Bon Nouvèl, yon jounal kreyò pou moun ki renmen lang manman

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 141
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Bon Nouvèl, yon jounal kreyò pou moun ki renmen lang manman

Message par kelita »

Eske ou konnen jounal Bon nouvèl ?

Jounal BON NOUVEL, ki se jounal pèp la, jounal majorite a, parèt chak mwa depi lane 1967. Se nan lang tout ayisyen natif natal li ekri : KREYOL. Li ekri dapre òtograf peyi a. Se sèl jounal nan tout peyi a ki ekri an kreyòl. Li distribiye nan tout peyi a ak nan anpil peyi lòt bò dlo.Anpil lekòl konn sèvi ak li.

Bon nouvèl ap chèche wout chanjman ak pèp la, l ap fè pwomosyon lang kreyòl la depi avril 1967

Kilès ki fonde jounal sa?

Se yon pè yo rele pè Jòris Kepens ( Joris Cueppens) ki te yon misyonè Esket ki te rive nan peyi d’ Ayiti nan lane 1959. Li te jwenn manda pou l te kòmanse mete yon jounal kreyòl sou pye. Nan yon reyinyon kèk pè Esket ansanm ak Monseyè Emanyèl Konstan ( Emmanuel Constant) t ap fè nan presbitè Ench la, Monseyè te ale la nasanm ak pè Joris pou konfimasyon. Premye nimewo jounal la te soti nan mwa avril 1967. Se nan emprimri Lafalanj ( La Phalange) yo te fè l. Yo te enprime 4000 nimewo, li te gen 8 paj epi li t ap vann 10 kòb.

Ki objektif jounal la?

Objektif jounal la se fè pwomosyon lang kreyòl la toupatou depi an ayiti rive jis nan peyi etranje. Paske se lang sa pèp ayisyen an pale. Bon nouvèl vle batay pou lang pèp la ka tounen zouti edikasyon li, pratik relijyon li, konmès li, aksyon politik li ak tout lòt aktivite li yo. Se sa kif è li toujou ekri : Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou

2- ofri bon lekti ak tout kalite enfòmasyon ak fòmasyon bay moun ki te aprann li ak ekri nan sant alfabetizasyon yo ak tout lòt moun ki renmen lang manman yo. Fòmasyon sou relijyon, pawòl Bondye, lasante, agrikilti elatriye

3-ankouraje moun pwodwi teks, pwezi, istwa, blag nan lang kreyòl la

Toupatou nan peyi d’Ayiti gen fanatik bon nouvèl. Jounal bon nouvèl janbe lanmè, li gen anpil fanatik lòt bò dlo tou


Pou abone ak jounal la: an ayiti :

1 abonman pou rive 50 ( pou yon ane) 100 goud pou chak abonman
51 pou rive 100 abonman : 90 goud pou chak abonman
101 pou rive 250 abonman :80 goud pou chak abonman
250 pou rive plis : 65 goud pou chak abonman

A kote montan sa ou gen pou ou peye 150 goud frè livrezon oubyen frè postal an Ayiti pou tout ane a

Pou peyi etranje (pou yon ane) : Etazini : 1 abònman : $30US
Ewòp : 1 abònman : $40US oubyen 35 Euros


Pou moun ki vle peye yon abonman donè pou ede jounal la
Pou pi piti : 500 goud pou moun ki an ayiti;
$US 100 oubyen 100 Euros pou etranje


Adrès li :119, ri Simon
Wout Ayewopò
B.P. 19252
HT- 6112
Pòtoprens, Ayiti

Tel: 2510-4477
Imel: bonnouvel@yahoo.com
Site web: www.bonnouvel.org
Répondre