se tout manifestasyon senk sans nou ak lespri nou. Yon atitid kapital tout powèt dwe genyen, se konsantre enèji yo sou bèlte, yo vle kreye a osinon yo prale kreye a. Nan yon pil fason pwezi se yon moso onpansasyon. Li bay powèt la yon sans ki domontre li li akonpli yon bèl
aksyon. Kidonk bote nan atizay literè se yon ideyal tout powèt ta dwe rechèche.

Rechèch yon ekriven nan sa ki rele atizay bèbèl la, pi patikilyèman nan pwezi, se yon aksyon ki divès aspè. Li varye dapre tanperan powèt yo, gou yo, lekòl panse yo ye a, jenerasyon yo ap viv la elatriye. Nan yon travay powetik, kèk powèt andwa chèche bote apatide rim ki nan liypwzi a, yon lòt menm andwa ap travay sou amoni ki genyen nan son yo nan divès ki genyen nan tèks la.
Antouka sa depann de sa ki atire powèt la. Anfen, nou kapab di kreyasyon powetik se yon mizanfòm tout aspè atizay-bèbèl ki atire powèt la.


Konsepsyon pwezi

Pwezi, lè nap konsidere li nan yon sans laj, se yon fòm ekriti ki chita sou twa sipò ki se: imaj, presizyon ak konfizyon.

Pwezi kòm imaj :
Pwezi se yon langay imaje nou itilize pou reprezante yon reyalite. Apeprè menm jan nan yon fenomèn optik, kote nou palede yon objè ak imaj li, epitou dekri yon moun ak foto li.

Pwezi kòm presizyon:
Si nou vle pou moun konprann imaj nou sèvi pou nou reprezante reyalite a, li dwe klè oubyen ankò li dwe gen anpil presizyon ladan. Mesaj nou voye apatide ekriti a pa dwe vag,paske si tout enfòmasyon ki pase nan
youn pwezi fèt vaykevay, li ap enposib pou nou etabli yon kominikasyon ak moun ki ap li tèks la. Nan sans sa a pwezi a gen definisyon li ki chita sou : sijè, lide, tit, tèm, estròf. Se sitou itilizasyon règ gramè yo ak mannyè yo aplike règ sa yo, ki rann yon moso pwezi presi.

Pwezi kòm konfizyon:
Tèks pwezi a pa dwe vaykevay, men se pa yon rezon nonplis pou li trò presi. Lè nou ap ekri yon pyès pwezi, li dwe gen kèk pati ki pou rete kache, oubyen ankò konfi. Sepandan, depi lektè a byen konprann pwezi a ti moso abatraksyon sa a pa pe anpeche li sezi mesaj la. Nou pa dwe janm bliye sa,se kote kache osinon konfi a, ki kapab fè tout richès yon pyès pwezi.

Pou tout rezon nou te nonmen pi wo a, degre konfizyon an oubyen aspè kache a pral depann de powèt la. Nou dwe kouri di tou yon pyès pwezi pa dwe genyen tròp konfizyon ladan, paske li ap vin enposib pou yon moun konpreyansyon tèks la.

Si nou rive suiv demach teyorik nou sot li nan tèks sa a, nou ap rive ekri sipèb pwezi kreyòl ki ap rann powèt ki ekri nan lòt lanng yo jalou, paske pwezi se pa youn travay pale anpil nan langay nou abitye sèvi chak jou a. Pwezi se kreyasyon. Pwezi se atizay-bèbèl. Se responsablite ekriven an pou li sèvi ak branch atistik sa a kòm sa dwa
pou li emèveye lektè li yo.


Edner Saint-Amour


















Rwa kanibal

Volonte rwa se sèl boul ki pou fè dekabès
Volonte pep se yon wont ki chita nan basès
Foul se koulèv mabouya fanmiy reptil
ki pa gen diyite pou koumande yon vil

Depi se bagay ki soti nan mas
se yon sekrè ki pa gen modepas
Se tankou yon lang san règ gramè
yon senp lekti pouse rwa nan laguè
2
Pou yon pay ki fè laviray nan vil
rwa gen tan wè prizon ak lekzil
Tout sa ki bouje san zòd òdonans
gen tan merite pinisyon penitans
3
Rwa sa a se te sel granmèt severite
ki pa konnen anyen nan sa yo rele pitye
Volonte rwa te telman gen pisans
menm lajistis pa padone linosans
5
Rwa te renmen bwè san nan vè
tankou bèf kap bouè dlo larivyè
Pou yon senp ti erè ou defo
se te mare koupe tèt nan poto
6
Depi se moun ki rebèl menm an soudin
tonbe nan prizon pou tann giyotin
Si manman ou papa mande gras
pou tout fanmiy la se gwo disgras

Depi se sa ki rele feblès
fè ront pout tout lafanmiy altès
Moun dwe toujou rete fò
nan soufrans tankou lanmò
7
Tout bagay sa yo mennen nan yon tralye mo
ki se doulè, soufrans, zo, pousyè, tonbo
Epi wou wè, menm rwa ki te sevè
ogmante apeti pou tout vètè
8
Avèk rwa se yon reny dominasyon
ki ranpli chaje ak diskriminasyon
Avèk vètè diskriminasyon gen repo
paske li tabli yon rejim egalego
9
Nan tonbo yo kote mò kadav yo ye
kote moun sispan bouje ni panse
vètè manje tout anba kout dan
milyonè tankou pòv endijan
10
Nan fòmasyon gouvènman anpi vètè
pa gen klas ni kas pou tabli fontyè
Li renmen lachè zo tankou san
ni kriminel, ni konplis, ni inosan
11
Anplis, pa gen ni relijion ni sek
pa genyen pyès diskriminasyon seks
Pastè, ate, rwa, bòn ou prennsès
li bwè san tout avèk menm soulès
12
Nan tonbo kote mò pran repo
kote moun fini ak doulè mo
Grandèt kon sòyèt, gwo kon piti
vètè manje tout avèk menm apeti
13
octobre 2006

