Page 1 sur 1

peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : mercredi 16 février 2011 19:10
par kelita
Gen yon gwo chantè ke anpil ayisuen te renmen yo te rele-l ti manno. Yo te renmen misye pou mizik li yo kite genyen anpil pawòl verite kite konn fè moun refllechi. Ti Mannno te gen yo chnate kit e di < si pwovens pa desann, capital pa manje> e nan reyalite lakay nou se gwo verite. Kilès kap viv nan vil pwovens nou yo ? E byen se moun sa yo yo rele peyizan an.

Moun sa yo ke yo pa respekte, moun sa yo ke yo meprize, ke yo trete de moun andeyò kòmkidire se pa nan peyi a ke yo ye, se pa ayisyen yo ye. Menm nan batistè, lontan, kounyeya sa preske efase, yo kategorize yo, si moun nan fèt an pwovens yo ekri nan batistè-l peyizan, si li fèt lavil li se sitaden se tankou nou ta di se yon etikèt, se yon kat make, se yon moun ki pa gen dwa ni jwi okenn privilèj nan peyi a.

E poutan, yo gen tout enpòtans yo, san yo menm motè lavi-a gen lontan sa li tap sispann mache paske se yo ki konsanti leve bonè, pran djakout yo ak manchèt koulin yo pou al sakle, plante, wouze depi-m maten jis aswè yap sòti nan jaden pou fè tè a pwodwi, pou manje pouse nan sezon li. Desann lavi-l fè madan sara sou do bèt ou byen riske vi yo sou do kamyon pou pote vann ti sa ak bout zong yo te redi plante.

Lè ou ale nan yon seri de kote nan peyi-a, se tris pou wap gade kòman moun sa yo ap viv, tout kalite kalamite yap pase. Soley la cho nan zo bwa tèt yo, pousyè finn manje yo, pa gen dlo pou wouze jaden, ni pou bay bèt yo bwè, e se travay laté, gade bèt ki sèl resous yo, se sèl mwayen yo genyen pou yo viv. Leta pa janm voye je gade peyizan yo, yo pito kraze yo, eksplwate fòs kouray yo. Alòske yon bann moun nan leta kit se enjenyè, agwonòm, doktè, enfimyè, avoka, eksetera se pitit peyizan ke yo ye.

lè nou poze tèt nou kesyon, eske se vre gen moun lavil ? eske distinksyon moun lavil, moun andeyò, moun nan mòn ke yo etabli depi lontan ki lakòz andedan peyi nou san prejije sa kap koule nan venn nou ki fè-n pa gade lòt la pou anyen an, di li gwo soulye, pase-l nan betiz lè la-p pale eske-l gen rezon pou-l ekziste ?

Nou se pitit yon bann esklav yo te depòte sòti nan tè Lafrik. Zansèt nou yo se tè yo tap travay nan chan kann, kakao, koton ak pit pou anrichi blan e se lakòz move tretman, prejije ak diskriminasyon yo tap sibi ki fè yo te leve kanpe pou di non, se twòp sa pa ka kontinye. Alòs, la nou ka wè ke kenbe prejije kont pwòp frè nou, pwòp san nou se yon bagay ki pa nòmal e se sa kap kraze nou, se sa pou nou eseye konbat nan sosyete nou an.

Menm si yon moun ta fèt pòtoprens, li grandi pòtoprens, l’al lekòl pòtoprens tout afè ou se ta nan kapital la ou ta regle-l ou gen rasin ou nan fon andeyò kote aryè gran grann ou, aryè gran gran papa w te sòti a. Dayè depi nan kòmansman Bondye kreye latè ak tout sa ki ladan li, li plante pyebwa ak tout kalite fwi epi li kreye lòm, nan koute konsey satan lòm dezobeyi, Bondye kondane li pou li travay di ak swe li pou li fè tè a pwodwi manje pou nouri madanm li ak pitit li .

La li klè ke de pi nan labib premye paran nou yo se te peyizan ke yo te ye , dayè Bondye an premye se yon peyizan. Se pa yon kesyon de moun andeyò, moun lavil, se yon kesyon ki santre inikman sou<moun> sal ka fè, entèlijans li, kapasite li, kelkeswa klas li, sitirasyon li kotel sòti, sa pa enpòtan.

