Demagoji elektoral, desepsyon total

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Demagoji elektoral, desepsyon total

Message par kelita »

Kòm manb òganizasyon k ap defann dwa moun, ki te patisipe kòm obsèvatè nan eleksyon ki te dewoule nan peyi a, pou pòs senatè ak depite, Nan sa ki te pase a, jou dimanch 9 out la, mwen jije bon pou m ekri teks sa pou m pataje sa m te wè ak sa m te tande avek nou.
Li te 8 tè konsa ak kèk minit dèyè l, jou dimanch 9 out la, ki te make jounen elektoral nan tout depatman peyi a, lè m te finn akonpli devwa kretyen mwen, kidonk, mwen te sòti legliz, menm kote a, mwen te pwofite, anvan m te ale lakay mwen, pou m te antre nan yon sant vòt, premye sant mwen te antre pou m al obsève kòman aktivite eleksyon yo t ap dewoule.


Oganizasyon dwa moun mwen se manb komite direktwa ladan n nan ki se DESAFRODH, sa vle di: Defenseurs Sans Frontières des Droits Humains, nou genyen abitid patisipe deja kòm obsèvatè nan eleksyon, tankou tout lòt òganizasyon dwa moun , ki konn abitye fè travay sa.
Kòm manb DESAFRODH, mwen te gen yon lòt fwa ankò wòl sa pou m te jwe, pou m te al obsève eleksyon yo nan yon seri sant vòt ki sitiye nan depatman lwès la. Tankou m sot di li, efektivman, mwen soti legliz la, san m po t ko retire rad sou mwen, mwen te kòmanse travay sa, kote mwen te vizite sant vòt lekòl nasyonal Venezyela ak Tètilyen Gilbo ki sitiye yo nan yon menm espas nan ri Doktè Obri, anfas Katedral Pòtoprens,
Sant vòt sa te genyen si m pa twonpe m, 47 biwo ladann. Lè m te rive, nan antre a te genyen polisye ki te la, men moun ap antre, moun ap soti pa ban n, pa pakèt. Mwen antre pi fon toujou, mwen te wè lis non elektè yo te gen tan afiche ak moun ki t ap chèche non yo nan lis yo, ak anpil difikilte pou yo te rive jwenn ni.

Lè m pwoche pou m antre kounyeya nan liy biwo vòt yo, se nan difikilte. Yon bann moun te mase devan pòt kote pou antre nan espas sa ki te genyen plizyè biwo ladann : se vakam, se pale anpil, se tankou se nan yon mache w ap antre.
Moun kanpe adwat, moun kanpe agoch, ou preske pa wè kisa ou vin fè, tèlman bagay yo mele ! ou pa fouti rive konnen kiyès ki mandatè, kiyès ki obsèvatè, kiyès ki elektè, yon dezod total !

Men, mwen te reyisi kanmenm rive obsève, kote mwen te wè tout manb biwo yo ak materyèl vòt yo te déjà la, yo te gentan ranje izolwa yo,ak bwat ki pou resevwa bilten yo ; men vòt pot ko kòmanse. Epi mwen soti, se pandan m ap soti nan espas la, mwen vinn kontre ak kèk manb biwo ki te genyen mayo jòn yo sou yo ki t ap antre youn dèyè lòt ak bwat bilten yo nan men yo. Lè m fin fè premye obsèvasyon nan sant sa, mwen vinn gen tan genyen yon lide sou kouman eleksyon sa yo, pou jounen an ka dewoule.

Mwen vin antre lakay mwen, mwen retire rad sou mwen, mwen bwè yon ti kafe, mwen pran kat obsèvatè m : Yon ti kat vèt, se li responsab KEP yo te livre nou pou manb nou yo ki te gen pou obsève tou, se ak li mwen te oblje ale obsève, paske jou samdi, lavèy jou eleksyon yo, mwen menm ak koòdonatè jeneral òganizasyon an, ak yon lòt manb ki te akonpaye nou, nou te rann nou nan Petyon Vil, nan biwo KEP a pou nou te ale chèche kat akreditasyon yo te genyen pou yo te ba nou, ki ta kapab pèmèt nou rive fè travay la pi byen. Ebyen, lè nou te rive anwo a, li te ka nan bò 4 trè kèk minit konsa, yo fè nou ekri non òganizasyon an nan yon fèy blanch ki te déjà gen non lòt òganizasyon dwa moun, manb yo te deja la ki t ap tann nan KEP a kat pa yo tou, epi yo di nou al chita.