Bay legen
Sajès malere

Dapre lang kreyòl gwo chabwak se Grandèt
Pitit malere se Sòyèt dwe tout tan bese tèt
Se gwo chabwak ki genyen kontwòl
yo menm sèlman ki pou gen lapawòl
2
Gwo Chawak ki sou puvwa toupisan
bagay yo ale nan sans volonte yo selman
Tout fòm reyalizasyon se pòtrè dezi pa yo
dapre senaryo kap danse nan fon tèt yo.
3
Wi yo genyen kontwòl sou tout bagay
sosyete, enfòmasyon, lajan, zam, batay
pete deblozay pou reklame sa ki lejitim
Se pitit malere Sòyèt kap tonbe viktim
4
Nan fab Lafontèn nou li byen klè
rezon sa ki pi fò toujou meyè
Menm nan lang kreyòl nou jwenn li tou
ravèt pa janm genyen rezon devan poul

Malere Pitit Sòyèt !Malere pitit Sòyèt
sispann viretounen sispann kraze tèt
Nou pa konn fè mirak dlo soti nan ròchpyè
dlo ki andedan nannan kokoye soti anba latè
5
Sa pa vle di nou dwe rete kanpe tankou zonbi
rete san fè anyen jouktan jounen an fini.
Sa vle di fè ti sa wou genyen pou fè san lahenn
kont pwòp tèt ou ni kont rwa ni kont renn

novanm 2006

Pwende
Nan chèche yon Granmèt Bondye
pou fè moun, moun san peche
moun tabli nan mitan yo baryè
ki kondui yo menm nan simetyè
2
Tout kote ki genyen dominasyon
genyen divizyon, gen diskriminasyon
Moun pran yonn pou sakreman
Li pran lòt la pou aksidan.

Konsa moun kreye yon imajinè
avèk yon pwende ki sèvi repè
konsa Bondye ak Djab ekziste
kwyans moun fè tradisyon pèsiste

Kreyasyon imajinè yon moun sèl
reyalite pou yon milyon moun mòtèl
Konsa yonn se pitit Bondye, Lapwovidans
Lòt la menm se pitit Satan, rwa malfezans
4
Jezi kris nan lanmou pou Bondye sèl rwa
te sakrifye tèt li nan penitans sou lakwa
nan chèche yon bòn vi
ki menenen nan paradi
5
Jida rete yon nanm damne sou latè
yon veritab trèt osinon yon mèsenè
Paske li pa te vle suiv Jezi Kri
jouk nan dènye paj lavi li
7
Se konsa yon lit, yon kerel
ki ta vle pèmanan, etènel
nan mitan moun sou latè
ki kondui menm nan laguè
8
Se konsa nan chèche plis sekirite
moun konstui yon papa monstriyozite
ki kapab detui tout planèt la ansanm
avèk tout sa ki egziste ladan n
9
Eske se pa menm rèv ideyal chimerik
ki pote Einstein envante bonm atomik
Yon kapasite destriksyon san presandan
kap menase lavi moun tanzantan



BLIYESONJE
Mwen pa gen memwa pou sonje
Lè de pye mwen te anpetre mare
Nan chenn tray kòve esklavay
Nan fè tout kalite vye travay
2
Mwen pa fout sonje kout baton
Nan men eksplwatè blan kolon
Mare nou kon krab nan sak pay
Pou vin fè travay tchoul esklavay
3
Mwen pa sonje lè kolon te mete an ronn
Pou bimen dèyè n ak kout frèt bayaronn
Ni mete de jenou atè devan blan kolon
Pou mande gras rele pitye mande padon
4
Mwen pa fout sonje pyès zile lagore
Kote yo te konn vann nou nan mache
Pou travèse lanmè vini sou tè lamerik
Fè vye kòve travay di kon mal bourik
5
Mwen genyen memwa pou mwen sonje
Lè m te rale fizi tankou solda andjable
Pou mwen te goumen kon michan toro
Avèk ti solda lame jeneral Rochanmbo
6
Mwen sonje jan m te konn fè lesefrape
Ak kolon, jan m te konbat goumen lite
Jouktan m te pran lendepandans libète
Libète chèmètchèmètrès pou tout etènite
7
Jan mwen te konn fè kolon vole gagè
Kouri tout boulin sove pran lanmè
Anba gwo michan kout fizi kanno
Ki sonnen reponn jouk nan syèl anro
8
Mwen fout sonje Kapwa lamò
Lè li tap mache nan dan lanmò
Lè li te di : annavan boulèt se pousyè
Lè chwal ak chapo li te chavire atè
9
Mwen sonje Jan Jak Desalin
Lè li te kanpe djanm byen min
Li te di : si gen nèg ki pè mouri
Andedan fò a li mèt soti kouri
10
Paske jodi a nou fout jire
Paske jodi a nou sèmante
Se swa nou mouri antere
Osinon nou genyen libète
11
Mwen fout sonje Anri kristòf
Kanpe rèd kon pye mango dòf
Lè li te di : map ba w vil la, se vre,
Men se lè li tounen sann dife
12
E menm sou sann dife byen cho
Nap goumen kon de michan toro
Mwen sonje lè m te move kon lyon
Nan tan lè m tap goumen kont kolon
13
Mwen sonje Peral Chalmay
lè li te pran plenn lakanpay
pou mennen gwo koumen
kont lokipasyon blan meriken
14
Mwen pa sonje lè m tap mande padon
De jenou atè devan piyajè blan kolon
Mwen bliye jodi a tout imilyasyon
Nap bwè nan vè boutèy okipasyon
15
Mwen sonje moun kap lite yon fason
Pou peyi Ayiti sa genyen liberasyon
Mwen sonje jodi a tout moun kap lite
Tout moun kap lite san yo pa janm bouke
16
Pou nou rive genyen yon lane de mil kat
Ki sanble tèt koupe avèk milwisankat
Mwen sonje tout sa ki leve m byen m ro
Mete m chita kote yon bann gran ero
Ki te goumen pou fè solèy libète klere
Sou tout grandè lorizon chimen limanite.

