Page 1 sur 1

souf nan tchou !

Publié : lundi 04 décembre 2023 14:10
par kelita
Medizan,
Malpalan,
Agranman,
Lespri depaman ;
Kilè wa sispann fè ti sousou ?
Souf nan tchou !
Vann sa k pa pou ou,
Vann peyi,
Machann patri.

Kilè wa sispann pou fimen pay
Likide peyi a pou piyay.
Devan biyè vèt,
Lakay blan je vèt,
Ti nèg nwè bese tèt.

San diyite,
Nou mache ranpe
Tankou mabouya,
Lang nou file pase razwa.

File kouto,
Bay kout manchèt nan dlo
Pou n di li pa gen mak,
Asasinen yon patri
Zansèt nou yo te travay pou li.

Peze,
Souse,
Koupe,
Rache,
Likide,
Sanble ou pa santi ou bouke !

Fè piyay,
Tounen kòk batay,
Pete deblozay,
Bay kout zepon,
Fè kwè se ou k pi bon.

Souf nan tchou !
Pitit lisifè,
Mouche malè,
Pitit madichon,
Anba je Bondye,
W ap bat tout move kat,
Ou gen pou ou tonbe plat !

Lè sa a ya griyen dan sou ou,
Nan pwòp tou ou te fouye, wa lage tèt ou
Medizan,
Malpalan,
Ayizan,
Ti sousou,
Se pa lòt, se ou.

Re: souf nan tchou !

Publié : mardi 30 janvier 2024 16:44
par ptitemariam
tre joli