AN NOU INVALIDE POZISYON ANTI-KREYOLIS LA!

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
observer keen
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : vendredi 23 juin 2006 00:09

AN NOU INVALIDE POZISYON ANTI-KREYOLIS LA!

Message par observer keen » vendredi 23 juin 2006 00:23

ANOMALI LINGWISTIK AKTYEL LA EN AYITI: ERITAJ KONDISYONMAN KONOLYAL KI PRETANN YON SIPERYORITE LINGWISTIK POU LANG FRANSEZ LA KI PA GEN OKIN BAZ NAN LOJIK.

SI NOU FE YON TI KOUT PYE SOU LISTWA EROYENN, NAP REYALIZE KE MENM ATITID KE YON SERI TETZOKRAT INTEKLEKTYEL KOMOKYEL AP FE KONT KREYOL NOU AN, SE MENM KRITIK ETNOCENTRIK SA KE ROMEN YO TE KONN FE KONT LANG JEMANIK YO_ ROMEN YO TE KONSIDERE LANG JEMANIK YO KOM YON LANG BABA KOTE KE YO PREZIME KE MOUN PAKA PANSE AK FE FILOZOFI AN LANG SA.
LE NOU GADE LISTWA, NOU WE KE MENM LANG JEMANIK SA YO KE ROMEN YO TAP MINIMIZE YA, BAY NESANS AK GAUSS, EULER, PLANCK, GOETHE, KANT E LATRIYE.

EDIKASYON AYISYENN: YON ANOMALI INTEGRAL!

Nan sek tradisyonel intelektyel ayisyen an, gen yon pretansyon lingwistik ki ta vle fe nou asepte ke kreyol la pa sofistike ase pou eksprime ide abtre nan egzesis "kognitif" yo; komsi fakilte intelektyel yon ayisyen pedi yon pousantaj sibstansyel nan "*kapasite ontolojik" li, ke yo konsidere, falasyezman dapre mwen, kom yon kondisyon ki inerant nan nati lang kreyol la.
moun ki asepte pozisyon sa gen tandans lonje dwet sou limitasyon aktyel lang kreyol nan abilite pou eksprime "tem konvansyonel syentifik ak filozofik yo".
pou ki sa mwen pa dako ak pozisyon sa? se pa paske mwen se yon kiltiralis kap batay pou montre vale eleman kiltirel ke sikonstans nesans mwen atribiye a ekzistans mwen; sa ka yon *motivasyon inkonsyant, men baz agiman mwen kont pozisyon ankreyolis se yon baz analitik: moun ki konsevwa kreyol nou an kom yon lang ki gen yon ti kal "fenet ontolojik" fe ere, paske yo aparamman panse ke tout "limitasyon aktyel" se neseseman yon "limitasyon inerant", ki pa vre di tou.
ki diferans ki genyen ant yon "limitasyon aktyel" ak yon "limitasyon inerant"?
diferans ki genyen ant de kondisyon sa yo, seke yon "limitasyon aktyel" pa neseseman inerant paske li ka "sikonstansyel" tou.
par egzanp, "limitasyon aktyel" yon makak nan konpitasyon aritmetik prime se yon kondisyon inerant( rejyon nan fontenn sevel tet ki rele " neo-cortex" la pa devlope ase nan makak pou pemet li elabore ide abstre ki se operasyon aritmetik sa yo: adisyon, soustraksyon, divizyon ak miltiplikasyon; tandiske limitasyon yon moun ki iletre nan operasyon aritmetik yo se yon kondisyon sikonstansyel. setadi si moun iletre sa te leve nan environman ki te ganranti li omwen yon edikasyon prime, li tap kopetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nomal( li pa kokobe mantal tankou par egzanp yon boulouloum).

Ki sa analoji sa gen pou li we ak tez ke nap diskite ya?
menm jan moun ki iletre ya gen yon limitasyon sikonstansyel nan abilite pou efektye operasyon aritmetik_ kwake li toujou gen potensyalite pou li vini konpetan nan egzesis kognitif sa, yon eventyalite ki depann sou eleman ak resous ki implimente nan pwoses aprentisaj moun sa_ limitasyon aktyel lang kreyol la nan eksprime ide abstre filozofik ou syentifik se yon kondisyon sikonstansyel_ sikonstansyel paske nou pa selman neglije pwodiksyon intelektyel nan lang la, nou dekouraje li. yon fenomen ki reprezante yon "sek visye" kote efe ya ( limitasyon ke nou obzeve nan abilite kreyol pou eksprime ide abstre konpleks yo) konfondi pou koz la ( kondisyon akiz la konfondi pou kom koz esansyel la).

