Page 1 sur 1

WOUT LANMOU

Publié : jeudi 17 septembre 2015 19:10
par PEPSI
WOUT LANMOU


Mwen pa anvi fè pyès ennmi, wout zizani detwi lavi.
M’pa gen sèso pou ‘kenn konplo ni kout mato frape nan do.
Mwen pap sèvi nan patipri pou lòt zanmi pa vin soufri.
M’ pap ret sou ray bwa tripotay, mwen bay travay panse lakay.

Chemen lapè se labanyè bonjan bonè pou chofe kè.
Yon ti mo dou, yon ti bonjou se lasdatou nan jwèt lanmou.
Bay yon vè dlo, yon ti kado fè chalèpo monte byen wo.
Pitye, bonte, imilite se konsavre lanmou an ye.

Wout lanmou dous kou siwomyèl. L’pa mòde ni sèvi ak rèl.
Li pa kole ak zafè zen. Sou pwochen l, li pale an byen.
Bon lanmou pa sere manje lè lòt frè nan nesesite.
Montre lanmou se pase bèl kout tiwèl sou yon bagatèl.

Wout lanmou se randevou moun ki gen gou.
Pagen ni klou ni ti twou pou rann ou fou.
Pran l toulèjou ; yon gwo pwalou ap sot sou ou.