yon lòt ane, yon lòt vizyon

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
90 Posts
90 Posts
Messages : 98
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon lòt ane, yon lòt vizyon

Message par kelita » mercredi 09 janvier 2013 18:39

Latè genyen plizyè milyon lane depi li ekziste ak souf lavi ki pa janm sispann boujonnen nan zantray li. Bondye kreye lòm, mete l sou tè a ak tout resous nesesè li gen bezwen pou li viv. Sou ti bout tè sa, gen divès kalite moun k ap viv ladann. Moun tout ras, tout klas, tout koulè, tout nasyonalite.

Yon bann sivilizasyon ki te ekziste pou yon tan, ale, lòt sivilizasyon parèt. Se konsa ane ap pase, ane ap antre, ansanm ak moun ki ale ak moun ki antre nan lavi.

Depi solèy leve jiskaske l kouche, zetwal, lalin pa janm sispann klere wout nou, chimen lavi nou. Se Bondye ki fè l konsa pou n pa rete nan fè nwa pou n ka wè klè ki kote n prale, ki kote nou vle rive nan demach chak jou n ap fè kom moun pou n asire ekzistans nou.

Ane ale, ane vini, lè nou pran reflechi byen, lè nou antre nan fon konsyans nou ; ki sa depi tout tan sa nou wè ki chanje tout bon vre nan mond sa, nan peyi nou Ayiti ? Depi mond lan ekziste nou remake li divize, yon gwoup moun ap byen mennen, piye, kraze, yo se bouwo latè. Ak zam fann fwa yap mache eksplwate, fè enjerans, antre ak gwo ponyèt sou teritwa lot peyi, sabote, fé lagè, detwi lavi yon bann kretyen vivan.

Istwa kolonizasyon lakòz anpil pèp soufri represyon, eksplwatasyon, esklavaj. Anpil moun pa ka pale, yo pa ka pwoteste. Pou chanje systèm sa, revolisyon fèt adwat, revolisyon fèt agoch paske Bondye pat kreye pesonn pou esklav pesonn, li kreye lôm lib. Revolisyon fransèz ane 1789 la ki vinn bay nesans ak gwo revolisyon ki bay esklav afriken yo lendepandans an 1804 la pwouve nou sa.

Gwo pisans yo deklare se yo ki mèt latè, yo baze sou gwo dekouvèt y ap fè, gwo teknoloji yo genyen a dispozisyon yo, fös lame lè, tè, lanmè yo genyen ak lajan pa bann ak pa pakèt yap itilize pou achte konsyans lòt k ap vann yo nanm yo pou degouden. Konsa nan divizyon mond lan yo pale de peyi sid ki pòv, ak peyi nò ki rich.

Mizè nan peyi sid sa yo ke yo rele tou peyi sou devlope Ayiti fè pati ladan l, make anprent li ak yon lank ki tou nwa. Se grangou, se chomaj, se represyon, se eksplwatasyon, enjistis yon mas moun k ap viv de bra balanse. Pou mas moun sa yo k ap koupi nan bidonvil kote lavi a pa fasil ditou, enfrastrikti an degraba, yo etidye pou yo yon bann pwojè, yon bann pwogram ki a la fen pa vrèman bay rezilta.

Pèp sa yo, peyi sa yo, se chak jou kriz ap ogmante, kout zam ap tire, moun ap mouri. Sa ki pè ap kouri pati ale refijye kò yo yon lòt kote nou ka pran ekzanp sa k ap pase depi plis pase yon lane nan peyi la siri kote Bacha Al Asad ap tòtire yon pèp kraze yon peyi, fòse moun yo kite kote yo rete ak anpil tristès ak dlo nan je.

Nou ka site tou peyi irak, Afganistan epi peyi pa nou kote depi kèk tan nan katye popilè tankou bèlè, Delma 2, Sen Maten, ri Timas nèg ak zam ki se sèl kòk chante ap simaye dèy nan mitan popilasyon an k ap viv ak gwo laperèz

Nou wè pouvwa fè lòm pa pran konsyans de tò l ap koze, de dezas l ap fè, de dèy l ap simaye san konte tout lot kriz ekonomik, politik lòt peyi nan mond lan ap travèse. Lè se pa nan yon peyi ki nan yon kontinan ou jwenn pwoblem ebyen ou jwenn li nan yon lòt peyi ki nan yon lòt kontinan.