Nou chita, nou chita, pandan tan sa, moun ap antre, moun ap soti, pa gen anyen ki janm fèt. De tanzantan yon manm KEP a ki ta sanble responsab bagay sa, ap fè monte desann, moun yo menm ap leve al pale ak li, se nadmarinad ! kit se kandida oubyen moun ki manb pati politik, sa ki se moun k ap travay nan koòdinasyon pou kandida, sa ki soti nan pòtoprens lan menm, sa yo ki soti jis byen lwen jou sa nan vil pwovens ki vin chèche kat pou mandatè, kat pou obsèvatè, lese pase, anyen tankou pou nou, pa tonbe, se te pale anpil pèdi tan pou gremesi !
Li te déjà pral fè 7 tè, lannwit te kòmanse tonbe, lè nou wè anyen p ap regle, anpil moun te oblije ale, gen lòt ki te rete ap tann toujou, nou te pran wout la, ale pran machin pou n te tounen lakay nou, li te vin anviwon nevè nan aswè.

Se granmesi ti kat vèt sa KEP a te gen tan ba nou, se ak li mwen te oblije mache, gade, obsève jounen elektoral la.
Mwen te fin òbsève sant vòt Venezyela ak Tètilyen Gilbo, mwen vinn monte atò nan lekòl Dimasè Estime, ki sitiye l nan ri Dè pisèl, anfas Chapèl Pèpetyèl sekou ki nan Bèlè, lè sa li te gen tan nan wit (8) tè ak kèk minit, lè m te rive la tou, se te menm dezòd la : Te gen yon foul moun ki te mase devan antre sant la, anpil ladan yo se te mandatè ki te gen kat yo nan men yo, ki t ap mande pou yo antre, te genyen polisye ki te la, genyen yon mesye ki ta sanble se youn nan responsab sant vòt sa, ki te kanpe nan antre a, ki tou piti, ki pa vle yo antre : Pale anpil kòmanse, bouch boude, moun yo an kòlè, y ap menase mesye a, nan de tan twa mouvman, moun yo vinn ap monte ti mach eskalye a pou yo fòse antre, mesye sa pa ka fè fòs ak yo ankò, paske yo te anpil, konsa li finn pa retire kò l ba yo antre, lè sa a mwen menm, mwen tou pwofite antre tou pou m al gade sa k ap pase.

Nan sant sa ki te genyen dis (10) biwo anwo tankou anba, mwen wè moun yo te kòmanse vote paske nan bwat bilten yo, mwen te ka konstate te gen bilten, men genyen de twa jèn gason k ap mache nan sant la y ap monte desann nan tout biwo yo k ap di : « veye yo ! » , « veye vòt yo ! », « aba magouy ! ».

Mwen antre nan kèk biwo anba a, mwen monte anlè a tou, mwen wè te genyen nan biwo yo mandate ak obsèvatè ki te la, k ap swiv jan vòt la ap pase. Mwen vinn soti vè nevè, epi mwen pran desann. Konsa, sou wout, mwen pran nouvèl sant vòt Jan Franswa Kovin kraze, lè sa mwen plonje ale pou m al verifye, lè m rive, mwen wè lapolis te la , yon machin UN te la tou ak laprès ki te sou plas ap filme, mwen kanpe m ap gade, epi m poze tèt mwen kesyon mwen di : Si sant sa bonè konsa kraze, kjan jounen sa menm pral pase ? Mwen desann male nan lekòl Repiblik Panama ki tou pre a, nan ri Montalè, li menm li te gen 5 biwo ladann, se te menm bagay mwen te konstate nan lot sant yo, prezans lapolis te la, mwen antre dèyè yon gwoup jounalis ki te rann yo nan sant sa tou pou yo al gade sa k ap fèt. Se toujou : vaka m, pale anpil, diskisyon, ou pa fouti antre, ti kote a twò jis, moun yo te kòmanse vote, te genyen mandatè ki te la. Nan yon biwo, genyen kèk mandatè nan biwo sa, ki t ap mande pou yo te vote, yo t ap pale anpil paske manb biwo yo pa t ko vle ba yo aksè pou yo vote.

Kanta pou kesyon elektè ki vinn vote ki pa ka rive jwenn non yo nan lis la, se yon veritab tèt chaje ! Sa repete nan preske tout sant vòt sa yo ki lakòz tou anpil fristrasyon, anpil kòlè. Se menm bagay sa yo ki te konn repete nan lòt eleksyon KEP ki pase yo konn òganize, yon bagay mwen wè otorite yo ta dwe chèche kote pwoblèm nan ye, pou yo rive korije sa.