Premier janvye 2001


Transandan
Chak fwa wou bay Bondye yon fas
grenn je mwen wè grimas
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
2
Chak fwa wou bay Bondye yon vizaj
mwen yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kaze fenèt kraze pòt
3
Chak fwa wou bay Bondye yon pòtrè
mwen wè sendenden kap trase vèvè
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
4
Chak fwa wou bay Bondye yon imaj
mwen wè yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
5
chak fwa wou bay Bondye yon figi
mwen aktè kap jwe komedi
ki fè mwen tounen ti milèt pòt
voye kout pat kraze fènet kraze pòt
6
Lwa kon Bondye se yon lespri
filozofi di lespri pa gen figi
Bondye se pa yon bagay ki gen mezi
Se limyè lespri ki konprann lespri
6
Chak fwa wou fè mwen sonje koulè po
lespri santi li fèmen nan kacho
mwen se moun ki gen lespri
ki rive bout jouk nan lenfini
7
Chak fwa ou fè mwen wè koulè po
wou fè mwen santi mwen nan gueto
mwen genyen lespri pou konprann
konprann tout bagay ki transandan
8
Chak fwa wou etabli diferans koulè po
mwen wè komedi jwet lagolago
mwen gen yen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
9
Chak fwa wou mete aksan sou koulè po
wou fè mwen santi mwen se zonbi nigo
mwen genyen lespri pou konprann
konpranntout bagay ki transandan
10
Chak fwa mwen wè baryè koulè po
mwen wè limit andedan fon sèvo
mwen gen yen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
11
Chak fwa mwen wè limit koulè po
mwen wè tèt sèvo nan recho
mwen genyen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
12
Nan moun mwen wè
limanite
Nan moun mwen wè
valè
13
Nan moun mwen wè
lemoun
Nan moun mwen wè
kòsmòs
14
Nan moun mwen wè
fwatènité
Nan moun mwen wè
linite
15
Sajès filozofi di : Bondye pa gen figi
Zòt ki pèdi nan kwayans di: sa se foli
Sajès filozofi di :lougarou djab pa egziste
zòt ki kwè nan mit di : tafya kap pale
16
Toujou yon milyon kesyon
ki toujou genyen de repons :
Mit tradisyon fè moun kwè nan Orezon
Sajès filozofi fè moun kwè nan rezon



BONÈ
Bonè se yon eta lespri
ki mache ak yon filozofi
ki prezan nan tout sa nap fè
san nou pa tonbe nan leksè
2
Bonè chita nan grenn je
ki wè lavi nan bon kote
feblès kalamite detrès
yon pasaj nan rout sajès
3
Bonè se yon santiman konfò
kifè moun toujou vin pi fò
kòd zantray chaje trankilite
kap naje nan yon basen sekirite
4
Bonè se yon reyalizasyon
ki rete chita nan laksyon
akonplisman osinon denouman reyisi
ki mache ak pròp eta nanm ak lespri


PÒTRÈ BONÈ
Nan zanviron bonè
Nou santi bonè
nou tande bonè
nou manyen bonè
nou konnen bonè
2
Nan kout refleksyon viizyon
nan kòd zantray santiman
nan aksyon reyalizasyon
nan chenn volonte desizyon
3
Nan fè zèv lacharite
nan fè aksyon imanitè
nan jefò bonsamariten
nan kout men ede zanmi
4
Nan fratènite akolad
nan amoni tètansanm
nan respè yonn pou lòt
nan chaje lide pou wè pi klè
5
Nan rimolin rivyè kap desann
nan grenn zetwal kap klere nan syèl
nan bèl solèy kap leve devanjou
nan boul lalin kap vwayaje lannuit
6
Nan zeklè kap griyen grenn je
nan jaden flè nan sezon prentan
nan lodè flè kap salye lanati
nan vwa tizwazo kap chante
mai 2006


Timoun yo
Nou tande vwa yo
nou tande rèl yo
nou tande bri yo
nou tande kri yo
2
Timoun nan Lazi
timoun nan Lafrik
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
3
Timoun Ayiti
Timoun Etyopi
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
4
Timoun nan Dafou
Timoun nan Perou
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
5
Timoun Guatemala
timoun Ouganda
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
6
Timoun tout peyi
sou latè beni
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
7
Tande vwa yo
Tande rèl yo
Tande bri yo
tande kri yo
mai 2006




















Ansanm Lespwa
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Leta
Leta ba li koudeta
2
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Boujwa
boujwa vann li nan mache
3
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Lamas
Lamas rele li kaptenn grimas
4
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Legliz
Leglis di se kwayans satan betiz
5
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men solda
solda arete li maspinen l nan bouda
6
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Jozafa
Jozafa ba li yon pakala
7
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Mata
Mata twaze li derotanba
8
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va sispann fè zonbi
kap mache kouri nan tout lari
9
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va jwenn kay pou li rete
konsa lespwa va jwenn kote pou li repoze
jwen 2006


