Page 1 sur 1

AYITI AN DÈY

Publié : jeudi 15 juin 2017 19:15
par PEPSI
AYITI AN DÈY

Lemonn an mèvèy
Ayiti an dèy.
Yè se kolera
Demen se zika
Ou byen malarya.
Goudougoudou a
Se yon lòt ankò
Ki pòte lanmò


Lemonn an mèvèy
Ayiti an dèy
Magouyè devan,
Moun debyen sou ban.
Gran nèg yo se wa.
Sòyèt pa gen vwa.
Beton se lalwa
Ak Ratpakaka.

Kouran pakontgout.
Vòlè sou tout wout.
Chomè ap reve
Volè ap veye.
Lari plen machann,
Vye Machin rejè
Ak moto pèpè.
Pou leta se: MYANN

Sab ak wòch,
Pil fatra adwat,
Adoken agoch.
Ranyon twal, vye bwat
Bloke tout trafik.
Anplis, mouchavè
Ap bay vye mizik
Nan chèche odè


Ayiti an dèy
An nou tout bwè fèy.
Sezisman li gwo.
Si ansyen ewo
Ki te fè batay
Ak Blan sou mitray
T’a wè Ayiti,
Yo t ap remouri

Ayiti an dèy
Li pa nan sèkèy.
Tout gason kou fi,
Ann mare senti
Nan travay byen di
Pou fè AYITI
Retounen Peyi :
La pèl dèzanti.