Page 1 sur 1

LANBI

Publié : mercredi 24 mai 2017 11:44
par PEPSI
LANBI


Lanbi se yon bon nouriti
Se manje mounn ki travay di.
Li pa vann bon pri.
Reskiyè mache nan tout seremoni,
Yo fè ralevini, fè moun ri
Nan ti blag ak pwezi
Pou yo manje plis pase tout lòt zanmi.

Lanbi gen zen : Pwodi ki pap fè’w fenyen.
Li bon pou maladi ren
Ansanm ak zwazo ki deplimen.
Mhh ! Pawòl tou limen-an, m’pa konnen.
Antouka, li ta fè dibyen
Pou tout gadyen kap pran gòl amen.
Famasi kap simayen ti grenn, ta resi fèmen.
Boss Sipriyen ta va woule paten l tout la jounen.
Solèy ta anfen limen pou tout toutrèl ki nan plenyen.
Mhh !!! Sispan fè zen !!!

Lanbi santi bon lè l ap bouyi
Pi rèd ankò lè l anba gri.
Ou kap manje l ak diri,
San bliye yon ti bannann fri.
Annayiti, mounn ki sou plezi,
Sèvi lanbi nan yon ti kwi.
Lanbi bay gwo enèji ; li pa bay alèji .
Devan lanbi, tout maladi ale dòmi.
Lanbi pa nan plezantri.
Pou yon fèt kenbe bon ti souvni,
Moun lespri mete yon ti lanbi nan meni.
Tout envite ap vayi sou li.
Yo pap menm santi si l te tou piti.
Lanbi, se nouriti sitwayen Dayiti