Kifè latè pa janm pa chofe depi li ekziste e se nou menm lòm ki otè, ko-otè, konplis tout dezas sa yo ke nati yo politik, ekonomik, ekolojik elatriye. Rechofman klimatik, Polisyon, move desizyon kap pran, vye lwa demagoji k ap vote pou gason ak gason, fanm ak fanm marye, adopte timoun, nou pa wè n ap mòde dwèt nou ? Nou pa wè n ap rale pi vit lafen an sou nou ?

Dezas ki lakòz latè bouke nan fason n ap eksplwate l, nan fason nou itilize resous yo pou satisfè pwòp anbisyon pa nou. Latè tranble an Ayiti douz janvye 2010, anpil kay kraze, anpil kretyen vivan pèdi lavi yo anba beton nan move kondisyon. Anpil lòt kote ankò jouk jounen jodi li kontinye ap tranble.

Katastròf natirèl, siklòn, ouragan, tanpèt k ap fòme sou lanmè epi ki pran direksyon tè pou vinn atake nou mete n anpil fwa toutouni, san defans. Devan tout fenomèn sa yo ki depase konpetans nou, entelijans nou, sa fè nou wè klè nou frajil anpil.

La nati pa konn jwe e li p ap janm jwe. Nou menm an Ayiti, nou toujou ap rele, kriye sispann ! men nou la pi rèd nan fè mechanste pou fè zafè nou mache. Sa ki konsyan ki wè danje, mete pye pou chanje sa men nou pa janm bay enpotans ak sa y ap fè, sa ya p di, nou pito ap jwe ak dife nou pito travay pou alimante l olye nou etenn ni.

Anpil peyi sou latè poze siyati yo anba yon bann akò, trete, konvansyon, deklarasyon tout kalite, tout demach sa yo se an favè yon lavi miyò, yon solisyon, yon ekilib moun k ap reflechi, ki konsyan ap chèche pou tout moun, sitou sa yo ki pi fèb pou yo ka jwenn yon lavi miyò nan sa Bondye ba yo a, men enmi demokrasi, chanjman toujou ap chèche detounen yo, sa ki rann balans la toujou panche yon sèl bò, chodyè a bouyi yon sèl bò.

Anpil pri Nobel bay pou gwo dekouvèt, envansyon etid ak travay filozofik ak syantifik ki reyalize. Moun pran pri sou non Nobel poutèt yo travay pou lapè tabli sou tè sa, men pasyon pouvwa ki pa janm sispann danse nan tèt lòm, foli dirije, foli chèf toujou pran premye pri a. Kilè lapè ap tabli tout bon vre sou latè, sou tè d’Ayiti kote sou plis pase wimilyon (8.000.000) twaka (¾ ) ap neye nan labou, fatra lamizè.

Bondye p at kreye n pou n ap viv sou fatra, sou dlo sal. Voye je nou gade kalite bèl kreyasyon san parèy li mete a la dispozisyon nou. Nou menm lòm, nou rate misyon nou, nou manke Bondye dega, nou kraze sa li konstwi pou itilite nou, pou itilite lòt yo nan kite jalouzi egoyis, ipokrizi pran pye nan kè nou ki pi di jou an jou.

Plis tan ap pase, se vre gen jefò ki fèt, k ap kontinye fèt, men de bon nap tann nan pa janm rive vre e li pap janm rive toutotan nou pa pran konsyans, vire gade lòt la ki se frè nou, sè nou, k ap viv nan labou, k ap manje tè, kap bwe dlo sal.

Lòt la chak lè li leve le maten menm yon moso pen li pa ka jwenn pou soulaje grangou l. Gen yon seri de peyi, se sechrès k ap taye banda, lapli pa tonbe, tè a pa ka rive bay kantite manje li ta dwe bay pou nouri moun ak timoun k ap mouri malnitrisyon nan peyi sa yo.

Yo di nou sou kesyon afè lamanjay sa malgre gen yon bann òganizasyon imanitè k ap distribiye manje bay nan peyi sou devlope yo ebyen sa pa kontribye pou chase grangou sou fas tè a kote yo estime gen wisantrantmilyon (830. 000.000) moun ki pa ka mete men nan bouch yon ka (¼) nan yo se timoun ki gen mwens ke senk lane.