Kote lespwa rete
Lè mwen pa fè jefò rete san fè anyen
chita grate santi toutlasentjounen
bay blag ribanbèl kalewès banbile
wou rele mwen mèt pareze
2
Lè mwen bat dlo pou fè bè
travay di pou fè lajan
travay jodi, demen vini grannèg
wou rele mwen arivisgrandan
3
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Wou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
4
Grangrangran papa w se te minis
ki tap travay nan ministè lajistis
vye papa m se te abitan gwo zòtèy
ki tap siye blanch pou fè sèkèy
5
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Wou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
6
Wou kwè nan patrimàn eritaj zanzèt
mwen kwè nan kout pikwa kout manchèt
wou kwè nan lòd mit senbòl lonè
mwen kwè nan mouvman pwogrè
7
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Wou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
8
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va tounen yon reyalite
kote kwayans ka dòmi tèt repoze
jwen 2006



Kote lespwa ye
Wou te ban mwen lespwa
fè konnen lapli prale tonbe
mwen te rete tann kon jaden pwa
sezon lapli tounen sezon sèk lete
2
Wou te ban mwen lespwa
fè konnen larivyè prale desann
mwen te rete tann kon pye nwa
larivè teri, menm tè tape fann
3
Wou te ban mwen lespwa
fè konnen rigòl prale anvayi
mwen te rete tann kon pye zaboka
lapli pat tonbe, menm zèb te mouri
4
Wou te ban mwen lespwa
fè konnen prale gen tanpèt rimolin
mwen te rete tann kon pye zakasya
solèy boukannen menm pwason nan ravin
5
Lespwa ap viv nan lekzil
mwen pa konnen nan ki vil
Lespwa ap viv nan prizon
mwen pa konnen nan ki kanton
6
Moso lespwa moso lavi
moso lespwa moso lavni
an nou tout fouye chèche
pou jwenn kote lespwa kache
jwen 2006


Lespwa
Lè wou souri ban mwen
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni

Lè wou lonje lanmen ban mwen
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
2
Lè wou ban mwen akolad
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
3
Lè abitan fè konbit plante diri
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
4
Lè gen travay di siye syè nan fron
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
5
Lè machann sara ap vann nan mache
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
6
Lè entrepriz envesti kreye travay
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
7
Lè leta mete lôd bay lajistis
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
8
Lè gouvènman pran pouvwa san malis
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
9
Lè moun mete soysyete nan mouvman
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni


Lespwa Yo
Lespwa pou pitit grandèt
chita sou eritaj gran zanzèt
Lespwa pou pitit sòyèt
chita nan voye kout ponyèt
2
Eritaj zanzèt frape pòt ekonomik
Eritaj zanzèt frape pòt politik
Grandèt louvri pouvwa pou grandèt
Grandèt louvri pòt lespwa pou grandèt
3
Eritaj zanzèt
pouvwa grandèt
lespwa grandèt
se konsa li fèt
4
Sòyèt kanpe nan touse ponyèt
voye kout rou voye kout manchèt
touse ponyèt pou bat dlo fè bè
touse ponyèt pou moute chodyè
5
touse ponyèt pou fè demwatye
touse ponyèt pou koupe tare
touse ponyèt pou fè konbit
touse ponyèt bouyi dlo nan mamit
6
touse ponyèt pou rekòl agrikòl
touse ponyèt voye timoun lekòl
touse ponyèt
konbit sòyèt
lespwa sòyèt
konsa li ye nèt


Grandèt
Grandèt chita sou tit onorifik
pou pran roulib nan fonksyon piblik
Lespwa pa wou chita sou zanzèt
kif è wou tounen grandèt
Konsa wou genyen yon tit
pou blayi nan pòs onorifik
Eritaj zanzèt bay gwo tit
konsa yo rele sa reyisit

Lespwa yon nonm lè li pòv
chita nan travay di pou fè senkòb
Toutan blije fè ekonomi resèv
pou pa mande ni mete rès
Lè yon nonm se pitit sòyèt
lespwa chita nan voye kout ponyèt
Wou pa zo nan kalalou gonbo
pou wou pa gen tit pou vin pi wo

Nou se peyizan nou ye moun san tit
Nou pa menm zo nan kalalou gonbo
se nechèl nou moute pou vin pi wo
Lespwa nou chita nan konbit

Nou se peyizan moun san tit
lespwa nou chita nan konbit
Lespwa nou chita nan touse ponyèt
voye kout wou voye kout manchèt

lonbit plante pye bwa
konsa genyen lespwa
Konbit plante bannann
ravin lespwa desann




Mèt dije
Ayisyen ap fè lachas
ayè se te makout
jodiya se lavalas
ribanbèl deran sou rout
2
Aysisyen ap fè lachas
letranje ap jwe kontrebas
chaje tèt pouse men
pou fè maskarad tenten
3
Poukisa yo pa mete tèt ansanm
mete kanpe yon sistèm jidsyè djanm
Poukisa yo pa sispan pouvwa malis
aplike lalwa pou simen lajistis
4
Poukisa yo pa desann envesti lakay
kreye travay desann môn to chomay
konsa lespwa ta louvri je kon solèy
zonbi ta sispann pran roulib nan sèkèy
5
Moun tounen balon ron zôt af fè pas
makak fistibal revôlve pou fê lachas
dan pou dan je pou je
letranje sèl mèt dije
6
Grenn je m kale kon lalin mas
ap gade zôt kap fè lachas
yon jou pou chase, yon jou pou jibye
konsa anyen pap janm rive chanje
jwen 2006

Toro
Mwen konnen wou se toro gason
Nan ranvèse pouvwa madichon
Mwen konnen wou se toro chanpyon
Nan dechouke pouvwa represyon.
2
Nou te dechouke blan kolon
Ki vole gaguè bout lòt kanton,
Ekri non nou nan kaye limanite an gran jan
Kòm premye repiblik nwa endepandan.



