Page 1 sur 1

MARYAJ

Publié : mercredi 24 mai 2017 11:14
par PEPSI
Ou marye, w ap kriye nan yon je.
Ou pa marye w ap kriye nan 2 je.
Mwen prefere marye, m ap andire apre.
Konsa, kè m ap sikre detanzantan toutbonvre

Maryaj pa baze sou enterè ni sou kesyon dousè ak grandè.
Maryaj se senfoni lanmou, bèl amoni ant gason ak fi pou toujou
Se tètatèt ant de zèt pou ret ansanm tout lavi yo nèt.
Se yon konpoze kòktèl byen cho brase nan lèt ak siwo.

Devan tanpèt lavi, yo mawonnen pi di.
Moun ki renmen pa brennen menm nan chemen jennen.
Moral yo wo kankou ti zwazo k kanpe sou pye wozo.
Yo jire, pou yo pa separe tanke y’ap respire.

Re: MARYAJ

Publié : jeudi 06 septembre 2018 17:53
par lukaszglinek
Je vais l'utiliser de la bonne façon

Re: MARYAJ

Publié : mardi 11 septembre 2018 13:14
par PEPSI
Merci pour votre support

Pepsi