Nou dwe pran konsyans, reflechi pou nou wè sa nou ta fè pou tè sa ki se kanè bank nou, kofrefò nou. Bay peyizan yo bon jan zouti pou yo travay, ankadre yo, ba yo mwayen pou yo wouze jaden, mete ponp ak bon sistèm irigasyon pou yo jwenn dlo lè lapli pa tonbe.

Sa ap pèmèt yo pa kite lokalite kote yo ye a pou vinn gonfle lavil nan fè vye djob ki lakòz yo meprize yo pi plis toujou alòske yo kite yon bann tè ap gaspiye san travay nan peyi yo. Se sitirasyon ki fè aksyon, men aksyon nou nan jan mizè pa sispann vale teren nan peyi a dwe konsantre pi plis pou devlope agrikilti ki se youn nan pi bon zouti devlopman kap pèmèt Ayiti sòti nan tou sa li tonbe a.

Nou dwe mennen bon jan aksyon pou chanje sitirasyon peyizan yo ki se grann nou, manman nou, papa nou. Kase kòd prejije, sispann gade yo sou kote. Li ta bon tou pou timoun yo ki desann lavil ta pran abitid retounen nan vil pwovens yo al ede paran yo travay latè paske gen anpil ladan yo ki finn granmoun, de pla men yo rèd, yo plwaye anba doulè, yo pa ka plante. Fòk gen la relèv mezanmi ! si nou konplekse nou pap rive !

Yon bann ti jèn gason, ti jèn fi ki pap regle anyen nan kapital la, pase lage kò yo nan libètinaj e lè yo jwenn ak zo grann yo ki kote yo tounen al repare wont yo, nan peyi yo.

Alòs peyizan an, pitit peyizan an, se mwen , se ou, se nou, se tout ayiti. Ann chanje fizi nou sou zèpòl nou pou pita pa vinn pi tris toujou ke jan-l ye a.

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : mercredi 16 février 2011 21:25
par Futé
Ti Mannno te gen yo chnate kit e di < si pwovens pa desann, capital pa manje> e nan reyalite lakay nou se gwo verite.
M konnen sa a, youn LP ki rele "Gemini All Stars de Ti Manno", ak moso a:

Code : Tout sélectionner

face A: 1) Sort Tiers Monde
        2) Neg kont neg

face B: 1) Nan danjé
        2) Maria
        3) Prekotion
M renmen tout moun ki kapab di non, ki kapab sipote realite, ki kont teat gwo tet a fe. Respe!

Kenbe l fo!

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : mercredi 23 février 2011 19:23
par kelita
mèsi anpil Futé

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : jeudi 24 février 2011 03:38
par kenn
Si yo mande wou : Es keu haiti pa produi pies gro bon neg apre 1950, pa blie di yo keu wi. Leur yon moun ka chonje Ti-manno, leur ou ka koute y ou ka fier des keu ou se haitien ou ye; ou temet te gen 8%, 25%, 50% obien 100%. Li, i se te fierte a jenerasion a li !

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : dimanche 06 mars 2011 19:18
par Futé
Gen you sit twal pou Ti Manno, ou met gade isit
http://www.ti-manno.com

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : dimanche 06 mars 2011 19:28
par Futé
Sou sit sa a,
Futé a écrit :Gen you sit twal pou Ti Manno, ou met gade isit
http://www.ti-manno.com
gen pawol "Sort Tiers Monde", men ni

Code : Tout sélectionner

Sort Tiers Monde

De jouanjou lavi plu difficile
Menm gwo péyi endustriyalizé
Ap travèsé de gwo pwoblem
Dan la vi a sé pou chak moun louvri déjé w byen gran
Pou ou sa wè ki koté ou vlé rivé
Fo pa kité twota baréw
Pou di sim té konnen
Paskè chiemen la vi li long li lawj
Le temps perdu ne se rattrap’ra jamais

Nou fè pawti du 1/3 Mond
Sa vlé di péyi plu pov dan le mond
Koté n manké tou sa n bezwen pou nou viv
N abandoné pwop kultu pan ou
Pou n adopté tou sa ki sot deyo
Nap viv ak on konpleks denfériorité
Parti pris, zuzutur, konsepsyon san zobjektivité
Sewk fewmé, club privé, swadizan distinction de classe
Anpéché unité, égalité, fraternité
Tout moun konpleksé, tout moun sou manti
Palé fransé vin tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa ki koz yon séri de pwofesyon
A rivé menm pedu valeuw