3
Mwen konnen wou se toro lanfè
Ki ranvèse dechouke rejim militè
Ki tap fè de bò bounda jwe jon
Anba koko makak kout baton.
4
Pouvwa monte pouvwa desann
Ayisyen toujou ap pran gagann
Pouvwa ale pouvwa vini
Vyolans represyon pa janm fini
5
Se lè pou chita fè yon ti reflksyon
Mete lespri nou nan lòt direksyon
Bwase kat pwoblèm yon lòt fason
Nan rout lojik pou jwenn solisyon



Jistis bann lougarou
Nan yon ti bouk ki pat gen anpil abitan
Yon lè tout moun te kanpe sou deran
Bri nouvèl la nan tout katye te gaye
Yon ti fi douzan yo jenn gason te vyole.
2
Nan mennen anpil gwo ankèt
Sou zak vyòl la ki te fèt
Yon jenn gason venn senkran te akize,
Jan te anba kòd minote arete.
3
Jou misye tap jije nan tribinal
Mezanmi se pat ti eskandal.
Tribinal te chaje moun kon leba
Menas kout je te fè Jan rete gaga.
4
Brijit di se Jan menm ki te vyole li.
Jan menm di jou sa a mwen pat isit.
Konsa jij te voye ka a devan medsen
Pou fè tès ADN ki vle di tès sangen.
5
Rezilta revele se pa misye
Konsa Jan te lague libere.
Kòm Brijit kenbe menm mo se misye
Yon bann moun te pran lari rele anmwe.
6
Nan lapremidi, sou yon galeri, Jan te kanpe
Yon pil moun vin parèt, rale misye, mete dife.
Tout kò Jan te boukannen tankou taso
Pyès lòt moun pa te kapab di yon mo.
7
Twa mwa apre zak sa a verite ya te revele.
Yon nonm te ale legliz pou konfese peche
Misye di: Monpè, mwen te vyole yon ti fi
Sa ki lakòz menm gen lòt moun ki mouri.
8
Lè lafòs popilè pi fò ke lajistis
Pafwa sa ka kondui nan lenjistis.
Lanmò Jan ki te mouri anba dife
Se yon prèv tout moun ka temwaye.

Deus ex machina
Pawòl monte fè pil sou pil
Aksyon menm zerobare nil.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan : Deus ex machina.
2
Pawòl monte ap fè bann
Aksyon pran rout desann.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan : Deus ex machina.
3
Pawòl monte bit sou bit
Aksyon pran rout chire pit.
Yo chita ap tann avèk espwa
Yo kwè nan : Deus ex machina.
4
Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.
Aide toi le ciel t’aidera
Lavi chita nan men debouya.
5
Aksyon se motè yon peyi
Lalwa se volan yon peyi
Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.
20 février 2004


LACHTÉ
Politik pakoti de grenn gòch
Pou patat tout moun ap voye ròch
Politik zandò devandèyè
Pou patat tout moun ap kwaze fè
2
Devan vant vid tèt chaje kolik
Politik tounen mistè biolojik,
Anba tonèl gwo rasanble
Diskou dis kòb nan pòch pou manje
3
Tout bagay sa yo se pa nouvo
Depi dikdantan nou konnen yo.
Divalye te ban nou gwo leson :
Twa B, baton bouyon, bwason.
4
Baton pou ledmi
Bwason pou zanmi
Bouyon pou moun pa
Politik se konsa.
5
Moso pen ki bay pouvwa kanzo
Moso pen ki mennen nan tonbo.
Nou konnen Papa Dòk te ekri
Revolisyon manje pròp pitit li.
6
Yo mande poukisa poukisa
Pouvwa pouvwa fonksyone konsa.
Papa Dòk di nan lang blan franse :
La reconnaissance est une lâcheté
7
Lòm se yon enstriman politik
yo itilize pou atenn objektif,
apre yo jete nan fatwa pay
san lapenn san pitye san lizay.
8
Yo mande poukisa poukisa
Pouvwa pouvwa fonksyone konsa.
Papa Dòk di nan lang blan franse :
La reconnaissance est une lâcheté
9 juin 2005

Nouvo Testaman
Pou mwen mizisyen palè
fòk mwen pale anglè
Pou mwen yon nonm debyen
se pou mwen meriken
2
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Meriken di mwen non kouman
wou pral mete m Presidan
3
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se pakpala
wou pral kouronnen rwa
4
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se las koupe dis
wou pral mete mwen minis.
5
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se kandida prefere
wou pral mete depite
6
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se grenn kandida
wou pral nonnmen majistra
7
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se lòm pwodij
wou pral kouronnen jij
8
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se gran seyè
wou pral kouronnen senatè
1 juillet 2005

Ansyen testaman
Menmsi nou pa gen menm san
nou tabli sou yon menm kontinan
menmsi nou pa gen menm desten
nou pa lènmi nou se vwazen
menmsi zetwal nou pa parèy
nou kalewès sou menm solèy
menmsi Ayiti nan karayib
nou benyen nan lamè pasifik
menmsi antre nou gen zizani
fè w konnen nou pa lènmi
menmsi pase separe nou
prezan ak fiti nou ini nou
si wou pat nan ego ki ba wou lòguèy
wou tap wè ak de je anpil mèvèy.


