Page 1 sur 1

Anba ma drapo

Publié : vendredi 17 mai 2019 16:43
par kelita
anba ma drapo
Peyi a ap fè lago
Monte anba, desann anwo
Koripsyon a gogo
Chay sot sou zèpòl
Tonbe sou do
Edikasyon, agrikilti, santé, travay, nou fè zewo
Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo
Pran ansasinen moun nan geto yo
San pitye etenn souf yo
Machann mouri pa pil
Anba lavil
Sou pil fatra yo lote yo
Mete dife sou kadav yo
Otorite leta, palman, gouvènman,
Sa pa gade yo!
Se pèp k ap pote tout vye chay yo
Chay lajan petwo
Kare bare nèg yo gaspiye, kote yo?
Chay lajan meriken
K ap monte pi wo
Epi se pèp k ap peye tout po kase yo
Anba ma drapo
Ki fin tounen ranyon
Anba men malveyan.