Page 1 sur 1

yon kadinal pou Ayiti

Publié : vendredi 07 mars 2014 19:23
par kelita
Se pou premye fwa
Depi siyati konkòda
ki marinen vatikan ak peyi a
Sa gen plis pase yon syèk de sa
Bondye pa lantremiz Pap Franswa
Fè nou kokenn chen favè sa
Li ba nou yon kadinal nan legliz la
Nan jou senbolik sa
Ki se douz janvye
Yon dat nou te kriye
Yon dat nou pap janm bliye

Chwa sa fè nou wè aklè
Nou pap tonbe pou n ret atè
Bondye ap leve n mete anlè
Tankou wozo nou pliye anba malè
Men ak lafwa n ap jwenn bonè
Bonè etènel ki rezève pou tout pèp sou latè

Se yon rezon anplis pou n pa fè chich
Pou n pa tanmen manje manje bliye
Poun pran rele, danse, chante nan tout lang
Pou n bay Bondye nan syèl la tout glwa
Nan kadinal nou an Chibly Langlois

Glwa pou Bondye ki pa bliye n
Nan kalvè n, nan kalamite n

Glwa pou Bondye
Chak jou k ap gide n

Glwa pou Bondye
K ap akonpaye n
Pou sou chimen renmen ak fratènite
Nou tounen tout bon vre
Limyè verite

Re: yon kadinal pou Ayiti

Publié : mardi 07 avril 2015 13:20
par dafaa45
Chwa sa fè nou wè aklè
Nou pap tonbe pou n ret atè
Bondye ap leve n mete anlè
Tankou wozo nou pliye anba malè
Men ak lafwa n ap jwenn bonè
Bonè etènel ki rezève pou tout pèp sou latè..???