Batistè n se idantite n
Kote n fèt se la nou sòti
Sa nou posede, se sou li pou n viv
Rèv nou pou sa chanje, se li n ap rapousiv
Wi n ap kontinye reve
reve je fèmen
reve de je kale
reve sou katon
reve sou nat
reve menm si n dòmi atè plat
Menm si yo di se moun fou nou ye
Men nou konnen byen
Sou de zepòl nou
Tèt nou byen repoze
Yo pale nou mal
Yo kritike nou
Yo mache sou pye nou
Yo pa bouke pèsekite nou
Men nou pap fè bak!
N ap kontinye reve
Pran plim trase sou fèy papye
Sa n ta renmen pou demen
Pou demen ta pi bèl
Pou Ayiti retounen yon Pèl
Yon Pèl ki rekòmanse briye
Nan je sa yo k ap sèmante
Pou jwèt la gate
Eske se pa moun nou ye?
Eske n pa fèt pou n reve?
Eske n pa fèt pou n viv ere?
Eske n pa gen dwa espere?
Espere ke yon jou sa va chanje
Nou p ap fè bak!
Fas ak lenmi nou p ap kraze rak
Yo pran nou pou yon bann tèt nan sak
Yo rapousiv nou dechire derechany nou pak an pak
Men nou p ap fè bak!
Nou p ap fè grimas
Nou p ap kouri
Nou p ap fè yo plezi
Nou p ap ba yo chans pou yo aplodi
Kòmsi pou yo sa fenk kòmanse
Pou nou sa deja fini
Non, nou p ap kraze rak!
Nou se pitit tè d'Ayiti
Pitit Tousen Louvèti
Pitit Desalin
Pitit Kapwa
Nou se pitit Bondye
Pitit k ap toujou kanpe djanmk
Pitit k ap kontinye pote rèv libète l
Douvan je tout limanite