Nanpwen pèsonn

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Nanpwen pèsonn

Message par kelita »

Gwo jounen nou kriye
Nou mache toupatou ap chache
Vwa n fè eko jous nan dènye bout tè
Nou gen je men nou pa wè
Nou gen bouch men nou tankou moun ki bèbè

Nou gen de men nou pa ka manyen
Nou gen de pye nou pa ka mache
Nou pa malad men nou toujou gen dòmi nan je
Nou rele nou kriye
Nanpwen pèsonn

Epoutan lakou a chaje ak moun
Moun k ap pale tout lajounnen, gòj deplontonnen
Moun k ap vire adwat, k ap bat kat
Moun k ap vire agòch, foure men nan pòch
Moun ki abiye, moun ki makiye
Moun k ap pase fè ale vini, pou granmesi
Moun k ap monte, moun k ap desann, san reyisi
Moun tout ran
Moun tout dimansyon
Moun sou moun
Men nanpwen pèsonn

Nanpwen pèsonn ki gen konprann
Nanpwen pèsonn ki gen kran
Nanpwen pèsonn ki gen yon plan
Nanpwen pèsonn ki gen rezon
Nanpwen pèsonn ki aprann
Ki aprann bay tèt yo rezon
Aprann chita poze tèt yo kesyon
Aprann chita pou chèche solisyon

Lakou a lage
Peyi a abandone
Kay la chaje ak yon bann moun
Moun sèvèl yo vid
Je yo kale yo pa wè
Bouch yo pa koud, yo bèbè
Se tout tan y ap fè wont sèvi kòlè
Répondre