Page 1 sur 1

LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI

Publié : dimanche 12 juin 2011 13:21
par PEPSI
LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI


Ou pa vle ret kote m
Kankou mwen gen lèp.
Ou chèche meprize m
Paske mwen sòt nan pèp.
Pla men m pa gen kòl,
E ou pran m pou yon chat.
M’pa konn niche bòl,
Ou rele m kokorat.

Pase mwen dou,
Ou di m se bakoulou.
Lè mwen ap jwe,
Ou panse m sanzave
Pase m pa tripòt,
Ou pran m pou moun sòt.
Tout bagay ki santi,
Se lakay li sòti.

Mwen pa gen non :
Se ti mesye mwen rele.
Tout ti vagabon,
Se avè m yo mache.
Se ou menm ki gen Kris,
Mwen menm plen ak vis.
Ah ! mezanmi ou mechan.
Ou pran m pou Satan.



Nan travay di, nan lapli
Pou pitimi ak mayi,
Mwen pèdi tout grenn dan m.
Ou vin souse tout ti san m.
Sou do m, ou pran kwi,
Pou direksyon Etazini,
Avek foto m nan mizè,
Pou monte òganizasyon imanitè


Monchè ou pa gen kè.
Ou fè trik pou w volè.
Tout lajan Blan an voye
Depanse, sèlman, sou papye.
Izin mizè ap mache
Anba anpil piblisite.
Gran nèg ap fleri,
Malere ap deperi.

Ou pale an ‘tanpri souple’
Lòske ou pran nan gong.
Ou te rete nan franse
Pou bay piti yo bwa long.
Jodi a ou vle m fè tenten
Lè bra w pran nan pèlen.
Ou chire ti zanmi
Si sou mwen ou vle dòmi


Ou bay drapo manifestasyon
Lè w bezwen al nan eleksyon.
Ou voye tire wòch
Pou mete lajan nan pòch.
Ou vann zam fannfwa
Pou w genyen plis pouvwa.
Ou distribiye l bay malere
Pou biznis dwòg la mache.


Kokennchenn benefis
Pou aksyonè labank
Sou tèt ti kank,
Anba kòd, nan men lapolis.
Lavi malere tounen yon biznis.
Lan jou kòm lan nwit, Ofisyèl,
Entelektyèl mete malere anba tonnvis,
Yon jan pou yo pa janm gade ‘vè lesyèl’



Re: LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI

Publié : jeudi 23 juin 2011 21:25
par Nogard
Depi toutan,Pèp Ayisyen ap chache yon lidè sou wout develòpman. Malerezman, mesye ki save yo pa gide l pou l rekonèt sitwayen ki plizoumwen kalifye yo. Akoz anpil nan yo pa genyen edikasyon, yo pran tout moun pou SOVÈ. Yo rele pretandi lidè yo PAPA ou TONTON . Mounn nan Lelit Yo imilye malere yo pou kab toujou rete anba pye yo Vòlè politisyen, Fo entelektyèl eksplwate yo pou ranpli pòch yo .
Sa Pèp la bezwen kounye a se edikasyon ak manje . Koripsyon vinn anvayi tout kote nan peyi DAYITI . Ayisyen lakay ta swete jwenn yon bon pouch nan Agrikilti , Edikasyon . Tout volè ap vole gage paske JE Pèp la va wouvri. Yo pap pran l pou twèl siye pye.

Re: LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI

Publié : dimanche 26 juin 2011 18:21
par kenn
Es keu gen yon peyi sou ter la kot konn gen bon jan efor kolektif ki fet pou kraze povrete kolektif ? Haiti t' ava kapab ka yon examp konm peyi ki pi pov nan emisfer la nan pwan aksion konkret pou kombat povrete k' ape ravaje sitwayen a li. Ès keu sa ape sav fet sou term gouvernans 2011-2016 la ? Sa ki rete kler , se keu se pa bondieu ki kree mizer me sosiete ki pa tann vers yon egalite ek partaj riches ki tini nan yon peyi.

Re: LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI

Publié : dimanche 14 août 2011 13:57
par PEPSI
Mèsi anpil pou kòmantè nou yo.

Pepsi

Re: LAVI MALERE NAN PEYI DAYITI

Publié : mardi 15 décembre 2015 14:14
par PEPSI
ok