Page 1 sur 1

BWA EBÈN

Publié : dimanche 11 décembre 2011 12:51
par PEPSI
Bwa ebèn

Bèl, mwen bèl
Kankou Pèl !
Ak dekwa,
Mwen se wa
Nan tout bwa.
Kèlkeswa
Yon kote
Mwen pase
Mwen poli,
M’pote vi,
M'kanpe djanm
Nan tout chanm.

Gwo zouti,
Bon pwodi,
Mwen inik :
Ke pou pik,
Fè mezon,
Ou chabon.
Nan je klè,
A midi
Nan dòmi
Ou fè nwè.
M’ap travay
Nan tout kay.
Jenn timoun
Ak granmoun
Pran nan gonm.
Yo mande
Yon diplis.
Yo pran nonm.
Yo rele :
Ebenis