Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
Eleksyon gagòt
Nan yon demokrasi wòwòt
KÈP la lote vòt
Pou zòt
Pou li ka fè dyapòt
Tankou lè Kòkòt
Blayi bannann gwòsbòt
Ak panyen kawòt
Nan mache Seradòt
Kandida lapòpòt
Kontinye fè lamayòt
Dèyè yon pouvwa tòtòt
Y ap gade nan chanmòt
LONI mande kòwòt
Pou korije tout fòt
Tankou lè Chalòt
Ap grate kras plòt
Nan yon chay vye kilòt
Pèp ayisyen pran bòt
Tout atoufè tichòt
Ki pran l pou nèg sòt
Nan vle fè l vale glòt
Yon rezilta kraze kòt
Pandan l anba gwo kalòt
Kolera ki tabli l devan tout pòt
Alòske MINUSTHA anbiskay nan papòt
Pou l ka garanti tout enterè matlòt
Miguel Dumay
Desanm 2010
Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
-
- 100 Posts
- Messages : 148
- Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
- Localisation : Florida, USA
- Contact :
Re: Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
Kowòt kandida wòwòt ak fo patriyòt nan eleksyon lamayòt 2015 ki touprè nan papòt la, pral resevwa menm nòt. Zòt ap kwape bòt yo e se sitwayen dan rachòt nan kòkòt Zòt kap genyen plis vòt.
BON TRAVAY , MIGUEL
BON TRAVAY , MIGUEL
Je ne vise personne en particulier
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Re: Ayiti : Eleksyon gagòt 2010
Merci pour la partage des informations.
__________________________________
etui galaxy s6 coque galaxy s6 edge
__________________________________
etui galaxy s6 coque galaxy s6 edge