Page 1 sur 1

De Lwen ou Depre

Publié : lundi 21 avril 2014 19:32
par PEPSI
De Lwen ou Depre

Chak fwa w di m yon bonjou,
Chak fwa m wè kontou w,
Mwen santi mwen vin fou.
Kwè m vre, kè m se tanbou w.

San w pa ba m akolad
Tout kòm pran latranblad.
Kèk ti mo, ou kout fil
Chatouyèt mwen anpil .

Ekskize m si m rapid.
Mwen konnen ou timid.
Fè efò pou di m ’wi’
Pou m bati yon lòt vi.