Page 1 sur 1

ILS ABOMINENT LEURS RACINES !

Publié : lundi 14 mars 2011 12:58
par PEPSI
ILS ABOMINENT LEURS RACINES !

ILS ABOMINENT LEURS RACINES !

Lè Sòyèt ap pale, tout zòrèy kanpe, plim pa bouje, tout moun chita, yo pa kabicha. Yo vin tande Sila k ap voye monte san pàn nan lang manman n ak papa n.

Alòske, lè l kote moun k ap pale franse, li sanble yon ebete. Lang li lou kankou pòz pyelou. Kalbas tèt li twouve l nan yon pas. Tout savwa ki nan bwat al bwa chat. Bouch nan kaj ! Se pa ni pou mouch ni pou tapaj. Bwa Kajou rele Sekou !

Kle delivrans pa nan mannigans. Li pa ladyablès, li bon pou tout pyès. Bondye nan syèl ede l pou l wouvèl.
Wôy ! Wôy ! Se men nan tèt ! bouch li tounen yon sirèt. Moun ri, yo konfi. Yo pran l pou moun fou e pou moun sou. Zannana Gwo Dada, Masoupyo ak palto, Entelektyèl anba tonèl, tout pran rèl. Y’ap chante : Ke je si zere !
Ils abominent leurs racines !

Ala mete li t ap mete nan bout dyakout si Zòt pa t rete l nan wout ! Tout Sòyèt t ap fò nèt ; tou tèt t ap plen kankou malèt. Pa gen rans lòske n ap simiyen lakonesans. Lè Kè moun kontan, yo aprann pou lontan. Se vre la sosyete ! Se konsa Bondye vle pawòl la pwopaje. Bòn nouvèl la a se pou tout ras, se pou tout klas. Vi etènèl se pa bèkèkè mannwèl. Se laverite Pitit Bondye. Se pou n etidye l nan lang nou ; Se pou n pale l nan lang nou ; Se pou n tande l nan lang nou. Chimen laji savwa se ti zanmi lespwa.
Ils abominent leurs racines !

Nou tout bezwen fè yon chwa. Kalonnen wòch malè se kri tribò babò. Sonnen fò klòch lapè se lavi pou lekò. Limyè gen pou fè kenken. Delivrans, rekonpans pou zanfan nan soufrans. Gwo baryè prejije, nan gagè l ap voye. Nou pap mele ak gang k ap pale yon lòt lang. Nan lari, nan lakou, blayi bonjan lanmou. Divizyon pran koutba, separasyon kaba. Inite tout kote. Se sa Bondye te vle. Malediksyon pou Zòt, Benediksyon pou Lòt. Alelouya ! Alelouya !