JOZYAN

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

JOZYAN

Message par PEPSI »

JOZYAN

JOZYAN

Se te nan yon stadyòm
Mwen rankontre Mis Dezòm
Mwen gade l, li gade m,
San l pa pale, li fini pa chame m

Kè mwen leve chalè.
M'ap chèche yon bon lè
Pou m al pran yon chans
Ale fè li konesans

Premye ti lanmen,
Mwen santi m desounen.
Mwen pran latranblad.
Mwen swe nan tout rad

Mwen pa desi
Ti flè a trè janti
Li rele mwen Jowi
Mwen rele li Jozi

Depi lè sa a, nou jire
Pou n pa janm separe.
Nou toujou ret kotakòt
Kankou nou te fèt yòn pou lòt.

Ti dam sa se konpay lespwa m
Se pafen lajwa m.
Se limenm ki fè m ri
Lè ti kè m ap soufri

Jodi a Premye Avril, tou nèf
Devan Dye, devan lèzòm,
Li pa rele JOZYAN DEZÒM
Se Madan JOWÈL JOZÈF.
.

EKRI POU JOWÈL : OKAZYON MARYAJ
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Répondre