Bèlè tounen dezè
Publié : mardi 05 juillet 2022 14:09
Tout moun kouri
Yo pati kite kay yo
Pye atè, ak sa yo ka sove, toutouni.
Tout lakou, tout ri, tout riyèl yo vid,
Lari yo blanch, bandi yo monte mi,
Enstale Va tout kote,
Se chen ak chat sèlman k ap pwomennen nan lari.
Dlo sal ak labou fè kenken,
Bèlè, depi plis pase yon lane
Ap viv yon kalamite san fen.
Bèlè tounen dezè
Lekòl, lopital, sant sante,
Okenn enstitisyon pa fonksyone.
Maten, midi, swa,
Kout zam otomatik fè kenken.
Bandi ak gwo zam fann fwa
Okipe tout zòn,
Se yo ki gen dwa,
Se yo ki leta,
Se yo k ap fè la lwa.
Bèlè tounen dezè
Se yo k ap fè e defè,
Se yo k ap kòmande,
Se yo k ap koupe rache.
Se yo k ap asasine, kidnape,
Bloke, mete barikad lè yo vle, jan yo vle,
Se yo k ap mete dife,
Anba men yo okenn moun pa epanye,
Menm ti bebe nan tete.
Bèlè tounen dezè
Tout sa ap pase la aaaa,
Anba bab yon pakèt moun
Ki bay tèt yo pote non
Otorite leta!
Yon leta sou lagraba,
Yon leta tèt anba
Ki pa p regle anyen serye nan peyi a.
Bèlè tounen dezè
Anwo, devan chapèl Pèpetyèl
Se zèb nan mitan lari a ki pouse
Ri timas, ri makajou, ri dè Fon Fò, ri dè Seza
Se nan kouri pou travèse.
Anba lavil, machann pa ka lote,
Se dezolasyon tout kote,
Nanpwen limyè
Menm solèy la pè louvre je l
Sou tèt malere, malerèz ki bouke,
K ap rele anmwe!!! Se twòp!!!
Bèlè tounen dezè
Ayè ankò,
Li pa t ko finn fè klè
Se gwo kout za m moun ap tande k ap tire,
Lafimen dife ap monte, moun oubyen kawotchou k ap boule?!
Nan mitan kalfou deblozay, tèt koupe
gason ak fanm pa kanpe!
Nou pa ka kontwole konbyen nan yo ki boule,
Vyann dechire, tèt koupe,
Sa yo ki ale anba bal.
Gen lòt, se bal mawon ki etenn souf yo san pale.
Kilè sa ap bout? Kilè sa ap sispann!!!?
Jiskilè tranbleman, laperèz, estrès a sispann ba nou souf kout?
Ki moun ka vinn mete yon fren,
Chavire tout pèlen
Patizan lespri malen drese sou wout lavi nou,
Anpeche n avanse, anpeche n rive!
Depi dat nou nan wout!!!
Bèlè tounen dezè
Timoun yo pa ka jwe,
Granmoun pa ka chante,
Toupatou se bandi ak gwo zam fann fwa
Nan tout kwen, tout lari, tout lakou, tout kalfou
Ki se sèl otorite,
Sèl kòk chante k ap taye banda nan peyi a.
Yo pati kite kay yo
Pye atè, ak sa yo ka sove, toutouni.
Tout lakou, tout ri, tout riyèl yo vid,
Lari yo blanch, bandi yo monte mi,
Enstale Va tout kote,
Se chen ak chat sèlman k ap pwomennen nan lari.
Dlo sal ak labou fè kenken,
Bèlè, depi plis pase yon lane
Ap viv yon kalamite san fen.
Bèlè tounen dezè
Lekòl, lopital, sant sante,
Okenn enstitisyon pa fonksyone.
Maten, midi, swa,
Kout zam otomatik fè kenken.
Bandi ak gwo zam fann fwa
Okipe tout zòn,
Se yo ki gen dwa,
Se yo ki leta,
Se yo k ap fè la lwa.
Bèlè tounen dezè
Se yo k ap fè e defè,
Se yo k ap kòmande,
Se yo k ap koupe rache.
Se yo k ap asasine, kidnape,
Bloke, mete barikad lè yo vle, jan yo vle,
Se yo k ap mete dife,
Anba men yo okenn moun pa epanye,
Menm ti bebe nan tete.
Bèlè tounen dezè
Tout sa ap pase la aaaa,
Anba bab yon pakèt moun
Ki bay tèt yo pote non
Otorite leta!
Yon leta sou lagraba,
Yon leta tèt anba
Ki pa p regle anyen serye nan peyi a.
Bèlè tounen dezè
Anwo, devan chapèl Pèpetyèl
Se zèb nan mitan lari a ki pouse
Ri timas, ri makajou, ri dè Fon Fò, ri dè Seza
Se nan kouri pou travèse.
Anba lavil, machann pa ka lote,
Se dezolasyon tout kote,
Nanpwen limyè
Menm solèy la pè louvre je l
Sou tèt malere, malerèz ki bouke,
K ap rele anmwe!!! Se twòp!!!
Bèlè tounen dezè
Ayè ankò,
Li pa t ko finn fè klè
Se gwo kout za m moun ap tande k ap tire,
Lafimen dife ap monte, moun oubyen kawotchou k ap boule?!
Nan mitan kalfou deblozay, tèt koupe
gason ak fanm pa kanpe!
Nou pa ka kontwole konbyen nan yo ki boule,
Vyann dechire, tèt koupe,
Sa yo ki ale anba bal.
Gen lòt, se bal mawon ki etenn souf yo san pale.
Kilè sa ap bout? Kilè sa ap sispann!!!?
Jiskilè tranbleman, laperèz, estrès a sispann ba nou souf kout?
Ki moun ka vinn mete yon fren,
Chavire tout pèlen
Patizan lespri malen drese sou wout lavi nou,
Anpeche n avanse, anpeche n rive!
Depi dat nou nan wout!!!
Bèlè tounen dezè
Timoun yo pa ka jwe,
Granmoun pa ka chante,
Toupatou se bandi ak gwo zam fann fwa
Nan tout kwen, tout lari, tout lakou, tout kalfou
Ki se sèl otorite,
Sèl kòk chante k ap taye banda nan peyi a.