Page 1 sur 1

Nwèl

Publié : dimanche 19 décembre 2021 21:32
par PEPSI
Nwèl

Desanm se mwa gran fredi.
Bèje t ap veye brebi.
Se pa janm fèt Leseyè.
Nwèl se jou fèt banbochè.

Nwèl se fèt tout komèsan.
Mesye Dam gran Panpan
Fè kado bay malere
Pou kache kèk vye peche.

Alavans yo sonnen klòch,
Pou fè Zòt devide pòch.
Tout Granlele dekore
Pou santi yo onore

Fèt Nwèl montre byen aklè
Sa k richès ak lamizè.
Gwo Zotobre ap fete.
Ti Malere ap reve.

Tout Lou pran manto brebi,
Resite jevousali
Pou montre yo konvèti
Nan je fidèl san lespri

An nou sispan rele Nwèl !
Priye Bondye ki nan syèl
Pou nou jwenn bonjan limyè
K'ap klere nou nan fè nwè.

Re: Nwèl

Publié : mercredi 26 janvier 2022 17:19
par kelita
Nwel, depi m piti, yo fete l se fet nesans Jezikri, se jou pou reflechi, pale ak zanmi, se fet respe youn pou lot, pataje sa ou genyen menm si l piti, kit ou te malere, kit ou te zotobre, nou tout gen konsiderasyon nan ke Jezikri, ki te vin fel tout piti pou aprann nou viv tankou moun, san youn pa plede ap kritike lot, ni fe jalouzi pou sa lot la posede ke ou menm ou pa genyen. NWEL se padone, akeyi, ede konstwi yon demen miyo pou tout moun.

Re: Nwèl

Publié : dimanche 06 mars 2022 18:53
par ptitemariam
:)