Mwen soti nan sant Panama nan ri Montalè, epi m ap desann, konsa, mwen tande de moun ap pale de sant vòt Izidò Bwawon, lekol nasyonal sa ki sitye nan ri Lama, anfas Ti Seminè kolèj Sen Masyal, mwen di : « banm desann pou m al gade sa k ap pase la tou », paske sant sa genyen plizyè biwo ladann. Li te gen tan pra l fè dizè lè m file desann, mwen rive, dezòd te gen tan pete nan sant sa byen bonè, tout bagay fèmen, Se te foto kandida yo ki te plake nan mi yo mwen wè yo rache yo, dechire yo, lage atè. Mwen di : « bon, si Bondye pa mete men pou nou, jounen elektoral sa p ap dous ! », pou sa nan yon ti bout tan mwen te gen tan konstate. Mwen retounen mache, gade, verifye sant ki te rete yo, mwen kapab di : sant ki t ap reziste toujou ! Paske nan wonn nan, tansyon t ap monte, moun vin pè pou sekirite yo. Elektè yo menm ki wè jan bagay yo malouk te oblije pa t ka ale vote ankò. Mwen tounen monte nan Dimasè Estime, anyen pa t chanje, mwen desann ankò nan sant Tètilyen Gilbo ak Venezyela, bagay la la te vin pi mangonmen, tansyon an t ap monte anndan an. Genyen yon ti jen gason ki te gen kat li sou li, ki se te yon manb biwo, li te kanpe deyo a, li pa t ka rete andedan an pou jan sitiyasyon an te ye, li te genyen de lot moun ki te vle ale vote, se te de grandèt yo te ye, men yo te wè jan sa te ye, yo p at ka rete yo te blije di yo prale.

Mwen menm mwen te antre ankò, mwen vin kwaze ak yon pèsonaj ki te gen kat li nan men n li te vle vote, men li p at ka rive jwenn non li nan lis la, konsa mwen pran ede li, nou chèche, nou pa jwenn non an. Genyen yon jèn gason ki parèt li di nou : Antre andedan an, gen lòt lis ki afiche, mwen antre ak li, fou l moun yo te pi plis, y ap fe diskisyon, y ap pale anpil.

Mwen ale chèche, mwen pa ka jwenn li toujou, epi pandan n ap chèche, vinn genyen yon diskisyon ki pete : Yon jèn gason ki gen lè te vle fè dezòd, epi de twa lòt nèg kite andedan an, pran ni, yo bourade li, pou fè l sòti, la tou vinn gen yon panik andedan an, moun ap chèche kote pou yo foure tèt yo, apre vin genyen yon ekip jèn gason ki debake ap antre youn dèyè lòt, mwen santi sa ka gate ! mwen di pèsonaj la : « an nou wè si na soti » vin genyen yon ti espas, mwen file kò m mwen soti epi mwen vire gade dèyè pou m wè si l soti, konsa li vin jwenn mwen, li pa rive vote, li tou ale lakay li. Se menm bagay la tou pou yon lòt pèsonaj ki te ap mache sou baton li, ki te vin vote, men, li menm tou, akòz de tansyon, moun t ap chèche sòti, li p at rive fè sa.

Vè onzè, lè m wè jan bagay yo ye, mwen antre lakay mwen, te gen kouran, mwen ouvè televizyon epi se lè a m ap swiv, m ap gade kijan eleksyon an nan anpil kote nan depatman lwès la ak nan yon seri vil pwovens te gen tan pase mal, se regretab ! Pandan tou gen lòt kote li t ap byen dewoule.

Sa m panse de jounen an

Kesyon m ap poze tèt mwen, lè m ap gade deblozay sa yo, m ap mande m : Poukisa? Kisa nou pa ka òganize la !? Pouki rezon se vyolans, dezòd, derapaj nou wè pou nou fè a chak fwa gen eleksyon nan peyi a ? Lè m ap gade tout sant sa yo ki gen plizyè biwo ladan yo ki kraze, bilten ki gaye atè : Tout se lajan k ap gaspiye epi pèp la paka manje.

