KONFLI NAN FANMI
Tonton Jan, mwen renmen anpil.
T’ap viv nan pwovens,
Trè lwen Port-au-Prince,
Pou travay jaden l byen trankil.
Li desann chak kat sezon
Nan kanton tou prè l
Pou l pran okazyon
Vin wè gran Sè l
Li pote pwovizyon agogo :
Zaboka, mayi, diri, mango
San konte kèk kalbas tou nèf,
Zannimo : kabrit, towo ak manman bèf
Tout moun nan kay la kontan :
Ri, bo, pase men nan kou
Pou resvwa monnonk Jan
Ki pa chich ditou
Manman desann nan mache tou drèt.
Li vann towo nan labatwa,
Li lote kèk fwi e blayi sak diri ak pwa,
Men, li kite bèf la pou bay bon jan lèt
Bèf sa-a pagen tan pou l respire
Manman tire lèt bèf la-a tousèl
Jis nan manmel,
San l pa vire gade.
Yon apre midi, anvan lalin leve,
Yon klòch sonnen. Se yon maryay!
Tonton Jan marye ak yon chòche !
Li pa vle mouche mete pwent pye lakay
Bagay yo tounen tèt anba..
Tonton Jan pa fè yon pa.
Bèf sispann plenn pou biznis lèt.
Kay la blanch. Se men nan tèt !
Manman pèdi kontwol. L’ap fè tapaj
Li vann manman bèf ak tout raj .
Li mande dechennen !
L’ap joure Ti frè l toutlajounen.
Apre senk an pase, van-an chanje.
Chòche-a mouri.
Onk Jan retounen nan sans li.
L al jwenn sè l pou l eskize
Jou sa-a, tout koupefache kaba
Se te yon jou lindemyèl
Tout moun leve je nan syèl
Pou fè yon gwo meyakoulpa
Depi lè sa-a, yo deside
Pou yo pa janm kite
Larichès, movepalan ak movesan
Mete dezinyon nan fanmi-an
KONFLI NAN FANMI
-
- 100 Posts
- Messages : 148
- Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
- Localisation : Florida, USA
- Contact :
KONFLI NAN FANMI
Je ne vise personne en particulier
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.