RARA

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

RARA

Message par PEPSI »

RARA

RARA
Se rara, fèt la jwa.
Tout gwo konbit kaba.
Peyizan, Nèg nan bwa,
Sitwayen ak boujwa,
kokobe tout kote
Bliye tout prejije.
Yo tout vin balanse,
Chante, woule, danse
Nan kanton leyogann,
Anba, nan zòn laplenn
Pou wete tout lapenn
E brase l anndan bann

Rara se fèt total
Ak enstriman lokal.
Yon amoni tanbou
Mele avèk banbou,
Twonpèt, graj ak klewon
Mete tout moun nan won.
Drapo, siflèt ak kòd
Pou met lòd nan dezòd ;
Wa rara, Majò jon,
Ki genyen anpil don,
Ap bay ekzibisyon
Nan danse ak pasyon.

Machann asowosi,
Fèy tranpe nan kleren,
Kasav ak wowoli,
Yo menm tou, fè kenken.
Pistach griye ak sèl
Nan laye demwazèl.
Gason ak lanp kòlmann,
Tèt gridap sou tèt fanm
Ap klere pou moun sou
Pa vin tonbe nan twou
Lè koukouj ak zèklè
Sispann voye limyè.

Rara, fèt peyizan
Pa bezwen gwo lajan.
Se amizman lokal :
Mwens danje, pi trankil
Ke anbyans kanaval
Ki se plezi lavil.
Tout kachkach nan lari !
Move je antrave.
Tout grandon avili
Lè chantrèl ap voye
Vye doum koze malouk,
Pike kon piman bouk.
Dernière modification par PEPSI le jeudi 15 juin 2017 01:39, modifié 2 fois.
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

Re: RARA

Message par PEPSI »

.
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Répondre