peyizan, klas moun yo pi meprize nan peyi d'Ayiti
Publié : mercredi 16 février 2011 19:10
Gen yon gwo chantè ke anpil ayisuen te renmen yo te rele-l ti manno. Yo te renmen misye pou mizik li yo kite genyen anpil pawòl verite kite konn fè moun refllechi. Ti Mannno te gen yo chnate kit e di < si pwovens pa desann, capital pa manje> e nan reyalite lakay nou se gwo verite. Kilès kap viv nan vil pwovens nou yo ? E byen se moun sa yo yo rele peyizan an.
Moun sa yo ke yo pa respekte, moun sa yo ke yo meprize, ke yo trete de moun andeyò kòmkidire se pa nan peyi a ke yo ye, se pa ayisyen yo ye. Menm nan batistè, lontan, kounyeya sa preske efase, yo kategorize yo, si moun nan fèt an pwovens yo ekri nan batistè-l peyizan, si li fèt lavil li se sitaden se tankou nou ta di se yon etikèt, se yon kat make, se yon moun ki pa gen dwa ni jwi okenn privilèj nan peyi a.
E poutan, yo gen tout enpòtans yo, san yo menm motè lavi-a gen lontan sa li tap sispann mache paske se yo ki konsanti leve bonè, pran djakout yo ak manchèt koulin yo pou al sakle, plante, wouze depi-m maten jis aswè yap sòti nan jaden pou fè tè a pwodwi, pou manje pouse nan sezon li. Desann lavi-l fè madan sara sou do bèt ou byen riske vi yo sou do kamyon pou pote vann ti sa ak bout zong yo te redi plante.
Lè ou ale nan yon seri de kote nan peyi-a, se tris pou wap gade kòman moun sa yo ap viv, tout kalite kalamite yap pase. Soley la cho nan zo bwa tèt yo, pousyè finn manje yo, pa gen dlo pou wouze jaden, ni pou bay bèt yo bwè, e se travay laté, gade bèt ki sèl resous yo, se sèl mwayen yo genyen pou yo viv. Leta pa janm voye je gade peyizan yo, yo pito kraze yo, eksplwate fòs kouray yo. Alòske yon bann moun nan leta kit se enjenyè, agwonòm, doktè, enfimyè, avoka, eksetera se pitit peyizan ke yo ye.
lè nou poze tèt nou kesyon, eske se vre gen moun lavil ? eske distinksyon moun lavil, moun andeyò, moun nan mòn ke yo etabli depi lontan ki lakòz andedan peyi nou san prejije sa kap koule nan venn nou ki fè-n pa gade lòt la pou anyen an, di li gwo soulye, pase-l nan betiz lè la-p pale eske-l gen rezon pou-l ekziste ?
Nou se pitit yon bann esklav yo te depòte sòti nan tè Lafrik. Zansèt nou yo se tè yo tap travay nan chan kann, kakao, koton ak pit pou anrichi blan e se lakòz move tretman, prejije ak diskriminasyon yo tap sibi ki fè yo te leve kanpe pou di non, se twòp sa pa ka kontinye. Alòs, la nou ka wè ke kenbe prejije kont pwòp frè nou, pwòp san nou se yon bagay ki pa nòmal e se sa kap kraze nou, se sa pou nou eseye konbat nan sosyete nou an.
Menm si yon moun ta fèt pòtoprens, li grandi pòtoprens, l’al lekòl pòtoprens tout afè ou se ta nan kapital la ou ta regle-l ou gen rasin ou nan fon andeyò kote aryè gran grann ou, aryè gran gran papa w te sòti a. Dayè depi nan kòmansman Bondye kreye latè ak tout sa ki ladan li, li plante pyebwa ak tout kalite fwi epi li kreye lòm, nan koute konsey satan lòm dezobeyi, Bondye kondane li pou li travay di ak swe li pou li fè tè a pwodwi manje pou nouri madanm li ak pitit li .
La li klè ke de pi nan labib premye paran nou yo se te peyizan ke yo te ye , dayè Bondye an premye se yon peyizan. Se pa yon kesyon de moun andeyò, moun lavil, se yon kesyon ki santre inikman sou<moun> sal ka fè, entèlijans li, kapasite li, kelkeswa klas li, sitirasyon li kotel sòti, sa pa enpòtan.
Nou dwe pran konsyans, reflechi pou nou wè sa nou ta fè pou tè sa ki se kanè bank nou, kofrefò nou. Bay peyizan yo bon jan zouti pou yo travay, ankadre yo, ba yo mwayen pou yo wouze jaden, mete ponp ak bon sistèm irigasyon pou yo jwenn dlo lè lapli pa tonbe.
Sa ap pèmèt yo pa kite lokalite kote yo ye a pou vinn gonfle lavil nan fè vye djob ki lakòz yo meprize yo pi plis toujou alòske yo kite yon bann tè ap gaspiye san travay nan peyi yo. Se sitirasyon ki fè aksyon, men aksyon nou nan jan mizè pa sispann vale teren nan peyi a dwe konsantre pi plis pou devlope agrikilti ki se youn nan pi bon zouti devlopman kap pèmèt Ayiti sòti nan tou sa li tonbe a.
Nou dwe mennen bon jan aksyon pou chanje sitirasyon peyizan yo ki se grann nou, manman nou, papa nou. Kase kòd prejije, sispann gade yo sou kote. Li ta bon tou pou timoun yo ki desann lavil ta pran abitid retounen nan vil pwovens yo al ede paran yo travay latè paske gen anpil ladan yo ki finn granmoun, de pla men yo rèd, yo plwaye anba doulè, yo pa ka plante. Fòk gen la relèv mezanmi ! si nou konplekse nou pap rive !
Yon bann ti jèn gason, ti jèn fi ki pap regle anyen nan kapital la, pase lage kò yo nan libètinaj e lè yo jwenn ak zo grann yo ki kote yo tounen al repare wont yo, nan peyi yo.
Alòs peyizan an, pitit peyizan an, se mwen , se ou, se nou, se tout ayiti. Ann chanje fizi nou sou zèpòl nou pou pita pa vinn pi tris toujou ke jan-l ye a.