kritik antikreyolis yo, pa selman konfonn fakte kozatif limitasyon aparant ke nou obseve nan abilite lang kreyol la pou eksprime ide abstre yo, men yo pa arive reyalize ke lang kreyol la se yon sentez lingwistik, yon sentez ki marye "erop ak afrik"; yon rezilta ki pemet kreyol nou'an abzobe konsep etno-kiltirel mond afriken yan ak mond eropeyen yan. nan konteks sa, kreyol la pap gen yon ti kal "fenet ontolonjik" kom antikreyolis yo falasyezman asime, men plito yon gwo "fenet ontolojik" ki an prinsip ta dwe depase fenet ontolojik respektiv mond konstitiyan yo, afrik ak erop.
en konklizyon, se pa ke lang kreyol la pa sofistike ase pou eksprime
ide abtre yo, men paske nou tradisyonelman dekouraje, penalize ak ridikilize tout atanta moun ki ta vle devlepe indepandans intelektyel yo nan lang kreyol la.
_________________
pale franse pa sinifi intelijan!!!!!!
pale franse pa sinifi intelijan!

CHANTAL
10 Posts
10 Posts
Messages : 18
Inscription : samedi 10 mars 2007 14:51
Localisation : PARIS

Message par CHANTAL » lundi 09 avril 2007 11:39

observer queen
kreol a ou tro fô pou moin, si en comprenn sé kréol ayti?
Kinbé red

kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 153
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Message par kenn » mardi 10 avril 2007 19:00

Yonn nan bann solusion ki t'ava kapab ede kreyol la ale pi douvan kon tout mounn ka espere y la se ba publik la plus akssessiblite pou yo ka etudie bann liv ki finn marke nan lanng sila-a se koumanse ka explike yo kisa lanng nou-an ye kisa tout lanng ye kisa yon lanng ye ek kisa pies lanng pa ye
se pou sa kifè yonn nan bann travay ki pi enportan ki pou fèt ki ja finn koumanse ap fet me ki dwe kontinue fèt se travay ekritu lanng lan nan tout domènn i pa te ko ganny kenn a-y , se sa ki pi enportan , me sa se pa on koze pies mounn ava finn regle jordi denmen sa mande tan anpil tan sa mande kolaborasion tout mounn nèt sa mande tou pou bann kreyolis mounn k'ap marke ak lanng kreyol travay ansanm kit yo se bann haitien , antillais francophone òben anglophone, guyanais, seychelois , mauricien ek reunionais
kreyol la kapab ale douvan si chak mounn pote ti sa yo finn genyen yan ladan l pas li pa ni plus ni mwens pase yon zouti ki ka permet mounn panse imajine koze fè ek tout sa ki possib .
KENN

kounta
Moderator
Moderator
Messages : 75
Inscription : lundi 19 février 2007 03:50
Localisation : Lakarayib

Message par kounta » lundi 08 octobre 2007 07:43

Le créole est une langue à part entière et non un baragouin entièrement à part.
Il faut se battre pour nos dialectes créoles, notre héritage..

sebastien
10 Posts
10 Posts
Messages : 16
Inscription : jeudi 24 mai 2007 23:23
Localisation : Ste Anne Martinique

Re:

Message par sebastien » dimanche 21 septembre 2008 15:10

CHANTAL a écrit :observer queen
kreol a ou tro fô pou moin, si en comprenn sé kréol ayti?
Kinbé red
Très bonne remarque de Chantal.

Gifrants
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : mardi 21 octobre 2008 04:07

Re: AN NOU INVALIDE POZISYON ANTI-KREYOLIS LA!

Message par Gifrants » jeudi 23 octobre 2008 20:50

Mwen pa kwè ke tout peyi genyen posibilite oubyen nesesite pou pran kreyòl tankou lang ofisyèl.

Ka peyi wen, peyi Dayiti, se yon ka patikilye kote non sèlman peyizan Ayisyen livre a li menm sèl, kote li pa janm jwenn opòtinite pou li ale lekòl, men ankò tou to analfabetis la tèlman wo ke li vinn empòtan anpil ke kreyòl tounen yon lang de fòmasyon a yon sèten nivo.

Pa egzanp, mwen kwè ke ensèyman ka fèt an kreyòl jis nan klas sètifika. Yonn nan rezon poulakyèl mwen pa konseye pou nou enseye li pi lwen, se fikilte finansyè ki ka poze nan achte lisans tout gwo liv lasyans pou nou tradui yo an kreyòl.

Kodisyon jeopolitik tou konbine ak efè relasyon Ayisyen nan dyaspora a mande ke anglè vini lang ofisyèl peyi Dayiti.

Mwen pa konnen trèbyen nivo analfabetis nan lòt peyi Karayib la. Men si to analfabetis la ba, e sitou se peyi sa yo fè pati de yon sistèm politik tankou "Commonwealth", adòpte kreyòl tankou yon lang ofisyèl ka depann plis de yon aspè emosyonèl de fyète kiltirèl oubyen zafè zansèt e menm patryotik san li pa pou otan yon nesesite oubyen yon kondisyon "sine qua non" pou peyi sa ka avanse pi douvan.

Répondre