POU LAPATRI
Kòm mwen se moun arebò lisyè
mwen te la kòm senp obsèvatè
ap suiv tout kotidyen aktyalite
nan kout chapit nouvèl ki tonbe
2
Mwen pa te genyen modepas
pou mwen te manm Lavalas.
Mwen pa genyen seri ni kle
pou mwen te manm MPP.
3
Yo mare frape batay goumen
tout moun te kanpe sou zen
Yo tonbe frape goumen batay
tout moun te kanpe sou gogay.
4
Moun sou deran nan chak kan
ap suiv blakarout lespri klan
dans rabòday frè toupizi frè
dans ribanbèl sè toupizi sè
8
Papa menm kraze djòl manman
rive menm rache de grenn dan
Parenn bat marenn ak kout sandal
mennen l menm sou kabann lopital.
9
Yo te pèdi bonnaye nan lespri pati
yo pat janm wè ni Peyi ni Patri !
Letranje profite roulib envasyon
Ayiti tonbe anba roulèt okipasyon.
10
Koulyeya yo rele: Patri nan danje
an nou kole tèt ansanm fè ronble.
Jodi sòlda letranje kouri soti
demen konfyolo lespri pati.
11
Mesye, goumen men sonje demen
mesye, batay men sonje demen.
Lespri klan pa dwe rann avèg deje
nan pwen pou vann Patri nan mache.
12
Si nou te ka rive kwè nan lwa
ki bay chak moun yon moso dwa
Ayisyen tap respekte Ayisyen
Patri tap gen yon meyè denmen.







Mizik Sida
Danse kita danse nago
apre dans tanbou lou
Danse kita danse nago
apre dans tanbou lou
2
Se konsa nan katye senmichèl
yon jennonm tape pale sèl
Misye tap mache ale vini
devan yon arè otobis
3
Mwen proche bò kote li, mwen di
monchè, koze pa gate zanmi
men kisa ki pase
gen lè tèt la chaje
4
Misye mete koze atè
li te di mwen, monchè
se avèk yon ti jenn manmzèl
mwen tap pran plezi ribanbèl
olye li jwe mizik sou SI DO
li jwe mizik pa li sou SIDA


Diferans
Lontan entegris islamik
se te grenn zanmi kapitalis
pou konbat kominis
kamoken kaptenn malis
2
koulyeya Baton chanje bout
chandèl limen nan de bout
Zanmi tounen ledmi
kap tire kout fizi
3
Yon powèt ak kèk prekosyon
te pose kèk kesyon
sou diferans ant Leta kapitalis
avèk entegris islamis :
4
Leta gen monopòl zam lavyolans
Leglis genyen kil lavyolans
Leta gen monopòl lalwa
Leglis gen monopòl lafwa


Vil Ench
Mwen soti nan Plato santral
Ench se lavil kapital
Nan memwa yon basen souvni
yon rivyè kip a janm teri
2
Mwen sonje larivyè Ikit
naje bò pwason djanborit
mango batis mango rozali
pase bèl moman plezi
3
Mwen sonje rivyè sanmannan
yon jounen ribanbèl detant
mayi zaboka ak fig mi
pase bèl moman plezi
4
Mwen sonje Guayamunco
plonje naje bat loko
boutèy klenren asorosi
pase bèl moman plezi
5
Mwen sonje gròt basen zim
benyen chita pale koze entim
kasav ak manba konfiti
pase bèl moman plezi
6
Mwen sonje plas Chalmay Peral
apremidi rankont bèl akolad
kote tout moun chita bay blag
rikannay detant pwomenad
mai 2006



Ti liv pwezi mwen
Lè save konesè yo ekri gwo liv sikoloji yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non tout lwa Rada ak Guinen
yon fason pou pa anmède panse grandèt
2
Lè save konesè yo ekri gwo liv metafisk yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
Nan non Granmèt agwe taroyo
yon fason pou pa anmède panse grandèt
3
Lè save konesè yo ekri gwo liv filosofi yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non Mètrès Èzili Freda
yon fason pou pa anmède panse grandèt
4
Lè save konesè yo ekri gwo liv sosyoloji yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non Danbala Wèdo
yon fason pou pa anmède panse grandèt
5
Lè save konesè yo ekri gwo liv ekonomi yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non Papa Ogou Feray
yon fason pou pa anmède panse grandèt
6
Lè save konesè yo ekri gwo liv byoloji yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non Papa Ogou Chango
yon fason pou pa anmède panse grandèt
7
Lè save conesè yo ekri gwo liv antopoloji yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non papa Ogou Badagri
yon fason pou pa anmède panse grandèt
8
Lè save conesè yo ekri gwo liv matematik yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
Nan non Tijan Trase Tonm
yon fason pou pa anmède panse grandèt
9
Lè save conesè yo ekri gwo liv botanik yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non Tijan Dantò
yon fason pou pa anmède panse grandèt
10
Lè save conesè yo ekri gwo liv lenguistik yo
mwen menm mwen eki ti liv pwezi mwen
nan non tout lwa Rada ak Guinen
yon fason pou pa anmède panse grandèt


Dekole w sou mwen
Sosyete se pa yon machin
lòm progwame jan li vle
pran grenn je griyen kale
demen na va wè sak kap pase

Wap jwe jwèt voye ròch kache men
pou yo pa wè ki moun ou ye
Madigra dekole w dekole sou mwen

Wap jwe jwèt kagoul nan tèt
pou yo pa wè ki moun ou ye
madigra dekole w dekole sou mwen

Wap jwe jwèt linèt solèy nan je
pou yo pa wè ki moun ou ye
madigra dekole w dekole sou mwen

Wap jwe jwèt mas nan vizay
pou yo pa wè ki moun ou ye
madigra dekole w dekole sou mwen

Sosyete se pa yon machin
lòm progwame jan li vle
pran grenn je griyen kale
demen na va wè sak kap pase



De mo sèlman
Ou fè gwo liv metafisik ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
2
Ou fè gwo liv teyoloji ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
3
Ou fè gwo liv dwa ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
4
Ou fè gwo liv filozofi ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
5
Ou fè gwo liv sikoloji ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
6
Ou fè gwo liv sosyoloji ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
7
Ou fè gwo liv antropoloji ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
8
Ou fè gwo liv etnoloji ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
9
Ou fè gwo liv jounalistik ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
10
Ou fè gwo liv politik ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
11
Ou fè gwo liv ekonomi ou
wou pale koze pou mil pyas
wou di yon tòn chay betiz fatwa
mwen fè yon ti liv pwezi tou piti
mwen di de mo pou limanite
chante bèl ti chanzon pou limanite
12





