vote Jezi

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

vote Jezi

Message par kelita »

Pou tout moun ki pral tranpe men yo nan lank al vote, gen yon bagay ki pi enpotan pou nou fè avan nou al akonpli devwa sitwayen nou, nou fèt pou an premye vote Jezi nan lavi nou, se li menm ki pi bon lidè, avek li nou p ap pran wont. Se li ki va gide nou sou ki chwa pou nou fè nan tout kantite kandida sa yo nou wè ki pare pou al pran pouvwa sou do pèp la. M'ap di nou yon sel ti bagay nan teks sa:


Pa pè
Leve bonè
A nenpòt ki lè
Al tranpe dwèt ou nan lank la,
Al vote san gade dèyè
Pou nonm sa.

Se pi bon kandida,
Se pi bon politisyen,
Se pi bon sitwayen.

Se vre, gouvènman pa l la pa isi ba,
Gouvènman pa l la se anwo a,
Men pouvwa l anlè a
E menm sou latè a.

Vote l , ou pa p wont,
Ou pa p regrèt sa ;
Se sèl nonm ki pa p ba w manti,
Se sèl nonm, pa pè tranpe dwèt ou nan lank pou li.

Menm si lavi a fè nwa kou lank,
Nou pa wè kote pou n mete pye,
Ou mèt mize sou li,
Nan li w,ap ranpòte laviktwa san mank.

Se pa yon nonm k ap pale mete la,
Ni mache pou granmesi bay lespwa,
Nan fòme vye plan ki pa bay rezilta.
Se pa yon nonm k ap mache fè bèl diskou,
Diskou men anpil chay la vinn kat fwa pi lou,
Se pa yon nonm k ap bay panzou.

Se pou dat w ap vote pou bay moun pouvwa !
Yo fè anpil pwomès ki pa janm kenbe,
Se gade ou gade ou wè
Se pòch yo ya p plen,
Se enterè yo y ap asire
Se ti fanmi ak ti zanmi yo sou do ou k ap pyafe
Anverite, ou pa gen lòt chwa!
Ou ka fè nan lavi w ki pi bon pase nonm sa
Nan sitiyasyon peyi a ye la,
Nan mizè k ap ravaje chak jou pèp sa
Vote Jezi zanmi !
Vote pou li san gade dèyè fanmi !


Se sèl lidè ki pa p trayi
Se sèl lidè ki pa nan paspouki
Se sèl sitwayen ki pa p ba w lespwa pou granmesi !
Répondre