Anba ti kay tonèl

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Anba ti kay tonèl

Message par kelita »

Anba ti kay tonèl
Kat ap bat,
Nèg ap jwe zo,
Jwe kazino,
Jwe domino,
Bwè tafia,
Fimen, pale anpil san rete.

Kay kraze, la yo rete,
Jèn fi ti bout jip kale kò,
Grenn zanno tribò babò,
Pwostitisyon fè kenken.
A douzan yap pran kalòt
Anba men jèn gason dekole,
Pantalon desann jis nan pye,
Kite senti ou pa konn kote l prale.

Fanm tounen gason,
Gason tounen fanm.
Kay madan Brino
Fanm pote gason sou do
Pou yon bòl diri ak lalo.
Ki gason ki fanm atò! Ti krebete
Lèt poko sot nan tou nen yo.
O, o, adye papa! Yo finn awoyo.

Anba ti kay tonèl,
Tout lajounen se rèl,
Pou yon adoken se fèt,
Se pa pozisyon tout bèt.

Se lavi, se lavi, se lavi,
Lavi kretyen vivan ki transfòme
Tankou yon makòn kabrit
Yap tire ak kòd pote ale.

Anba ti kay tonèl,
Balèn limen,
Wousi ak divinò ap liminen,
Lougawou je wouj, dan file pouse zèl,
Ti bebe san pwoteksyon pouse rèl.
Deblozay pete!
Gason makomè,
Flannè femèl,
Abiye anba pantalon
Jip ak jipon a bretèl,
Se pa tout fanm, se pa tout demwazèl

Anba ti kay tonèl
Yon bann timoun chita
Je yo fikse sou ekran televizyon
Yap gade sinema
Yon gwo aksyon,
Sou ti ekran
Toutouni fanm ak gason
Adye Bondye! Antrav! Malediksyon!
Drapo koripsyon ak imoralite monte pi wo
San siklòn pa pase men peyi a nan dlo!
Répondre