KOURI MACHIN
Wap kouri machin tout boulin
san limyè
mwen rale kòm mwen kouri
kouman mwen pè mouri monchè
2
Wap kouri machin tout boulin
san fren
mwen rale kòm mwen kouri
kouman mwen pè mouri monchè
3
Wap kouri machin tout boulin
san plak
mwen rale kòm mwen kouri
kouman mwen pè mouri monchè

Se sa menm li ye wi
Si se nasyon an ki souveren pou wou
defann dwa w nan non tout moun
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
2
Si se yon nonm ki souveren pou wou
defann dwa w nan non lòm fò
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
3
Si se yon fanm ki souveren pou wou
defann dwa w nan non matrona feminis
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
4
Si se yon pati politik ki souveren pou wou
defann dwa w nan non gouvènman
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
5
Si se agwe taroyo ki souveren pou wou
defann dwa w nan non lwa zany lespri
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
6
Si se lwa lajistis ki souveren pou wou
defann dwa a nan non konstitisyon
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
7
Si se lajan ki souveren pou wou
defann dwa w nan non lenterè
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
8
Si se lwa zany ki souveren pou wou
defann dwa w nan non vodou
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
9
Si se lislam ki souveren pou wou
defann dwa w non koran
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
10
Si se krisyanis ki souveren pou wou
defann dwa w non Labib
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
11
Si se jidayis ki souveren pou wou
defann dwa w nan non Koran
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
12
Si se pòch ou ki souveren pou wou
defann dwa w nan non opòtinis
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
13
Si plezi ki souveren pou wou
defann dwa w nan non anbyans
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote
14
Si se bonte ki souveren pou wou
defann dwa w nan non bondye
Chak ideyal gen yon direksyon
ki mennen li yon kote



Lisans pou lavi
Yon nonm ap kouri machin san limyè
ou gen kè ou kanpe ou di mwen lach
Bondye pa janm bay lisans pou lanmò,
Wi monchè mwen fout pè mouri

Yon nonm ap kouri machin fren
ou gen kè ou kanpe ou di mwen lach
Bondye pa janm bay lisans pou lanmò,
Wi monchè mwen fout pè mouri

Yon nonm ap kouri machin san lisans
ou gen kè ou kanpe ou di mwen lach
Bondye pa janm bay lisans pou lanmò,
Wi monchè mwen fout pè mouri

Depi lè mwen te piti tikakat
manman mwen te di konsa
Bondye bay lisans pou lavi

Malfini
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tipoul
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tikana
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tikodenn
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tikòk
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tipentad
Malfini soti anlè nan syèl
tonbe atè kraze 7 tipijon
























Tikoze santiman
Mwen ekri mizik mwen
pou chante lajwa mwen
mwen ekri mizik mwen
pou chante lapenn mwen
pou di sa mwen genyen
pou di sa mwen santi
2
nan zantray mwen
nan nannan mwen
nan labyèl mwen
nan kòtòf mwen
3
nan tout trip mwen
nan tout nanm mwen
nan fon kè mwen
nan tout kò mwen
4
Lodè grenn kafe kap mi
lodè pyemango kap fleri
lodè flèdizè kap louvri
lodè pafen sou jenn demwazèl
6
Lodè chodyè tchaka kap bouyi
lodè kwenn kochon nan pwa kongo
lodè mayi vèt kap boukannen
lodè piman vèt nan sòs kalalou gongo
mai 2006


Renn Alimèt
Renn alimèt
pòtrè solèy
pòtrè zetwal
pòtrè lalin
pòtrè komèt
pòtrè lakansyèl
2
Renn Alimèt
limen anpoul
limen bouji
limen lanp
limen bwapen
limen pitetwal
limen dife
3
Renn alimèt
ba yo limyè
ba yo kleraj
ba yo klate
4
pou yo mache
pou yo kouri
pou pronmennen
pou yo galonnen


Yolèt
Se te nan yon ti cho
ane pase anro
mwen rankontre Yolèt
bèl kreyòl zansiv violèt
Li gade m, mwen gade
konsa pawòl te tonbe
Se konsa li te di mwen
byen dous nan zòrèy mwen :
2
Monchè mesye, monchè
ou menm se gran pechè
mwen menm se pwason mori
se nan zen w pou m mouri
3
Zen w mèt fèt an fè
se nan zen w pou m mouri
zen w mèt fèt an bwa
se nan zen w pou m mouri
4
Zen w mèt di kon fè
se nan zen w pou m mouri
Zen w mèt long kon gòl
se nan zen w pou m mouri
5
Mwen renmen zen fè
mwen renmen zen bwa
se nan zen w pou m mouri
se nan zen w pou m mouri


Lanmou de moun
Lè lanmou de moun pa akòde
tout bagay nan linivè debalanse ;
yon veritab machin san fren san lisans
kap kouri nan tout direksyon tout sans
2
Kout manch pilon kout mato nan tèt
ilsè, lafyèv, kolik, chagren, maltèt
tout bagay sanble ap fè grwo konplo
pou mete nou chita nan boukan dife cho
3
Reyon solèy sispann klere
tizwazo sispann chante
larouze pa fè zekla dò ankò
lakansyèl sispann tout dekò
4
Nan nanm nou tout lajwa disparèt
kè nou ap fann timiyèt pa timiyèt
Ak tansyon lespri nou chaje
tankou balon prèt pou ekploze
5
Men lè lanmou de moun bay akolad
bonè lavi koule dous kon salad
chak jou ki pase sou latè
pote bonè nan tout zantray fon kè

