Nwèl lafyant

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
zabulon
New entry
New entry
Messages : 2
Inscription : dimanche 05 décembre 2010 02:39

Nwèl lafyant

Message par zabulon »

Nwèl lafyant

Nwèl lafyant
Pou yon pèp k ap trimen anba tant
Nan respire tout move sant

Nwèl lafyant
Pou tout papa ki nan toumant
Ki pa kap bay pitit yon mant

Nwèl lafyant
Pou tout manman ki gen doulè nan vant
Akoz yo trennen twòp sou jant

Nwèl lafyant
Pou yon kolòn jenn matant
Ki pa kap mete pèmanant

Nwèl lafyant
Pou tout ti bòs chapant
Ki refijye nan vye mazi plen fant

Nwèl lafyant
Pou tout raketè san patant
Ki met Ayiti alavant

Nwèl lafyant
Pou tout moun ki pran tanjant
Olye yo chache yon antant

Pa tann de mil senkant
Pou peyi a al sou pant
Ak yon bon beny Sous Pyant
Nwèl ap sispan lafyant


Miguel Dumay
Desanm 2010
Répondre