Nakawout ( K.O.)
Publié : vendredi 06 mars 2015 18:22
Nakawout ( K.O.)
Maladi Kè ak kansè, nan 2 K, limanite ap benyen.
Ti grenn adwat, ti boutèy agoch pa regle anyen.
Se voye wòch konble lanmè.
Lamizè fè kenken paske lanati ankòlè.
Bon vwazinay tounen medikaman nan famasi.
Chak moun se yon koukouy.
Pa gen kesyon bay lamen ak pipiti.
Deviz lasosyete se bay manti ak magouy.
Yon bò, asasen ak vòlè fè gwo pil.
Yon lòt kwen, se anplwayè eksplwatè
K ap dechèpiyen travayè
Ki pa menm ka peye yon bil.
Dèy, malè vale teren.
Manman pitit, mare ren !
Anpil medsen nan sak
Ap fè moun vole rak !
Bagay yo pap pi bon.
Se siy Amagedon.
Maladi Kè ak kansè, nan 2 K, limanite ap benyen.
Ti grenn adwat, ti boutèy agoch pa regle anyen.
Se voye wòch konble lanmè.
Lamizè fè kenken paske lanati ankòlè.
Bon vwazinay tounen medikaman nan famasi.
Chak moun se yon koukouy.
Pa gen kesyon bay lamen ak pipiti.
Deviz lasosyete se bay manti ak magouy.
Yon bò, asasen ak vòlè fè gwo pil.
Yon lòt kwen, se anplwayè eksplwatè
K ap dechèpiyen travayè
Ki pa menm ka peye yon bil.
Dèy, malè vale teren.
Manman pitit, mare ren !
Anpil medsen nan sak
Ap fè moun vole rak !
Bagay yo pap pi bon.
Se siy Amagedon.