Gemini All Stars ap tounen Konpa
Origninal x 3

Tout moun konpleksé tout moun sou manti
Palé fransé vini tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa ki fè kon séri de pwofesyon
Ki pedu valeuw

X2

Gen yon séri de moun enstwi, men yo san zédukasyon
Yo fè nèg métyé tounen machpyé pou yo kanpé
Sa fè on pil ti nèg touné domestik pou y achté ran sosyal
O lyeu ya’l aprann yon métyé pou util tèt y util péyi yo

Tout moun konpleksé tout moun sou manti
Palé fransé vini tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa k fè yon séri de pwofesyon
Ki pedu valeuw

Lèw rantré nan univewsité tout moun pasé nan menm pot
Sa fini pou mécanique, sa fini pou la musique
Sa fini pou la peinture, sa fini pou la sculpture
Sa fini pou la medecine, Sé sa ki rélé univewsité

Tout moun konpleksé tout moun sou manti
Palé fransé vini tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa k fè kon séri de pwofesyon
Ki pedu valeuw

Tout moun konpleksé tout moun sou manti
Palé fransé vin tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa ki koz yon séri de pwofesyon
Ki pedu valeuw

Gen yon séri de moun enstwi, men yo san zédukasyon
Yo fè nèg métyé tounen machpyé pou yo kanpé
Sa fè on pil ti nèg touné domestik pou y achté ran sosyal
O lyeu ya’l aprann yon métyé pou util tèt y outil péyi yo

Tout moun konpleksé tout moun sou manti
Palé fransé vin tounen métyé
Yo konfonn fakulté ak univewsité
Sé sa k fè kon séri de pwofesyon
Ki pedu valeuw

Lèw rantré nan univewsité tout moun pasé nan menm pot
Sa fini pou mécanique, sa fini pou la musique
Sa fini pou la medecine, sa fini pou la sculpture
Sa fini pou la jéni, Sé sa ki rélé univewsité
Source: ti-manno.com, - (copy & paste)

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : dimanche 06 mars 2011 19:35
par Futé
Futé a écrit :Gen you sit twal pou Ti Manno, ou met gade isit
http://www.ti-manno.com
Men ni pawol moso "Nan danjé"

Code : Tout sélectionner

Nan danjé

Nou sé premyé pep nwa endépandan du mond
Sak koz kè nou gen on pil annyui
Sak koz kè n gen on pil ènemi
Lè nou arivé fin pran lendépandans
Tout moun ap pé kritiké
Men sé nou menm ki sové on pil lot pep

Menm Lèzétazuni ki premyé pyusans du mond
Nou ta rivé édé l pou l pran lendépandans
Lè n fini nou sové Vénézwéla
Nou édé la Bolivi nou libéré le Pérou
Malgré tou kom rékompans yo chouté nou a koud pyé
Douvan la mizè péyi nou fè k sèvi nou de juwman
Sa sé yon kwa ke na p poté
Si nou té chita gadé tèt nou seulmann, nou pa tap janm an reta
Si nou pa twop ospitalyé nou pa tap jan ap soufri
Malgré tou sa nou pa janm regret tout byen nou fè nan vi nou
Menm si nou pa rich nou sé yon peup ki gen on pil loneu

Li pa janm fin twota pour yon moun fè sa ki bon nan viw
Ayiti sé péyi pa nou, kolé zépol pousé l monté
Ayisyen men dan la men, si n gen kouraj na va rivé
Si n gen lunyon na va rivé, si n gen volonté na rivé

Na rivé x 3

Si n vé rivé fo nou travay pou n rivé, na rivé
Si n vé rivé, fo n gen tèt ansanm pou n rivé, na rivé
Si n vé rivé, fo n gen lunion pou n rivé, na rivé
Fo k nou travay x 2 fo n travay pou rivé
Fo k nou travay x 5
Kolé kolé x…..

