Premye jou
N'kontre cheri
Ou gade'm
jouk m pedi nan gade'w 
Pou paradi sanble n
Premye jou
N'kontre cheri
kè'm ak kè'w fè yan
Sou konn lè zèklè
Ap kata kalinda
Sou do nyay.
Premye jou
N'kontre cherie
M souri mezi dyôl mw
Pou'w pa sispèk
Map flate belte'w
kou rena pou fronmaj kè
premye jou
M kontre'w cheri 
M t gen pèd parôl
latranblad
Ak on sèl lwa moun dou
ou fè kè'm pran sakad
Kouwè grandou 5 bwa
lavèy vendredisen....
Premye jou
N'kontre cheri
M wè tout koulé
M wè bonè 
m wè lajwa
M wè kè kontan
Ata m wè mizè 
Je kale dwèt gaye nan demenm,
Men m pap kache'w sa
Jou sa kou'w fin ale cheri
Mal chita bôdmè
pou'm veye lonbray ou
kap desann dèyè zile lagonav...
			
			
									
									
						jou nou kontre
- 
				Deewoy Derosier R
 - New entry

 - Messages : 4
 - Inscription : lundi 21 mars 2016 05:55
 - Contact :