Page 1 sur 1

RENMEN

Publié : mardi 08 mars 2011 11:30
par PEPSI
[b]Renmen

Renmen pa fèt sou papye.
Renmen pa fèt nan voye monte.
Renmen pa fèt nan chita lakay.
Renmen pa janm nan tripotay

Renmen se di wi ak yon ti souri
Se yon kout je bay sou kote.
Se yon ti soupi avan dòmi.
Se reve pou demen vin pli klere

Renmen se yon kesyon kò ak kò.
Li presye kankou yon bout lò.
Li pa janm twouve l nan kache.
Menm si l toufe, yon jou l'ap devwale.

Renmen se kominike yòn ak lòt.
Se fè lapè avèk zòt.
Lè padon siv yon ti fache,
Renmen rele anmweee… !

Renmen se yon ti pòpe nan bwat dore.
Se zòrye anba tèt fatige.
Se lapli tonbe sou tè k seche.
Se gode nan gadmanje.

Renmen pa janm gen laj
Li toujou alapaj.
Ou pap bezwen fèy papay
Loske’w deside al nan batay

Renmen Se menm jan ak yon ti fwi.
Depi li rèk li kapab keyi.
Anba pye ou anba fèy,
Lap vin mi nan yon klen dèy.

Renmen pa janm gen tan pou li vyeyi
Li mache nan san lè li rasi.
Eksperyans se mèt kesyon.
Tout ti moun, vin pran leson
[/b]