Nou pa janm regret tout byen nou té fè nan vi nou
LaBib la li menm li diw « Aidonsnous
les uns les autres »
Tou sa nou té fè nou pap janm regret x2
Aprè n lavé men nou si la tè
Tou sa n fè pa janm ban nou résipwosité

Koté n pasé n gen pwoblem, nan danjé, Koté n pasé nan danjé,
Nou rivé Mayami, nan danjé, Rivé Nouyowksiti nan danjé
Travewsé Chikago, nan danjé, Nou rivé Fowalen nan danjé
Rivé nan Kampwonn, nan danjé Ayisyen Gyuyan fransèz nan danjé
Nou rivé Surinam, nan danjé, rivé la Mawtinik, nan danjé
Travewsé laGwadloup, nan danjé, Monréyal Kanada nan danjé
Tout koté nou pasé, nan danjé, janbé Vénézwéla nan danjé, nan danjé

Travewsé o Pérou nan danjé, janbé la Bolivi, nan danjé
La Dominikani nan danjé, nou monté Trinidad, nan danjé
Tout koté nou pasé,

26 désanm 81 sa mwen m pasa palé
Nan lakou Mayami tout moun gen dlo nan jé
Na p gadé ayisyen paré yon blan ap fè chyen dévoré
Semenn dewnyew Guyan fransèz sé menm bagay
Sé a koud pyé yo shouté ayisyen
Mété n deyo Surinam menm bagay
Koté n pasé gen pwoblem, nan danjé, koté n pasé nan danjé, nan danjé
Yo antré lakay nou lè yo vlé, nan danjé yo soti lè yo vlé, nan danjé
Nou menm le pou nou alé,
Sé on pil pwoblèm yon pil démawch, nan danjé, avek umilyasyon, nan danjé

Koté n pasé nou gen pwoblem, nan danjé, koté n pas
Koté n pasé n nan danjé, nan danjé
Tout koté nou rivé, nan danjé
Ayisyen o Pérou, nan danjé, Ayisyen Bolivi, nan danjé
Ayisyen Etazuni, nan danjé,
Tounen lakay x3

Tounen lakay, fo n retounen lakay x 8

Tounen lakay, fo n retounen lakay
Vinn bay koud men
Tounen lakay, fo n retounen lakay
Pou n tounen ak la vi
Pou wè si nap monté plu wo
Tounen lakay, fo n retounen lakay
Vin travay la tè
Tounen lakay, fo n retounen lakay
I lè pou n kolé tet ansanm
Tounen lakay, fo n retounen lakay
Pou Ayiti monté plu wo

Ayiti!!

Re: peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti

Publié : lundi 07 mars 2011 18:26
par kelita
mwen wè ke ou byen konnen ti manno. Se yon chantè ke mwen apresye anpil pou mizik li yo ki pale anpil pawòl verite ki pèmèt moun reflechi sou kondisyon lavi Ayisyen ak sou kôman pou nou mete tèt nou ansanm pou nou rive tout bon vre chanje sitirasyon peyi nou, ki pa lòt ke Ayiti.

Jiska prezan, mizik sa yo toujou rete vivan nan memwa yon bann Ayisyen kap panse pou peyi a ta reprann wout renmen youn pou lòt, wout verite ke lenmi lapè ak demokrasi pa renmen. Yo ta toujou vle pou mizè a rete jan li ye la, pou yo toujou ap fè lajan sou tèt ti malere ak ti malerèz kap penpennen.

Gen lot chante ki pale sou siklòn David ki te pase nan peyi d'Ayiti ki te fè anpil dega. lè saa se te aletranje ke li te ye lè li te konpoze mizik sa. Gen yon lòt chante mwen renmen anpil tou ki pale sou santiman: paran ki lage pitit yo bay yon nèg ke timoun nan pa renmen, mwen bliye tit chante sa, li bèl anpil.

Gen lòt chantè ak lòt gwoup mizikal ki konpoze bèl teks tou tankou frè Dejan, Skacha nimewo 1, septentrional, tropikana eksetera. Mwen menm mwen renmen mizik pa ninpòt ki mizik, men sa ki pale verite, sa yo lè ou tande yo ou kapab tire yon bagay. Kounyeya preske pa gen ekzanp sa yo ankò moun konpoze ninpòt bagay, se voye monte epi anyen sa ki pi rèd la radyo jwe yo e se sa ki fè de jou an jou bon manyè yo prale e lè ou kale je w ou pa wè anyen ki rete. Mwen di ou mèsi pou sit ti manno a ou ban mwen an, sa fè m plezi. Mèsi anpil