Lanmou, konsyans, lapè se sa nou bezwen men nou pa ka jwenn, si nou jwenn, yon ti kras sa nou jwenn nan pa ase pou woule woch divizyon, pou bouche tou devenn, pou kwape fè nwa malediksyon, pou kase chenn eksplwatasyon ki mare nou depi plis pase desan (200) zan ki fè nou pa ka sòti nan tou san fon nou tonbe a.

Nan manje pou kont nou san pataje, vant nou plen prêt pou pete, sa ki lakòz le swa nou pa janm dòmi byen, douvan jou nou leve ak vant mennen, n al rann tout sa n te manje paske n te twò saf. Tout lane pou nou vinn pi bèl paske richès nou posede se sou fyèl moun nou pase fèl. Konstwi yon peyi, bati yon nasyon, chase koripsyon, bat chalbari dèyè mediokrite sa pa nan plan nou.

Men Bondye konnen nou, malgre mechanste nou yo, lap pran pasyans ak nou paske li renmen nou se pou sa jou nwèl la li te vini fè l tou piti nan vant fanm vanyan sa ki se lavyèj Mari pou l te ka delivre nou anba tout antrav lavi sa pote ba nou gen plis pase 2000 an depi jezi te vinn fè gwo sakrifis sa men nou menm lòm tout ras, tout koulè ki valè nou bay sa ?

Nou pa gen kran pou nou mete men nan pat la pou wè si na chanje sa. Lè viv yo ap kale pou chody♪ lave, pou dife limen, pou manje kwit ou pa janm la se kon separasyon ap fèt ou pran ti chèz ba ou vinn chita, pwofitè ! Enpostè ! Ane chanje pouki ou pa chanje tou.

Depi lòm ap viv sou tè sa, nou pakouri yon bann kilomèt wout men nou pa janm gen destinasyon, menm kote n te ye anvan an nou pa konnen paske n pa janm chèche konnen, nou toujou pran pòz nou konnen alòske nou pa konnen anyen.

Nou pa konnen kilè nou fèt, ki jan nou fèt, koman nou fè la, pouki nou la, pouki lè nou la, kilè nou pap la, paske lavi nou sou tè sa se yon mistè chak aksan tegi, chak vigil, chak pwen nou neglije konte.

Ane yo pase tankou van, moun pase tankou lafimen 12 janvye ban ou yon bèl ekzanp ke nou pa swiv malerezman. Men sa ki esansyèl la jezi di nou li « Tout bagay ap pase pawòl mwen yo sèlman kap rete »

Richès, goumen pou pouvwa, pap regle anyen pou nou, listwa nan mond sa montre nou sa. Se nou tout ak nou chak ki gen pou misyon jwe wòl nou pou bati yon lòt sivilizasyon kote se renmen ki se sèl kòk chante.

Nan nouvèl ane ki deja kòmanse a, nou dwe mache nan tout rakwen simaye grenn libète, egalite, fratènite jan zansèt nou yo te fè l konsa na va tout bon vre jwenn plas nou nan piyay kado lagras k ap simaye an kantite lè granmèt Jezi nou an va vini nan glwa li pou jijman tè sa ak tout moun, tout ras, tout klas, tout klan, tout tandans, tout relijyon kap viv ladann



Mwen swete yon bon lane 2013 pou nou tout

kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 153
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: yon lòt ane, yon lòt vizyon

Message par kenn » vendredi 25 janvier 2013 00:14

Au plaisir de te lire et que Dieu te bénisse.
KENN

qaism123
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : jeudi 09 octobre 2014 04:51

Re: yon lòt ane, yon lòt vizyon

Message par qaism123 » jeudi 09 octobre 2014 05:03

L'univers de matière étant constitué de matière donc de masse, il est tenu de se protéger contre l'excès de matière lequel saturerait son environnement dès ses premiers moments. Il a un moyen efficace en sa possession : la mort. Tout naît, tout vit, tout meurt dans l'univers de matière afin de laisser la place à de nouveaux arrivants qui n'auraient aucune chance de se développer si la mort n'avait pas fait de la place devant eux.
Cut down your exam stress by using our latest cert killer and high quality mybraindumps.net gmat and EMC gre. We provide updated exam sheets with 100% pass guarantee along with University of Pennsylvania itil.

Répondre