Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
Publié : dimanche 12 décembre 2010 20:46
Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
Eleksyon gagòt
Nan yon demokrasi wòwòt
KÈP la lote vòt
Pou zòt
Pou li ka fè dyapòt
Tankou lè Kòkòt
Blayi bannann gwòsbòt
Ak panyen kawòt
Nan mache Seradòt
Kandida lapòpòt
Kontinye fè lamayòt
Dèyè yon pouvwa tòtòt
Y ap gade nan chanmòt
LONI mande kòwòt
Pou korije tout fòt
Tankou lè Chalòt
Ap grate kras plòt
Nan yon chay vye kilòt
Pèp ayisyen pran bòt
Tout atoufè tichòt
Ki pran l pou nèg sòt
Nan vle fè l vale glòt
Yon rezilta kraze kòt
Pandan l anba gwo kalòt
Kolera ki tabli l devan tout pòt
Alòske MINUSTHA anbiskay nan papòt
Pou l ka garanti tout enterè matlòt
Miguel Dumay
Desanm 2010
Eleksyon gagòt
Nan yon demokrasi wòwòt
KÈP la lote vòt
Pou zòt
Pou li ka fè dyapòt
Tankou lè Kòkòt
Blayi bannann gwòsbòt
Ak panyen kawòt
Nan mache Seradòt
Kandida lapòpòt
Kontinye fè lamayòt
Dèyè yon pouvwa tòtòt
Y ap gade nan chanmòt
LONI mande kòwòt
Pou korije tout fòt
Tankou lè Chalòt
Ap grate kras plòt
Nan yon chay vye kilòt
Pèp ayisyen pran bòt
Tout atoufè tichòt
Ki pran l pou nèg sòt
Nan vle fè l vale glòt
Yon rezilta kraze kòt
Pandan l anba gwo kalòt
Kolera ki tabli l devan tout pòt
Alòske MINUSTHA anbiskay nan papòt
Pou l ka garanti tout enterè matlòt
Miguel Dumay
Desanm 2010