Page 1 sur 1

Mayi

Publié : lundi 16 mars 2015 22:15
par PEPSI
Mayi

Lontan, nan tan ansyen,
Nan tan Blan Lakoloni,
Mayi, yo pa t pran l pou anyen
Menm Blan mannan te pran l ak repi.
Lè l t ap lonjé l bay Nèg Ginen,
Li te di << Tyen, Tyen, Tyen >>.
Pita, Afranchi avèk vye souvni
Brase l ak dlo pou li bay chyen.
E ankò e ankò ! Yo kontinye pa pran l pou anyen !
Mayi soti byen lwen !


Nan tan pa m ak Granpapa m
Menmman, parèyman !
Bagay yo rete menm jan.
Mayi, joumou ak pwa se manje lwa
Mayi se bagay pòv malere al machande nan mache.
Akasan, breton lakòl pou etidyan kal lekòl.
Mayi se pou Machanm Fanm
Al vann ti sache chanmchanm.
Mayi se resèt doukounou
Sere jodi pou vin di nan lòt jou.
Mayi se sa gran Nèg sèvi ti restavèg.
Mayi se nouriti chàt. Yo melanje l pou yo tiye rat.
Pou w glise ak tout boulin :
Mete yon ti mayi ak gazolin,
Planche w ap byen netwaye
Plis, l ap klere kou boul dife.

Mayi pa chita ! Nan jenerasyon sila,
Li pran leson ak pwomosyon
Mayi menm jan ak yon ti gang, li pale anpil lang.
Annayiti, li rele Fòkseli
An Frans, on lapèl Bèl Grimèl
An Kasteyan, se llama Polanta.
O zetazini, mayi gen siyati
Se kòn mil, kòn fléks, kòn brèd ou kòn òy.
Mezanmi ! Mhh ! Ala de ki chòy !
Antouka, Mayi bon pou tout bab :
Li sèvi sou tout tab.
Kit li bouyi, gratinen
Griye ou boukannen
Ou kapab manje l tousèl,
Ak sèl, sikre ou san sèl.
Mayi san fason.
Ou vire l tout pozisyon.

Mayi se yon cham.
Mayi se zafè pa m,
Li pa manje chàt.
Li bon ak pat tomat,
Bon kokoye
Ak ti koupye,
Andui, magy, aran,
Epis plis ti piman,
Bè chalonè
Pou ti odè.
Se sa nèt !
Li se koupe dwèt
Lè l drese nan yon asyèt.
Si w chita l ak zaboka,
Yon ji sitwon pou dijesyon,
W'ap bliye tout vye koze
Pou w fè w rele Bondye souple.
Alabon manje Gran Mèt la te kreye!
Li bay anpil mwèl
Menm jan ak lamann di syèl.
Se yon bon kado ki sòti byen wo.
Ankò e Ankò! Mayi gou-ou-ou ! Li fè m fou !
Mayi, se yon cham, se zafè pa m

[/[/color]size]