Page 1 sur 1

TI PITIT

Publié : lundi 08 août 2011 16:21
par PEPSI
TI PITIT

M'ap pale ou pou byen w !
Ti pitit teke fren w
Nan plezi ak zanmi
Pou lavi w ka grandi

Ti pitit, fò w pridan
Lari a plen pikan
Voye je w tout kote
Pou kò ou pa blese

Pran egzanp yon mango
Se vre chè li sikre,
Men po li byen glise,
Kapab ba ou gwo so

Avèk mal pa fè kous.
Pa mache devan bann,
Menm lè mizik la dous
Pou'w pa pran nan pwa tann.

Ti pitit, met chapo w
Pou pa pèdi sèvo w.
Mwen di w sa annavans.
Solèy la pa bay chans.