BONNOUVÈL POU FANM

Mèt Agwe Toroyo di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
2
Papa Ogou Chango di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
3
Papa Ogou Badagri di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
4
Papa Ogou Balindjo di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
5
Papa Ogou Feray di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
6
Mèt Agwe Toroyo di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
7
Mèt Agwe Toroyo di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm
8
Mèt Agwe Toroyo di
pa bat fanm
pa vyole fanm
pa fè fanm abi
souse tete fanm


Kontwòl sèks
Tout moun dèyè kontwòl
pou yo kapab bay gòl
kontwòl tounen yon maladi
yon fobi ki fè lénmi
2
Fanm vle kontwole zaza fanm
fanm ak fanm dozado
yo tonbe menm nan madivinèz
pou yo wè si yo ta vin pi erèz
3
Gason vle kontwole zizi gason
gason ak gason dozado
yo menm tonbe nan masisi
pou yo wè si yo ta va reyisi
4
Fanm vle kontwole zizi gason
gason vle kontwole zaza fanm
gason ak fanm dozado
yo pa ka moute yon bourik ade
5
Fanm pa ka viv san gason
gason pa ka viv san fanm
yap batay pou richès lajan
yo bliye si yon pa egziste san lòt


Ranni nan patiray ou
Nonm Blan gen bel fanm blanch
jou kon lannuit pou li fè laplanch,
chak moun mennay li direk pou lesyèl
konsa lavi koule dous kon siro myèl.
2
Nonm nwa gen bel fanm nwa
pou ba li lanmou ak espoua,
chak moun mannay li dirèk pou lesyèl
konsa lavi koule dous kon siromyèl.
3
Nonm milat gen bel fanm milatrès
pou ba li lanmou ak tandrès
chak moun mennay li dirèk pou lesyèl
konsa lavi koule dous kon siromyèl
4
Nonm grimo gen bel fanm grimèl
pou ba li lanmou dous kon siromyèl,
Chak moun mennay li dirèk pou lesyèl
konsa lavi koule dous kon siromyèl
5
Tanpri souple pa manyen fanm mwen
tanpri souple pa gade fanm mwen
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
6
Blan karese, karese fanm ou
ba li tandrès ba li lanmou
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
7
Nwa karese, karese fanm ou
ba li tandrès, ba li lanmou,
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
8
Milat karese, karese fanm ou
ba li tandrès, ba li lanmou.
Chak bourik ranni nan patiray li
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
9
Grimo karese, karese fanm ou
bali tandrès, ba li lanmou.
Chak bourik ranni nan patiray li
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
10
Gode sirodòja vè siromyèl
se grimèl ki mennen m nan syèl
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
11
Mwen genyen de ponyèt
se pou tire galèt
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
12
Mwen genyen de pla men
se pou voye kout pwen
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
13
Mwen genyen de pye
se pou voye kout pye
Chak bourik ranni nan patiray yo
si zòt pa vle pran gwo kalòt jimo
14
Voye je gade nan pa w
map gade nan pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
15
Wou manje nan asyèt pa w
mwen manje nan asyèt pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
16
Wou bwè nan vè pa w
mwen bwè nan vè pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
17
Wou souse bibon pa w
mwen souse bibon pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
18
Wou benyen nan pisin pa w
mwen benyen nan pisin pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
19
Wou jwe nan kare djaz pa w
mwen jwe nan kare djaz pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
20
Wou bat tanbou pa w
mwen bat tanbou pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
21
Wou monte bisiklèt pa w
mwen monte bisiklèt pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
22
Wou kouri motosikèt pa w
mwen kouri motosiklèt pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
23
Wou kondui machin pa w
mwen kondui machin pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
24
Wou chita andedan kay pa w
mwen chita andedan kay pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
25
Wou ekri pou fanm pa w
mwen ekri pou fanm pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
26
Wou fè vè pou fanm pa w
mwen fè vè pou fanm pa m
konsa pa gen dram
konsa pa gen pàn
8 jwen 2004


Chen fou mòde bwa
Gason makomè ki vle di masisi
Te fè aktyalite nan anpil peyi
Kòm Dirijan yo pa te jwenn konsansis
Deba te louvri devan gran piblik.
Pastè: Masisi se yon gwo gwo peche
Rwayòm syèl la li pa eritye
Monpè:Masisi se zafè malediksyon
Nan Bondye pa gen benediksyon
Byolojis: Masisi se yon panchan yon mès
Nou pa jwenn kay pyès lòt espès
Sosyològ: Masisi se pa yon fenomèn natirèl
Men se yon fenomèn sosyokiltirèl
Kriminològ: Masisi se pa yon krim
Paske li pa fè pyès viktim
Flannè: Mwen se yon jenn gason
Ki pa konn anyen nan zafè kalson
Paske mwen renmen kilòt
Menm lè map pran kalòt.
Epi mwen pa chen fou gen raj
Mwen pa ta ka nan mòde bwa.
22 fevriye 2004
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Message par kenn »

MON T'AP FE ON GADE SOU SIT-LA MON FINN KONTRE AK KÈK POÈM OU FINN METE SOU LI YA MON T'AP DI W SA SE ON BON SÈRVIS OU KA RANN BA TOUT MOUNN K'AVA GEN CHANS KA WÈ YO , SA AVA SURMAN KA EDE ANPIL MOUNN KI FINN GEN VOLONTE MARKE TÈX AK LANNG KREYÒL-LA ME KI GEN DIFIKULTE PWAN KOUMANSE , KA WE YONN FINN FE Y KA EDE LÒT SYWIV SA-A SE ON RÈG KI PA EKRI ME TOUT MOUNN FINN KONNEN L

FELISITASION
KENN
kounta
Moderator
Moderator
Messages : 75
Inscription : lundi 19 février 2007 03:50
Localisation : Lakarayib

Message par kounta »

Woulo Edpoet.
Répondre