Lè ou tonbe fè vyolans, anpeche moun vote, di moun nan ki moun pou li vote, fè presyon sou li, bat li ; se dwa moun nan ou vyole, dwa konstitisyon an ba li pou li ekzèse dwa sivik li lib e libè. Si nou pa pre pou nou fè eleksyon pouki nou fè l ?
Nou menm ki se otorite nan leta ki gen reskonsabilite fè bagay yo mache, mete sekirite, ak ki entansyon nou òganize eleksyon sa yo ke mwen menm mwen konsdere kòm yon gagòt, yon demagoji elektoral.

Pou sitwayen ki konsyan de tout deriv sa ki genyen nan peyi a, ki lakoz pèp sa nou toujou ap envite al jete bilten pou nou vin chef, ki pa janm ka soti nan mizè li ye, li toujou ap naje nan ma labou, fatra, grangou, chomaj ki blayi toupatou, nan tout rakwen, dwa l tout bon vre pa janm respekte ; se yon desepsyon total !

Ki peyi menm nou vle pou pitit nou, pou pitit pitit nou ? yon sitwayen ki renmen peyi l, ki vle wè byen pou peyi l, ki vle chanjman ; pa ka pran plezi nan katastwòf elektoral sa ki pase jou dimanch 9 out la.

Si chak jou n ap pran radyo, televizyon pou nou pale de pwogrè, chanjman, devlopman, demokrasi ; men, nan kondisyon sa, ki chanjman nou ka espere ? ki demokrasi, ki peyi nou ka rive rekonstwi ? ki ekzanp nou ka bay jenès la ki pa jwenn tras pou li swiv ?
Timoun yo ki se avni peyi a, ki ekzanp n ap ba yo nou menm ki se otorite nan leta, nan gouvènman, Palmantè, lidè politik, pati politik ? Eleksyon sa yo deja te anonse anpil koulè : Pou youn ak de twa pòs elektif, yon makòn moun poze kandidati yo, nan ki peyi menm nou jwenn yon bagay konsa ! ? sa fè nou wè aklè kijan koze mete tèt ansanm pou rebati peyi a, anpil nèg ki di y ap fè politik, y ap travay pou pèp pa mache nan lojik sa. E se sa k ap kraze nou, se sa k ap antere nou pi plis nan tou.

Yon bann pati ki fòme, k ap chèche vin pran ti pati pa yo : A la bon sa bon !
Yon bann lidè tout koulè ki vle vinn tete manmèl la : A la bon sa bon ! Se peyi a k ap peye sa ! Pran konsyans mezanmi !

Kowalisyon pou plis divizyon, yon bann platfòm pou lafòm, alyans pou rans, fizyon pou plis desepsyon.
Yon bann, yon paket pati ou wè, ou tande, men jèm divizyon an ap pouse tout longè anba pye yo. Pouki sa nou pa ka ini nou, pou nou fè yon fon, rive mete sou pye de twa pati ki fò, ki gen moun konsekan konpetan k ap panse vre pou peyi e non pou enterè pòch yo ? Se pa sa m wè la jenès la ap tann nan men nou, se pa sa Ayiti ap tann.

Pou premye tou eleksyon sa yo, mwen kapab di yon lòt fwa ankò nou echwe ! ale mete yon lòt fwa devwa nou nan kaye pwòp ! Sispann kouve lawont ! Se tout tan, a chak fwa gen eleksyon n ap mande pèp la pou l al vote nou, epoutan nou pa janm ka ba li satisfaksyon, paske nou pa respekte l pou sakrifis sa li toujou ap fè a, nou pa prepare pou sa, nou pa non pli elijib pou sa. Se moun nou ye, nou pa bèt ! sispann fè wè jan nou lèd !

Mwen espere pou lòt eleksyon sa yo ki poko fèt, ki ta gen pou fèt, nou pa akouche menm betiz la nou toujou ap akouche sa gen lontan lè n ap òganize eleksyon nan peyi a. Mwen espere gen pi bon dispozisyon ki va pran, pou sa m wè la, sa tout moun ki t ap obsèe wè a ki pa antre nan santiman m ditou, pa rive.

Kandida, pati politik, lidè politik, otorite nan leta, tout moun ki pa vle pran konsyans, k ap taye zèb depi lontan pou anpeche Ayiti jwenn wout li : Nan non jenès la k ap deperi, nan non timoun yo ki se avni peyi a, nan non granmoun yo, nan non pèp ayisyen an : Ann bay Ayiti yon chans !

Mikelita Jean
Membre des Défenseurs Sans Frontières des Droits Humains (DESAFRODH)
Répondre