Page 1 sur 1

LANMÒ

Publié : dimanche 02 janvier 2022 13:33
par PEPSI
LANMÒ

Lanmò fè ditò tribòbabò.
Li koze kè kase
Pou fanmi k ap soufri.
Li fè Zanmi reyini pou reflechi


Pagen fèy pou soulaje dèy.
Timoun kou granmoun
Ap rele, sipliye Bondye
Pou siye dlo nan je.


Nou ta byen renmen demen vin pi byen,
Boujonnen ak lapè, san pagen malè ak doulè.
Malerezman, de touman an touman
Lasoufrans pa bay nou chans .


Chak jou, n ap pran kousoukou.
Asasen ap vale teren.
Voryen ap fè Kenken
Se dekay ankay y ap pase moun anba tray.


Laj fè nou sispann alapaj.
Kòsaj figi n deplimen, nou parèt chifonnen
Malgré jefò pou n rele sou kò,
Domaj ! Se pou granmèsi n ap lite ak lavi


Pizankò, nou fèt ak Paspò pou lanmò.
Peche achte tout tikè ALE san n pa mande.
Men tou, Vwayaj Retou a se zafè Dye Lanmou a
Grasa Lafwa nan Ranson an, n ap jwenn Rezirèksyon


Annatandan, N ap tann sa k pou vini an.
Byenke ekriti di se dòmi Moun mouri ap dòmi
Kò dechi nou an gen pou l toupizi anba foumi
Pandan nou tounen pousyè anba tè.


Antouka, Sila ki san fwa, Pagen espwa
Pou reveye lè latè transfòme.
Avèk Jezi, Lavi pral fleri nan paradi.
Lavi a pral bèl pou tout sèvitè Fidèl.


Aba Satan, Aba moun mechan
Wayòm Bondye pral delivre
Latè anba Laterè.
Lanmò Kaba, Jewova, Sèl WA


Jan ap la. Renan ap La
Daniela ap la. Sandra ap la.
Eske w ap la ak fanmi w e zanmi w ?
Mwen menm, m ap la.

.

Re: LANMÒ

Publié : dimanche 02 janvier 2022 13:41
par PEPSI
LANMÒ

Lanmò fè ditò tribòbabò.
Li koze kè kase
Pou fanmi k ap soufri.
Li fè Zanmi reyini pou reflechi

Pagen fèy pou soulaje dèy.
Timoun kou granmoun
Ap rele, sipliye Bondye
Pou siye dlo nan je.


Nou ta byen renmen demen vin pi byen,
Boujonnen ak lapè, san pagen malè ak doulè.
Malerezman, detouman antouman
Lasoufrans pa bay nou chans .


Chak jou, n ap pran kousoukou.
Asasen ap vale teren.
Voryen ap fè Kenken.
Se dekay ankay y ap pase moun anba tray.

Laj fè nou sispann alapaj.
Kòsaj figi n deplimen, nou parèt chifonnen
Malgré jefò pou n rele sou kò.
Domaj ! Se pou granmèsi n ap lite ak lavi.


Pizankò, nou fèt ak Paspò pou lanmò.
Peche achte tout tikè ALE san n pa mande.
Men tou, Vwayaj Retou a se zafè Dye Lanmou a.
Grasa Lafwa nan Ranson an, n ap jwenn Rezirèksyon


Annatandan, N ap tann sa k pou vini an.
Byenke ekriti di se dòmi Moun mouri ap dòmi
Kò dechi nou an gen pou l toupizi anba foumi
Pandan nou tounen pousyè anba tè.


Antouka, Sila ki san fwa, Pagen espwa
Pou reveye lè latè transfòme.
Avèk Jezi, Lavi pral fleri nan paradi.
Lavi a pral bèl pou tout sèvitè Fidèl.

Aba Satan! Aba moun mechan!
Wayòm Bondye pral delivre
Latè anba Laterè.
Lanmò Kaba, Jewova, Sèl WA


Jan ap la. Renan ap La
Daniela ap la. Sandra ap la.
Eske w ap la ak fanmi w e zanmi w ?
Mwen menm, m ap la.

.

Re: LANMÒ

Publié : mercredi 26 janvier 2022 17:13
par kelita
la mort, un passage pblige, peronne n'en est exempt. ainsi va la vie, ainsi en est l'existence de l'homme qui n'est rien.

Re: LANMÒ

Publié : dimanche 06 mars 2022 18:53
par ptitemariam
bravo!!