POUKISA

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

POUKISA

Message par PEPSI »

Poukisa

POUKISA

Poukisa, Bèl flè ki genyen tout koulè,
Bèl rivyè k ap bay bon frechè,
Bèl solèy k ap klere tout branch fèy,
Gwo volay bèl plimay,
K’ ap kouve anba pay,
Bel zwazo, bèk dore
K ap chante pou chame,
Nou sèlman rete
Nan aparèy limyè
Chaje ak zèklè
K’ap gate grenn je.
Nou kontinye gade
Pòtre vye flannè,
Bann Grajè
K’ ap fè lanmou
Nan gran jou,
Estipid ki fin sou
Nan pawòl moun fou,
Pèfid k ap fè bagay
Aklè san jènman,
Brigan nan batay
K’ ap simayen anpil san.

Poukisa



Poukisa, Nou kite lanati
Pou n chwazi makakri.
Lestomak nou vin pouri
Nan vye pwodi chimi.
Bon Dye fè latè ;
Nou vle itilize bagay nan lèzè
K’ ap fè nou pran kansè.
Depi lakreyasyon,
Lezòm nan rebelyon.
Mèt la bay lavi nan paradi
Nou chwazi dezobeyi pou n mouri.
Li ban nou libète,
Men nou vle mache anba pye.
Poukisa

Poukisa, nou prizonye, nou pa vle koube
Pou n viv nan inite.
Nou vle divizyon
Ak separasyon.
Nan chèche fè granjan
Pou n montre n enpòtan
Nou pran kilti lokal
Ak lang nasyonal
Kòm yon Bagay banal
Pou fè ti klan sosyal.
Nou bliye souf nou kout.
Nou pakab fè gwo wout
Nan literati Zagribay
K’ ap demaske n kankou pay.
Poukisa

Poukisa, Zotobre tout kote
Pa gen ankenn pitye
Pou pòv malere.
Nan chèche nan tout bwa
Pouvwa ak glwa,
Yo vin san fwa ni lwa
Pou toupizi Pipiti
K’ap soufri san repi
Anba fòs moral
E gwo fòs bal.
Poukisa.
Poukisa, nou refize imite.
Jezi ak Bondye
Ki malgre tout peche n
Pa janm imilye n.
Diskriminasyon, tribilasyon
Blayi nan tout nasyon.
Poukisa

Poukisa, nou anpil
Alòske nou frajil.
Poukisa, n ap lite san rete.
Alòske nou bliye
Kote nou prale.
Nan peyi san chapo
Pa gen moun ki wo.
Poukisa ! Poukisa, tout bagay sa
KONFLI NAN FANMI

Tonton Jan, mwen renmen anpil.
T’ap viv nan pwovens,
Trè lwen Port-au-Prince,
Pou travay jaden l byen trankil.


Li desann chak kat sezon
Nan kanton tou prè l
Pou l pran okazyon
Vin wè gran Sè l


Li pote pwovizyon agogo :
Zaboka, mayi, diri, mango
San konte kèk kalbas tou nèf,
Zannimo : kabrit, towo ak manman bèf


Tout moun nan kay la kontan :
Ri, bo, pase men nan kou
Pou resvwa monnonk Jan
Ki pa chich ditou


Manman desann nan mache tou drèt.
Li vann towo nan labatwa,
Li lote kèk fwi e blayi sak diri ak pwa,
Men, li kite bèf la pou bay bon jan lèt


Bèf sa a pagen tan pou l respire
Manman tire lèt bèf la a tousèl
Jis nan manmel,
San l pa vire gade.


Yon apre midi, anvan lalin leve,
Yon klòch sonnen. Se yon maryay!
Tonton Jan marye ak yon Chòche!
Li pa vle mouche mete pwent pye lakay


Bagay yo tounen tèt anba.
Tonton Jan pa fè yon pa.
Bèf sispann plenn pou biznis lèt.
Kay la blanch. Se men nan tèt !


Manman pèdi kontwol. L’ap fè tapaj
Li vann manman bèf ak tout raj.
Li mande dechennen !
L’ap joure Ti frè l toutlajounen.


Apre senk an pase, van an chanje.
Chòche a mouri.
Onk Jan retounen nan sans li.
L’al jwenn sè l pou l eskize


Jou sa a, tout koupefache kaba
Se te yon jou lindemyèl
Tout moun leve je nan syèl
Pou fè yon gwo meyakoulpa


Depi lè sa a, yo deside
Pou yo pa janm kite
Larichès, movepalan ak movesan
Mete dezinyon nan fanmi an
b]
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Répondre